Nouvo Testaman 2023
7–13 Out. Women 1–6: “Pouvwa Bondye pou Sali“


“7–13 Out. Women 1–6: ‘Pouvwa Bondye pou Sali’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“7–13 Out. Women 1–6,” Vini, Jwenn Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Pòl k ap ekri yon epit

7–13 Out

Women 1–6

“Pouvwa Bondye pou Sali“

Ekri enpresyon w resevwa yo ap ede w sonje sa Lespri a ap anseye ou. Sonje pou w ekri kijan w santi w lè w resevwa enspirasyon sa yo tou.

Ekri Enpresyon w yo

Nan epòk Pòl te ekri epit li a pou manm yo nan Legliz Womèn nan, ki sete yon gwoup Juif ak Janti melanje, Legliz Jezikri a te grandi depase sa k te yon ti gwoup kwayan nan Galile yo. Anviwon 20 ane apre Rezirèksyon Sovè a, te gen kongregasyon kretyen prèske tout kote Apot yo te ka rezonableman vwayaje ale—enkli Wòm, kapital yon wayòm puisan. Men, konpare ak etandi wayòm Women an , Legliz la te piti e souvan fè objè pèsekisyon. Nan kondisyon sa a, kèk moun gendwa santi yo “wont de levanjil la”—men se pa t Pòl. Li te konnen epi temwaye ke vrè pouvwa, “pouvwa Bondye pou sali” a, se nan levanjil Jezikri a nou jwenn ni (Women 1:16).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kisa Epit yo ye e kijan yo te òganize?

Epit yo se lèt dirijan Legliz yo te ekri pou Sen yo nan diferan kote nan mond lan. Apot Pòl te ekri pifò epit nan Nouvo Testaman yo—kòmanse avèk Women epi fini avèk Ebre. Epit li yo te òganize selon longè, eksepte pou Ebre yo (gade Diksyonè Bib la, “Pauline Epistles”). Byenke Women se premye epit nan Nouvo Testaman an, Pòl te ekri l prèske nan fen vwayaj li yo.

Women 1-6

“Moun jis la pral viv pa lafwa.”

Definisyon sa yo ka petèt pi byen ede w konprann Epit Pòl te voye bay Women yo:

Lwa a:Lè Pòl te pale de “lwa a,” li t ap fè referans ak lwa Moyiz la. Mo “zèv yo” lnn ekri Pòl yo fè referans ak aksyon sipèfisyèl yo asosye avèk lwa Moyiz yo. Anvizaje kijan lwa Moyiz la ak zèv yo ki egzije selon li diferan de “lwa lafwa a” ki dekri nan Women 3:23–31.

Sikonsizyon, ensikonsizyon:Nan tan ansyen an, sikonsizyon sete yon siy oubyen yon senbòl sou alyans Bondye te fè avèk Abraram. Pòl te itilize tèm “sikonsizyon” an pou fè referans ak Juif yo(pèp alyans la) epi tèm “ensikonsizyon” poufè referans a Janti yo. Medite sou sa Jan 2:25–29 anseye konsènan sa li vrèman vledi pou vin pèp alyans Bondye a. Sikonsizyon pa nesesè ankò kòm siy alyans Bondye avèk pèp li a (gade Travay 15:23–29).

Jistifikasyon, jistifye, te jistifye:Tèm sa yo fè referans a remisyon, oubyen padon, pou peche. Lè nou jistifye, nou jwenn padon, deklare nou inosan, epi libere anba chatiman etènèl pou peche nou yo. Lè ou wè tèm sa yo, note kisa Pòl te anseye konsònan sa ki rann jistifikasyon posib (gade Gid Ekriti yo, “Jistifikasyon, Jistifye,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; D. Todd Christofferson, “Jistifikasyon ak Sanktifikasyon,” Ensign, Jen 2001, 18–25). Nan Women, nou ka konsidere mo tankou “jis” ak “lajistis” yo kòm sinonim pou mo “jis” ak “jistifikasyon” yo.

