Vini, Suiv Mwen 2024
1–7 Avril: “Rekonsilye Avèk Bondye Atravè Ekspyasyon Kris la.” Jakòb 1–4


“1–7 Avril: ’Rekonsilye Avèk Bondye Atravè Ekspyasyon Kris la.’ Jakòb 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2024)

“1–7 Avril. Jakòb 1–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2024)

Imaj
Yon fi ki ajenou nan pye Jezi

Padone, tablo Greg Olsen. Itilize avèk pèmisyon. www.GregOlsen.com

1–7 Avril: “Rekonsilye Avèk Bondye Gras a Ekspyasyon Kris la.”

Jakòb 1–4

Nefit yo te konsidere Nefi kòm “gwo pwotektè yo” (gade Jakòb 1:10). Li te pwoteje yo tou kont danje espirityèl yo, nan avèti yo kont peche api ankouraje yo pou yo vin jwenn Kris la. Kounyeya responsablite sa a te tonbe sou Jakòb, ke Nefi te konsakre kòm prèt ak enstriktè (gade Jakòb 1:18). Jakòb te santi yon responsablite pou avèti moun ki te “kòmanse travay nan peche” pandan y ap rekonfòte “nanm blese a” nan moun ki te blese pa peche lòt moun (gade Jakòb 2:5–9). Kijan l ta pral fè toude? Li ta lonje dwèt sou Yo Jezikri—paske toule de gwoup yo te bezwen rival Sovè a (gade Jakòb 4). Tankou mesaj Nefi an avan li, temwayaj Jakòb la sete yon apèl pou “rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la” (Jakòb 4:11).

Lide pou Aprantisaj lakay ou ak nan Legliz la

Jakòb 1:6–8, 15–19; 2:1–11

Mwen gen yon “kosyon nan men Senyè a.”

Pou Jakòb, anseye pawòl Bondye a sete plis pase yon tach frè l la te konfye li—sete yon “manda Senyè a te ba li,” konsa, li te travay avèk dilijans pou l te “mayifye ofis [li]” (Jakòb 1:17,19. Kisa fraz sa yo Jakòb te itilize yo vledi pou ou? Reflechi sou sa yon loup fè. Èske sa ba ou kèk ide? Pandan w ap medite sou Jakòb 1:6–8, 15–19 ak 2:1–11, panse sou erande Senyè a ka genyen pou ou. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w suiv Li?

Gade tou nan “Moun Senyè a Aple, Senyè a Kalifye,” nan Enseignements des présidents de l’Eglise: Thomas S. Monson (2022), 209–20; “Elve w nan nivo Apèl ou a” (videyo), Libreri Levanjil la.

Jakòb 2: 12–21

“Pa kite ògèy sa ki nan kè w la detwi nanm ou!”

Nefit yo te gen yon pwoblèm ak fyète ak konsantre sou richès (gade Jakòb 2:13), e pwoblèm sa a pa t inik pou yo oswa jou yo. Ki jan advèsè a ankouraje lanmou richès jodi a? Apre ou fin li Jakòb 2:12–21, dekri nan pwòp mo pa ou ki jan Bondye vle ou wè richès materyèl. Yon kantik tankou “Because I Have Been Given Much (Paske mwen resevwa anpil)” (Hymns, no 219) te kapab bay plis ide. Kisa w santi w enspire pou w fè akoz sa w aprann yo?

Jakòb 2:22–35; 3:10–12

Imaj
senbòl seminè
Bondye pran plezi nan chastete.

Pandan n ap li Jakòb 2:22–35; 3:10–12, ki sa ou jwenn ki ede ou konprann poukisa chastete tèlman enpòtan pou Bondye? Ki kèk konsekans negatif imoralite—nan epòk Jakòb la ak nan pa nou? Ki benediksyon ki vini nan viv yon lavi chastete?

Èldè David A. Bednar te anseye ke n ap viv “nan yon mond ki plis anplis ap moke sentete pwokreyasyon an epi minimize valè lavi imèn” (“Nou Kwè nan Chastete,” Liahona, Me 2013, 41–44). Ki jan w ede lòt moun konprann rezon ki fè w obeyi lwa chastete a? Yon bon kote yo kòmanse se eksplikasyon prensip Bondye yo sou santiman seksyèl ak relasyon nan “kò ou sakre” nan Pou fòs jèn yo: Yon gid pou fè Chwa (paj 22-29). Ki lòt bagay ou twouve nan resous sa a ki t ap ede w esplike rezon ki fè w ap viv lwa chastete a?

Ou ta ka jwenn repons adisyonèl nan mesaj Èldè Bednar a referans pi wo a oswa nan videyo a “Mwen Chwazi yo dwe pi” (Bibliyotèk Levanjil).

Ki jan prensip Bondye a nan pite seksyèl diferan ak lòt mesaj ou ka rankontre? Ki benediksyon ki vini nan viv yon lavi chastete?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Vèti,” Bibliyotèk Levanjil; “Menm-sèks atraksyon” nan koleksyon “Lavi” Koleksyon nan bibliyotèk Levanjil la.

Jakòb 4

Mwen ka rekonsilye ak Bondye pa mwayen Ekspyasyon Jezikri.

