Nouvo Testaman 2023
8–14 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: “Kisa M Manke Ankò?”


“8–14 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa M Manke Ankò?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“8–14 Me. Matye 19-20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
travayè nan jaden an

8–14 Me

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Kisa m manke ankò?

Li epi medite sou Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18, pandan w ap pote atansyon sou enpresyon w resevwa yo. Pran nòt enspirasyon sa yo, epi deside kijan w pral suiv yo.

Ekri Enpresyon w yo

Si w te gen opòtinite pou w te poze Sovè a yon kesyon, kisa l t ap ye? Lè yon sèten jenòm rich te rankontre Sovè a pou premye fwa, li te mande l: “Kisa pou m fè pou m ka gen lavi etènèl?” (Matye 19:16). Repons Sovè a te montre apresyasyon pou bon bagay jenòm sa a te deja fè ak ankourajman plen lanmou pou l fè plis. Lè nou medite sou posiblite lavi etènèl la, nou gendwa mande tèt nou tou si nou pa ta dwe ap fè plis. Lè nou mande, nan fason pa nou, “Kisa m manke ankò?” (Matye 19:20), Senyè a ka ba nou repons ki tout osi pèsonèl ke repons li te bay jenòm rich la. Kèlkeswa sa Senyè a mande nou pou n fè, aji selon repons li ap toujou mande pou nou gen konfyans nan li plis pase nou gen konfyans nan pwòp lajistis pa nou (gade Lik 18:9–14) epi pou nou “resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti” (Lik 18:17; gade tou 3 Nefi 9:22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 19:3–9; Mak 10:2–12

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

Konvèsasyon ant Sovè a ak Farizyen yo se youn nan kèk ra konvèsasyon yo ekri kote Sovè a te anseye espesifikman sou maryaj. Lè w fin li Matye 19:3–9 ak Mak 10:2–12, fè yon lis plizyè deklarasyon ou santi k rezime pwendvi Senyè a sou maryaj. Apresa, etidye kèk nan resous yo ki nan “Maryaj” (Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org), epi ajoute plis deklarasyon nan lis ou a. Kijan konesans ou sou plan sali Papa a afekte fason w panse ak fason w santi w konsènan maryaj?

Matye 19:3–9; Mak 10:2–12

Èske Jezi te anseye ke divòs pa janm akseptab oubyen moun divòse pa ta dwe remarye?

Nan yon diskou konsènan divòs, Èldè Dallin H. Oaks te anseye ke Pè Selès la vle pou relasyon maryaj la etènèl. Toutfwa, Bondye konprann tou ke pafwa divòs nesesè. Èldè Oaks te eksplike ke Senyè a “pèmèt moun ki divòse marye ankò san yo pa takse yo de imoralite yo spesifye nan lwa siperyè a. Sof si yon manm divòse ta komèt transgresyon grav, li ka elijib pou yon rekòmandasyon tanp selon menm prensip diyite yo aplike pou lòt manm yo (“Divòs,” Lyawona,Me 2007, 70).

Matye 19:16–22; Mak 10:17–22; Lik 18:18–23

Si m mande Senyè a, l ap anseye m sa m bezwen fè pou m eritye lavi etènèl.

Istwa jenòm rich la ka fè menm yon disip veteran fidèl reflechi. Pandan w ap li Mak 10:17–22, ki prèv ou jwenn sou fidelite ak senserite jenòm nan? Kijan Senyè a te santi l anvè jen gason sa a?

Resi sa a ka pouse nou mande, “Kisa m manke ankò?” (Matye 19:20). Kijan Senyè a ede nou ranplase sa nou manke? (gade Etè 12:27). Kisa nou ka fè pou prepare tèt nou pou aksepte koreksyon Li epi èd lè n ap chèche pou amelyore?

Gade tou Larry R. Lawrence, “Kisa m manke ankò?”,” Lyawona, Nov. 2015, 33–35; S. Mark Palmer, “Apresa Jezi Gade Li Renmen Li,” Lyawona, Me 2017, 114–16.

