Doktrin ak Alyans 2021
14 Mas. Kijan Wòl Diven Gason ak Fi yo Pèmèt Youn Konplete Lòt? Doktrin ak Alyans 23–26


“14 Mas. Kijan Wòl Diven Gason ak Fi yo Pèmèt Youn Konplete Lòt? Doktrin ak Alyans 23–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 {2020)

“14 Mas. Kijan Wòl Diven Gason ak Fi yo Pèmèt Youn Konplete Lòt?“ Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

14 Mas

Kijan Wòl Diven Gason ak Fi yo Pèmèt Youn Konplete Lòt?

Doktrin ak Alyans 23–26

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm oswa klas nou. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou? Kisa nou ka fè pou ede yo? Kiyès nou ta dwe envite nan yon aktivite ki ap vini?

  • Devwa oswa responsablite nou. Ki tach ki te akonpli? Ki tach nou bezwen bayi? Kisa nou te fè pou n te envite lòt moun pou yo vin jwenn Kris, epi kijan nou ka envite lòt moun kounyeya?

  • Lavi nou. Ki eksperyans resan ki ranfòse temwayaj nou? Kisa k ap pase nan lavi nou, epi kijan nou youn ka sipòte lòt?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Pè Selès la te bay gason ak fi wòl vital egal pou yo akonpli plan L lan. Nan wòl sa yo, youn konplete lòt. Pou ede gason ak fi ranpli wòl sa yo, Li te ba yo kèk don ak kapasite san parèy. Manm kowòm nan oswa klas la kapab te etidye Doktrin ak Alyans 25 semèn sa a. Nan revelasyon sa a, Senyè a te bay Emma Smith konsèy konsènan travay enpòtan l nan Retablisman levanjil la epi Li te eksplike kijan nan relasyon Joseph ak Emma, youn tap kapab sipòte lòt. Ki egzanp gason ak fi ki ap travay ansanm nan fason konplemantè pou yo fè travay Senyè a ou te wè? Kijan w ka enspire jènjan ak jènfi w ap anseye yo pou yo konprann wòl diven yo epi pou yo travay ansanm pou yo bati wayòm Bondye a?

Pandan w ap prepare w pou anseye, anvizaje revize “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond Lan” (ChurchofJesusChrist.org) ak mesaj Sè Linda K. Burton “N Ap Monte Ansanm” nan (Lyawona, Me 2015, 29–32).

Imaj
jènfi ak jènjan ki ap dekore gato

Jènjan ak jènfi kapab aprann travay ansanm nan bati wayòm Bondye a.

Aprann ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou jan gason ak fi travay ansanm nan wayòm Bondye a, anvizaje envite manm kowòm nan oswa klas la pou yo revize Doktrin ak Alyans 25. Kisa Senyè a te di konsènan responsablite ke Emma ak Joseph te genyen youn anvè lòt. Kisa nou kapab aprann nan seksyon 25 la sou jan mari ak madanm dwe travay ansanm? Ou ta kapab bay moun w ap anseye yo papye pou yo ekri sa yo jwenn epi fè yo pataje panse yo. Apre sa, chwazi pami aktivite sa yo pou ede yo konprann pi byen kijan Bondye atann pou pitit gason L ak pitit fi L yo travay ansanm.

  • Èske w ka panse a yon egzanp pou ede manm kowòm nan ou klas la konprann kisa “konplemantè” vle di? Pa egzanp, yo ta kapab pale de koulè konplemantè oubyen diskite kijan plizyè vwa diferan nan yon koral fè mizik la vin pi bèl. Kijan wòl diven gason ak fi yo pèmèt youn konplete lòt? Antanke yon kowòm ou klas, li ansanm de premye paragraf nan seksyon ki pote tit “Elve ak Ede nan Wòl Konplemantè Nou yo” a nan mesaj Sè Linda K. Burton nan “N Ap Monte Ansanm” (Lyawona, Me 2015, 30). Oubyen ou ta kapab envite yon koup marye pou yo vizite kowòm ou an oswa klas ou a epi pou yo pale de kijan youn ede lòt ranpli wòl yo ak kijan Senyè a ede yo. Kisa nou aprann, nan mesaj Sè Burton nan oswa koup la, sou fason gason ak fi youn sipòte lòt nan fanmi yo?

  • Ekriti yo mansyone nan “Resous pou Sipò” yo kapab ede kowòm nan ou klas la aprann plis sou responsablite gason ak fi nan fanmi yo. Ou ta kapab bay chak manm kowòm nan oswa klas la responsablite pou yo li youn nan pasaj ekriti sa yo. Envite yo pou yo pataje vèsè epi pou yo pale de responsablite ki dekri yo. Kisa ekriti sa yo anseye sou responsablite paran yo? Kijan nan relasyon mari ak madanm youn ka ede lòt ranpli responsablite diven sa yo? Kijan Sovè a ka ede yo reyisi? Kijan timoun yo ka ede yo?

  • Pou ede manm kowòm ou an oswa klas ou a konprann kijan nan relasyon gason ak fi youn ka konplete lòt kòm patnè egal, ekri tit sa yo sou tablo a: Responsablite Papa yo ak Responsablite Manman yo. Mande manm kowòm lan oswa klas la pou yo chèche nan setyèm paragraf “Fanmi an: Yon Pwoclamation pou Mond lan” epi ekri sa yo jwenn yo anba tit apwopriye a. Kisa nou aprann sou wòl diven papa yo ak manman yo? Kisa sa vle di: Nan relasyon papa ak manman youn dwe ede lòt “kòm patnè egal” nan ranpli responsablite sa yo? Ki egzanp nou ka pataje nan lavi nou pou montre ke papa ak manman ranpli wòl yo e youn ede lòt kòm patnè egal. Ou ta kapab diskite fason jèn moun yo kapab prepare yo kounyeya pou wòl sa yo ki gen pou vini alavni an.

Aji ak lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa manm klas la pou yo medite epi pou yo ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Kijan leson jodi a gen rapò ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas la ta ka pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te prepare moun Li te anseye yo epi Li te ba yo responsablite enpòtan. Kijan ou ta kapab prepare moun w ap enseye yo pou yo travay ansanm kòm pitit gason ak pitit fi Bondye (Gade Anseye nan fason Sovè a [2016], 31–32.)