Jakòb te sipliye pèp li a pou yo te “rekonsilye avèk Bondye pa mwayen Ekspyasyon Kris la” (Jakòb 4:11). Yon definisyon rekonsile se retabli amitye oswa amoni. Pandan w ap medite sou pwòp lavi pa nou, reflechi sou yon tan lè nou te santi l lwen Papa nou ki nan Syèl la. Kijan Sovè a ede nou fè sa? Ki konsèy ou ka jwenn nan chapit sa a ki ede w rekonsilye ak Bondye? (gade vèsè 4–14).

Ki ide adisyonèl ou jwenn nan 68:3–6yo? Kijan Sovè a ka ede w rekonsilye ak Bondye — ak lòt moun?

Gade tou 2 Nefi 10:24.

Jakòb 4:8–18

M ka evite avègleman espirityèl nan konsantre m sou Sovè a.

Pandan Jakòb t ap eseye vire je moun yo pi totalman sou Senyè a, li te avèti yo pou yo pa t avèg spirityèlman epi pou yo pa t meprize “pawòl klè” levanjil yo (gade Jakòb 4:13–14). Selon Jakòb 4:8–18kisa nou ka fè pou evite avègleman espirityèl?

Gade tou Quentin L. Cook,“Gade odela Mak la,” Ensign, Mas. 2003, 40–44.

Lè l te anseye, Sovè a te itilize konparezon pou lavi chak jou. Parabòl Jezi yo te ede moun yo jwenn verite espirityèl nan eksperyans yo te fè. Eseye fè menm bagay la lè w ap anseye. Pa egzanp, lè w ap anseye Jakòb 4:8–18, ou ta ka mande moun k ap aprann yo si yo te janm gen yon egzamen je. Ki jan doktè a te evalye vizyon fizik yo? Ki jan nou ka evalye vizyon espirityèl nou?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan Liahona a ak Pou Fòs Jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Jakòb 2:8

Bondye élégire nanm blese a.

  • Pou ede manm fanmi yo konprann kijan yon “nanm blese” ka jwenn gerizon, nou ta ka diskite ansanm kijan kò nou sibi blesi ak sa ki ede yo geri. Petèt manm fanmi yo ta ka pataje kèk moman yo te sibi blesi ak sa ki te ede yo geri. Ou ta ka menm montre yo pansman oswa medikaman kòm yon pati nan konvèsasyon sa a. Petèt ou ta ka pataje avèk yo kijan Sovè a te ede w lè lespri w te bezwen gerizon.

Jakòb 2: 17–19

M ka ede lòt moun ki nan bezwen lè m pataje avèk yo.

  • Eksplike ke kèk nan moun nan epòk Jakòb yo te rich anpil, men yo pa t vle pataje sa yo te genyen avèk moun ki te pòv yo. Pandan w ap li ansèyman Jakòb yo nan Jakòb 2:17–19, ou ta ka bay pitit ou foto oswa objè pou kenbe mo oswa fraz nan vèsè sa yo. Ou ta ka eksplike ke w ap pataje objè sa yo avèk yo; petèt ou ta ka Envite yo pataje objè yo avèk ou oswa youn ak lòt. Pale sou fason ou santi ou lè ou pataje. Ki lòt bagay nou ta ka pataje ak lòt moun pou ede yo santi yo gen kè kontan?

  • Apre li ansanm Jakòb 2:17, petèt pitit ou yo te kapab non kèk benediksyon Papa nou ki nan Syèl la te pataje avèk yo. Poukisa Li vle pou nou youn pataje avèk lòt?

Jakòb 4:6, 10–11

M ka fòtifye lafwa m nan Jezikri.

  • Lafwa Jakòb te tèlman fò, li pa t ka souke. Pou anseye pitit ou kijan pou yo bati lafwa konsa, ou ka mande yo sou bagay nou fè pou fè kò nou vin pi solid. Kisa nou ka fè pou fè lafwa nou vin pi solid? Ouvri ekriti yo nan Jakòb 4:6 epi ede timoun yo dekouvri kisa Jakòb ak pèp li a te fè pou te rann lafwa yo “inebranlab.”

  • Yon fason pou ede fanmi w konprann kisa sa vle di pou yo rete “inebranlab” nan lafwa yo se jwenn yon gwo pyebwa nan vwazinaj ou epi mande yo pou yo sekwe chak branch yo. Apresa fè yo eseye sekwe pyebwa a. Poukisa li difisil pou w sekwe pyebwa a? Ki ekspresyon nan Jakòb 4:6, 10–11 ki dekri sa nou ka fè pou rann lafwa nou inebranlab?

    Imaj
    gwo pyebwa nan yon pak

    Tankou yon gwo pyebwa, lafwa nou nan Kris la ka “inebranlab.”

  • Pou lòt konparezon pou anseye pitit ou yo sou lafwa inebranlab nan Jezikri, gade Neil L. Ansersen, “Toubiyon Espirityèl” (Liahona, Me 2014, 18–21; ak video “Toubiyon Espirityèl“) oswa “Le sage et le fou” (Chants pour les enfants, 281; gade tou Matye 7:24–27).

Pou plis ide, gade kesyon mwa sa a nan peryodik zanmi an.

Imaj
Jakòb k ap ekri sou plak lò yo

M Ap Transmèt Pawòl Yo (Jakòb, enstriktè a), tablo Elspeth Caitlin Young