Matye 20: 1–16

Tout moun ka resevwa benediksyon lavi etènèl, kèlkeswa lè yo aksepte levanjil la.

Èske w ka mete w nan plas youn nan ouvriye yo nan jaden rezen an? Ki leson w jwenn pou tèt ou nan pasaj sa a? Mesaj Èldè JeffreyR. Holland nan “Travayè nan jaden rezen an”” (Lyawona, Me 2012, 31–33) ka ede w wè nouvo fason pou w aplike parabòl sa a. Ki enspirasyon adisyonèl Lespri a ba ou?

Imaj
mesye enb ak Farizyen

Pibliken ki te repanti a ak Farizyen ki t ap jistifye tèt li a nan tanp lan,, pa Frank Adams

Lik 18:9–14

Mwen ta dwe gen konfyans nan mizerikòd Bondye, non pa nan pwòp jistis pa mwen.

Kijan w ta rezime diferans ant de priyè yo nan parabòl sa a? Medite sou sa w santi w ta dwe fè pou w ka plis tankou pibliken an nan istwa sa a e mwens tankou Farizyen an .

Gade tou Filipyen 4:11–13; Alma: 31:12-23; 32:12–16.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Mak 10:13–16; Lik 18:15–17..Pou ede manm fanmi yo medite sou resi a nan vèsè sa yo, nou ta ka chante ansanm yon chan ki an rapò, tankou “I Think When I Read That Sweet Story” (Chants pour les Enfants, 56). Ki efè sa t ap fè si n te pami timoun Jezi te beni yo? Kisa sa vledi pou moun “resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti”? (Mak 10:15).

Mak 10:23–27.Ki diferans ki genyen ant gen richès ak kwè nan richès? (see Mak 10:23–24). Pandan w ap li vèsè27la, ou gendwa vle souliyen Tradiksyon Joseph Smith la: “Pou moun ki kwè nan richès yo, sa enposib; men li pa enposib pou moun ki kwè nan Bondye epi ki kite tout bagay akoz mwenmenm yo, paske pou moun sa yo tout bagay sa yo posib” (Tradiksyon Joseph Smith, Mark 10:26 [nan Mak 10:27, referans a]). Kòm yon fanmi, kijan na p montre ke nou fè Bondye konfyans plis pase bagay materyèl yo?

Matye 20:1–16.Pou ilistre prensip ki nan Matye 20:1–16yo; ou gendwa òganize yon senp konpetisyon, tankou yon kous rapid. Lè tout moun fin patisipe nan konpetisyon an, remèt chak moun menm pri a, kòmanse avèk moun ki fini an dènye a epi fini avèk moun ki fini ap premye a. Kisa sa anseye nou sou moun ki resevwa benediksyon lavi etènèl yo nan plan Pè Selès la?

Matye 20:25–27; Mak 10:42-45.Ki siyifikasyon fraz “moun ki vle anpremye pa nou, kite l vin sèvitè w” la? (Matye 20:27). Kijan Jezikri te montre egzanp prensip sa a? Kijan nou ka suiv egzanp li nan fanmi nou, nan pawas oswa branch nou, ak nan katye nou?

Lik 18:1–14.Kisa nou aprann apwopo lapriyè nan de parabòl yo nan vèsè sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Chers Enfants, sur vous Dieu veille,” Cantiques, no. 96.

Amelyore Etid Pèsonèl Ou

Chèche yon lè ki konvnab pou ou. Li souvan pi fasil pou w aprann lè w ka etidye ekriti yo san moun pa entèwonp ou. Chèche yon lè ki konvnab pou ou, epi fè tout sa w kapab pou w etidye regilyèman a lè sa a chak jou.

Imaj
Kris la ak jenòm rich la

Kris la avèk Jenòm Rich la, pa Heinrich Hofmann