Gras.Gras se “èd oswa fòs … divin, nou resevwa atravè mizèrikòd jenere ak lanmou Jezikri.” Pa lagras, tout moun ap resisite epi y ap resevwa imòtalite. Epitou, “gras se yon pouvwa abilitan ki pèmèt gason ak fi yo kenbe fèm jis nan lavi etènèl ak egzaltasyon apre yo fin ki pèmèt gason ak fi akwoche yo nan lavi etènèl ak egzaltasyon apre yo fin epuize tout efò yo kapab.” Nou pa resevwa gras poutèt efò nou yo, okontrè, se gras ki ba nou “fòs ak asistans pou fè bon zèv yo ke otreman [nou] pa t ap gen posiblite pou mentni” (Diksyonè Bib la, “Gras”; gade tou 2 Nefi 25:23; Dieter F. Uchtdorf, “Don Lagras yo,” Lyawona, Me 2015, 107–10; Brad Wilcox, “Gras Li Sifi,” Lyawona, Sept. 2013, 43–45). Pandan w ap li Women an, ekri sa w aprann konsènan gras a Sovè a?

Women 2:17–29

Aksyon m ta dwe reflete ak ogmante konvèsyon mwen.

Kèk nan Kretyen Juif nan Wòm yo aparaman te toujou kwè ke rit ak rityèl yo nan lwa Moyiz la te pote sali. Sa gen dwa sanble tankou yon pwoblèm ki pa egziste ankò paske nou pa p viv sou lwa Moyiz la. Men, pandan w ap li ekri Pòl yo, espesyalman Women 2:17–29, panse a pwòp efò pa w pou w viv levanjil la. Èske pèfòmans eksteryè yo, tankou pran sentsèn nan oubyen ale nan tanp, apwofondi konvèsyon w epi fòtifye lafwa w nan Kris la? (gade Alma 25:15–16). Èske gen yon bagay ou ta dwe chanje pou aksyon eksteryè ou mennen nan yon chanjman nan kè ou?

Gade tou Dallin H. Oaks, “Defi Pou Nou Chanje a”,” Lyawona, Nov. 2000, 32–34.

Women 3:10–315

Gras ak Jezikri, m ka jwenn padon pou peche mwen.

Gen kèk moun ki ka santi yo dekouraje poutèt deklarasyon klè Pòl ki di “pa gen okenn moun ki jis, non, okenn mounki pa jis” (Women 3:10). Men gen mesaj espwa nan liv Women an tou. Chèche yo nan chapit 3 ak 5, epi reflechi sou rezon ki fè sonje ke “tout moun peche, epi yo tout prive de laglwa Bondye” a (Women 3:23) se yon etap enpòtan nan aprann pou nou “rejwi ak esperans” atravè Jezikri (Women 5:2).

Women 6

Jezikri a envite m pou m “mache nan yon nouvo lavi.”

Pòl te anseye ke levanjil Jezikri a ta dwe chanje fason n ap viv. Ki deklarasyon nan Women 6 ki dekri kijan suiv Sovè a te ede w “mache nan yon nouvo lavi”? (vèsè 4).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Women 1:16–17.Kijan nou ka montre ke nou “pa wont pou levanjil Kris la”?

Women 3:23–28.Lè w li vèsè sa yo, ou gendwa diskite diferans ant “merite” gras Bondye, ke nou pa ka janm fè, ak resevwa li, sa ke nou dwe fè. Kilè nou konn santi gras Bondye? Kijan nou ka resevwa li pi konplètman?

Women 5:3–5.Ki tribilasyon nou te travèse? Kijan tribilasyon sa yo te ede nou devlope pasyans, eksperyans, ak esperans?

Women 6:3–6.Kisa Pòl te di nan vèsè sa yo konsènan senbòl batèm nan? Petèt fanmi w ka planifye pou yo asiste yon batèm ki gen pou fèt. Oubyen yon moun nan fanmi an ka montre foto oubyen rakonte souvni sou batèm ni. Kijan fè ak kenbe alyans batèm nou ede nou “mache nan yon nouvo lavi”?

Imaj
yon mesye k ap batize yon lòt nan yon lak

Batèm senbolize kòmansman yon nouvo lavi antanke disip Kris la.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere: “Le jour de mon baptême,” Chants pour les Enfants, 53.

Amelyore Etid Pèsonèl

Poze kesyon pandan w ap etidye. Pandan w ap etidye ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri ou. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pou yo. Pa egzanp, nan Women 1–6 ou ta ka chèche repons pou kesyon “Kisa lagras ye?” a.

Imaj
Kris soulve yon jènfi soti nan yon kouran dlo

Pa pè, pa Greg K. Olsen