Ansyen Testaman 2022
14 Out. Kijan M Ka Jwen Lajwa nan Suiv Sovè a? Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46


“14 Out . Kijan M Ka Jwen Lajwa nan Suiv Sovè a? Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2020 (2021)

“14 Out. Kijan M Ka Jwen Lajwa nan Suiv Sovè a? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
Jèn k ap jwe deyò

14 Out.

Kijan M Ka Jwen Lajwa nan Suiv Sovè a?

Sòm 1–2; 8; 19–33; 4046

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi a oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa, itilize youn oubyen plizyè nan kesyon anba a oswa pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye pou aji sou sa w diskite a.

  • Viv levanjil la. Kijan n ap jwen lajwa nan suiv Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Ki moun nan pawas nou an oswa nan kominote nou an ki bezwen èd nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Envite tout moun pou resevwa levanjil la. Kijan nou youn ka ede lòt prepare pou sèvis misyonè?

  • Ini fanmi yo pou letènite. kòman noukapab kontribiye nan efò pawas nou yo pou yo fè istwa familyal ak travay tanp?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Kisa ki ba ou lajwa? Gen moun ki ka di yo jwenn lajwa nan tan yo pase avèk zanmi ak fanmi yo, nan yon pastan yo renmen, oswa menm nan yon jou yo pase san pwoblèm. Prezidan Russell M. Nelson te anseye “Lajwa nou santi a pa gen anpil pou wè avèk sikonstans lavi nou men li gen tout bagay pou wè avèk sou kisa nou fokis lavi nou. Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa soti nan Limenm e gras avèk Li” (Lajwa ak Sivi Espirityèl,”,” Liahona, Nov. 2016,82). Anpil nan Sòm yo repete menm mesaj sa a: “Wa fè m konnen chemen ki bay lavi a: Paske ou la avè m, mwen pa manke lajwa.” (Sòm 16:11).

Panse a kèk difikilte ke manm klas oswa manm kowòm ou yo ta ka rankontre. Kijan w ap ede yo konprann ke vrè lajwa a vini nan egzèse lafwa nan Sovè a—menm nan moman difisil yo? Medite sou kesyon sa yo pandan w ap prepare w pou anseye. Chèche pasaj konsa ke w ka pataje avèk klas oswa kowòm ou an nan Sòm oswa nan mesaj Prezidan Nelson an “Lajwa ak Sivi Espirityèl.”

Imaj
klas jènjan

Vrè lajwa vini nan egzèse lafwa nan Sovè a, menm nan moman difisil yo.

Aprann Ansanm

Konsidere manm klas oswa kowòm ou yo pou yo revize kèk nan sa yo: Sòm 1; 8; 19; 2327. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason levanjil la pote lajwa pou nou? Apresa ou ta ka itilize youn oswa plizyè nan aktivite sa yo pou w ede moun w ap anseye yo pi byen konprann ke vrè lajwa a vini nan suiv Jezikri.

  • Nou tout vle jwenn lajwa, men nou bezwen konprann sa pote vrè lajwa ak aktyèlman sa ki mennen nan chagren. Mande jèn yo pou yo pataje kèk nan bagay ki bayo lajwa ak poukisa bagay sa yo fè sa. Ekri sou tablo a “Lèzòm te fèt pou yo kapab gen lajwa” (2 Nefi 2:25 Apresa envite jèn yo, endividyèlman oswa an ti gwoup, pou yo revize youn oswa plis ekriti nan “Resous pou Sipò” yo epi fè lis bagay yo jwen ki mennen nan lajwa. Ou ta ka pase videyo “Nou Kapab Jwenn Bonè” a tou nan (ChurchofJesusChrist.org). Ki fason moun eseye jwenn lajwa ki aktyèlman mennen nan chagren? Kòman Sovè a pote lajwa pou nou?

  • Nou tout konnen moun ki rankontre difikilte menm lè y ap eseye fè tout sa k posib pou yo viv levanjil la. Kijan w kapab ede moun w ap anseye yo konprann ke nou ka jwenn lajwa menm lè lavi a difisil pou nou? Ou kapab mande yo pou yo revize mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Lajwa ak Sivi Espirityèl” oswa mesaj Prezidan Steven J. Lund la “Jwenn Lajwa nan Kris la” (Liahona, Nov. 2020, 35–37). Ki egzanp nou jwenn sou moun ki jwenn lajwa nan Kris la malgre difikilte yo? Kisa nou aprann nan eksperyans sa yo? Ki eksperyans nou ka pataje?

  • Nou tout ka afekte pa santiman enkyetid ak depresyon lè n ap fè fas a difikilte lavi yo. Pou kèk moun, santiman sa yo se yon batay san fen. Klas oswa kowòm ou an kapab benefisye de yon diskisyon sou difikilte sa yo ak sou kijan Sovè a kapab ede moun k ap lite anba enkyetid ak depresyon yo. Pou kòmanse diskisyon sa a, ou ka mande jèn yo pou yo revize mesaj Eldè Jeffrey R. Holland nan “Tankou yon Veso Kraze,” espesyalman dènye kat paragraf yo (Liahona, Nov. 2013, 40–42), oswa mesaj Sè Reyna I. Aburto a “Atravè Nyaj ak Solèy, Senyè, Rete Avèk Mwen!” an nan (Lyawona, Nov. 2019, 57–60. Envite manm klas oswa kowòm yo pou yo chèche verite ki enpòtan pou yo epi pataje sa yo te jwenn. Ankouraje jèn yo pou yo pale avek yon paran oswa yon dirijan yo fè konfyans oswa vizite mentalhealth.ChurchofJesusChrist.org si yo santi yo bezwen èd.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo panse sou kijan aji sou enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te konnen moun Li t ap anseye yo pèsonèlman—epi Li te konnen kimoun yo te ka devni. Lè yo t ap lite, Li te kontinye renmen yo. Kijan w ka montre ke w renmen ak sipòte moun w ap anseye yo?