Lyawona
Pou Fòs Jèn yo: Mesaj Sovè a voye pou Nou
Mas 2024


“Pou Fòs Jèn yo: Yon Mesaj Sovè a Voye pou Nou,” Pou Fòs Jèn yo, Mas 2024.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Mas 2024

Pou Fòs Jèn yo: Yon Mesaj Sovè a Voye pou Nou

Gid sa a ede w konekte chwa w yo avèk Jezikri ansanm ak doktrin Li an.

Imaj
Jezikri

Mwen kanpe nan Pòt la, M ap Frape, tablo J. Kirk Richards

Imajine ke w ap viv nan ansyen Galile a, sa gen 2.000 ane. Yo envite oumenm ak zanmi w yo nan yon devosyon pou jèn yo nan sinagòg ki nan zòn ou an, kote ap gen yon oratè envite espesyal ki se Jezi, moun Nazarèt la. Epi nan yon sèten moman nan mesaj la, Jezi envite jèn yo nan asistans la pou yo poze L kesyon.

Ki kalite kesyon w panse w ta ka petèt tande yo poze?

Mwen sipoze ke gen kèk kesyon ki t ap reflete kilti ak sikonstans epòk la. Men mwen vrèman kwè ke anpil nan kesyon yo t ap sanble avèk kesyon nou genyen jounen jodi yo.

Pa egzanp, nan Nouvo Testaman an, moun yo te poze Sovè a kesyon tankou sa yo:

  • Kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?1

  • Èske yo aksepte m? Èske m nan plas mwen?2

  • Si frè m nan peche kont mwen, konbyen fwa mwen dwe padone li?3

  • Kisa k pral rive mond sa a alavni? Èske m ap an sekirite?4

  • Èske W kapab geri pwòch mwen an?5

  • Kisa laverite ye?6

  • Kòman m ap fè konnen si m bon chemen an?7

Èske nou tout pa poze tèt nou menm kesyon sa yo detanzantan? Atravè syèk yo, tip kesyon yo pa vrèman chanje. Ni konpasyon Sovè a genyen anvè moun ki poze yo a pa chanje nonplis. Li konnen kijan lavi a kapab pote pwoblèm ak konfizyon. Li konnen kijan sa fasil pou nou pèdi wout nou. Li konnen ke pafwa nou enkyete de avni an. Epi Li di oumenm avèk mwen, menm jan Li te disip li yo lontan an:

  • “Pa kite kè nou twouble.”8

  • “Mwen se chemen an [ak] verite a.”9

  • “Suiv mwen.”10

Lè w gen chwa enpòtan pou w fè, Jezikri ak levanjil retabli L la se meyè chwa a. Lè w gen kesyon, Jezikri ak levanjil retabli L la gen meyè repons lan.

Se poutèt sa mwen renmen Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Ede W Fè Chwa a. Li pwente nou vè Jezikri pou nou kapab resevwa fòs Li. Mwen toujou gen yon kopi nan pòch mwen. Pandan m ap rankontre moun toupatou nan mond lan ki vle konnen poukisa nou menm, antanke manm Legliz Jezikri a, ap fè sa n ap fè yo, mwen pataje gid sa a avèk yo.

Pou Fòs Jèn yo anseye verite etènèl sou Sovè a ansanm ak Chemen Li. Li envite w fè chwa baze sou verite sa yo. Epi li pataje benediksyon ki pwomèt ki di ke Li lonje lamen bay moun k ap suiv Li yo. Tanpri, li gid sa a, reflechi sou li, epi pataje li!

Envite Li nan Lavi ou

Jezikri vle fè pati lavi w—kote L ap toujou prezan chak jou ni nan bon tan ni nan move tan. Li pa annik kanpe nan bout chemen an, ap tann ou vin jwenn Li. L ap mache avèk ou a chak pa sou chemen an. Li se Chemen an!

Men Li p ap fòse antre nan lavi w. Ou envite Li nan lavi w, atravè chwa w yo. Se poutèt sa yon gid pou ede w fè chwa, tankou Pou Fòs Jèn yo, si presye konsa. Chak fwa ou fè yon chwa ki jis baze sou verite etènèl Sovè a bay yo, ou montre ke w vle pou Li antre nan lavi w. Chwa sa yo louvri pòt syèl la, epi fòs Li devèse an abondans nan lavi w.11

Etabli yon Koneksyon Solid

Ou ka petèt sonje ke Sovè a te konpare moun ki koute e sa Li mande yo avèk nonm saj ki “te konstwi kay li sou yon woche a.” Li te eksplike:

“Lapli tonbe, dlo desann, e van soufle frape kay la; men, li pa tonbe, paske li te bati sou yon wòch.”12

Se pa paske yon kay solid ki fè l rete kanpe pandan yon tanpèt. Ni se pa paske woche a solid tou ki fè l rete kanpe. Kay la rete kanpe anba tanpèt la paske li byen atache a woche ki solid sa a. Se fòs koneksyon ki genyen avèk woche a ki konte.

Konsa tou, lè n ap konstwi lavi nou, li enpòtan pou nou fè bon chwa. Epi li enpòtan pou nou konprann verite etènèl Sovè a. Men fòs n ap bezwen pou nou reziste anba tanpèt lavi yo vini lè nou konekte chwa nou yo avèk Jezikri ak doktrin Li an. Se sa Pou Fòs Jèn yo ede nou fè.

Pa egzanp, zanmi w yo ka petèt konnen ke w ap fè efò pou w pa itilize langaj gwosye oubyen blesan. Yo ka wè w lonje lamen bay timoun sa a nan lekòl la ke pifò moun annik inyore oswa menm entimide a. Men èske yo konnen ke w fè chwa sa yo paske Jezikri te anseye ke “tout moun se frè ak sè w—enkli … moun ki diferan avè w yo tou”?13

Zanmi w yo ka petèt konnen ke w al legliz chak Dimanch. Yo ka petèt remake lè w fèmen yon sèten chante oswa lè w refize yon envitasyon pou gade yon sèten film . Men èske yo konnen ke w fè chwa sa yo paske ou gen “yon bèl relasyon alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la ansanm ak Jezikri,” e ke nan kad angajman w pou suiv Sovè a, ou rekonesan dèske w “genyen Sentespri a kòm konpayon konstan ou”?14

Moun yo ka petèt konnen ke w pa bwè ni fimen ni itilize lòt dwòg ki nuizib. Men èske yo konnen ke w fè chwa sa yo paske Jezikri te anseye ke “kò ou sakre,” “yon kado ekstraòdinè Papa nou ki nan Syèl la ba ou,” ki fèt dapre imaj Li?15

Zanmi w yo ka petèt konnen ou p ap triche ni bay manti e ke w pran etid oserye. Men èske yo konnen ke se paske Jezikri te anseye ke “laverite ap rann ou lib”?16

Pifò pase tout bagay, èske zanmi w yo konnen ke ou fè chwa ki pafwa pa popilè sa yo pou w ka rete fidèl anvè prensip Kris yo paske ou konnen ke “Jezikri se fòs ou”?17

Li Se Fòs Ou

Mwen rann ou temwanyaj asire mwen ke Jezikri se Chemen ki mennen w nan yon avni ki briye e gloriye—avni ou. Epitou Li se Chemen ki mennen nan yon prezan ki briye e gloriye. Mache nan Chemen L la, epi L ap mache avèk ou. Nou ka fè sa!

Jèn zanmi m yo, Jezikri se fòs nou. Kontinye mache avèk Li, epi L ap ede w “gen zèl pou vole tankou malfini”18 pou ale nan lajwa etènèl Li prepare pou ou a.