Lyawona
Sovè Tout Moun, yon Levanjil pou Tout Moun
Mas 2024


“Sovè Tout Moun, yon Levanjil pou Tout Moun,” Lyawona, Mas 2024.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Mas 2024

Sovè Tout Moun, yon Levanjil pou Tout Moun

Levanjil la, Ekspyasyon, ak Rezirèksyon Jezikri a beni tout pitit Bondye yo.

Imaj
Kris ak nonm paralize a

Kris ak Nonm Paralize a, tablo J. Kirk Richards, pa kapab kopye

Levanjil retabli Jezikri a se avantou e pou toujou sous bonè dirab, lapè veritab, ansanm ak lajwa pou tout moun nan dènye jou sa yo. Benediksyon ki soti nan levanjil la e ki soti nan byenveyans ilimite Kris la pa t janm fèt pou yon ti gwoup espesifik sèlman, ni nan ansyen tan an ni nan tan modèn nan.

Kèlkeswa jan nou santi nou pa alawotè, epi malgre peche ki ka petèt elwanye nou de Li pandan yon moman, Sovè nou an asire nou ke “li lonje men l ban [nou] tout lajounen” (Jakòb 6:4), pandan li envite nou tout vin jwenn Li epi pou n resanti lanmou Li.

Benediksyon Levanjil pou Tout Mond lan

Levanjil Jezikri a te rive “retabli nan dènye jou sa yo nan objektif pou l satisfè … bezwen tout nasyon, tribi, lang, ak pèp ki egziste sou latè.”1 Levanjil la transande tout nasyonalite ak tout koulè pandan l ap travèse tout limit kiltirèl pou l anseye ke “tout moun se menm pou Bondye” (2 Nefi 26:33).2 Liv Mòmon an kanpe kòm yon temwen remakab sou verite sa a.

Gran rejis sa a temwaye ke Kris la sonje tout nasyon (gade 2 Nefi 29:7) epi L ap manifeste “prezans li pou tout moun ki kwè nan li, … [epi l ap akonpli] gwo mirak, siy, ak mèvèy, nan pami pitit lèzòm yo” (2 Nefi 26:13). Pami gwo mirak, siy, ak mèvèy sa yo, w ap jwenn levanjil la k ap pwopaje a. Kidonk, nou bezwen misyonè toupatou nan mond lan pou yo kapab temwanye bon nouvèl sa a. Nou pataje levanjil tou avèk sila yo ki ozalantou nou. Egzèsis kle prètriz retabli yo pou vivan yo ak pou mò yo asire ke plenitid levanjil la pral finalman disponib pou tout pitit fi ak pitit gason paran selès nou yo—pase, prezan, oswa fiti.

Nannan levanjil sa a—mesaj santral tout pwofèt ak apot ki janm aple nan travay la—se ke Jezi se Kris la epi Li te vini pou L beni tout moun. Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo, nou deklare ke sakrifis ekspyatwa Li a se pou tout mond lan.

Nesesite pou yon Ekspyasyon Enfini e Etènèl

Pandan m ap vwayaje toupatou nan mond lan, mwen fè entèvyou avèk yon pakèt manm Legliz la. Mwen enspire lè m tande jan yo santi benediksyon Ekspyasyon Jezikri a nan lavi yo, menm lè yo konfese kèk peche yo te fè. Ala bèl mèvèy dèske rekonfò pirifikatè Ekspyasyon L la toujou disponib pou nou tout!

“Yon ekspyasyon dwe fèt,” Amilèk deklare, “san sa, tout mond lan t ap peri kanmèm.” Nou t ap ajamè “tonbe epi … pèdi, … si se pa t pou ekspyasyon an,” ki te mande“yon sakrifis enfini ak etènèl.” Se poutèt sa a “pa gen anyen eksepte yon ekspyasyon enfini ki kapab ekspye peche mond lan” (Alma 34:9, 10, 12).

Gwo pwofèt la, Jakòb, te anseye tou ke paske “lanmò te pase sou tout moun, … dwe gen yon pouvwa rezirèksyon” pou mennen nou nan prezans Bondye (2 Nefi 9:6).

Nou te bezwen simonte peche ak lanmò. Sa se te misyon Sovè a, kote li te akonpli li avèk kouraj pou tout pitit Bondye yo.

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Jetsemani, tablo J. Kirk Richards, pa dwe kopye

Sakrifis Sovè Nou an

Nan dènyè sware Li nan mòtalite a, Jezikri te antre nan Jaden Jetsemani an. La a, Li te mete ajenou nan mitan pye olivye yo epi Li te kòmanse plonje nan yon nivo agoni ke ou menm ansanm avèk mwen p ap janm konnen.

Epi, Li te kòmanse pran peche mond lan sou do Li. Li te santi tout doulè, lapenn, ak chagren, epi Li te andire tout angwàs ak soufrans oumenm, mwenmenm, ansanm avèk tout moun ki te janm viv oswa ki ap gen pou viv yo resanti. Gwo soufrans enfini sa a “te fè [Limenm], … ki pi gran pase tout moun nan, tranble anba doulè, epi senyen nan chak twou swè nan kò Li” (Doktrin ak Alyans 19:18). Se sèl Limenm ki te kapab fè yon bagay konsa.

Pa t gen okenn lòt moun ki te bon ase

Pou te peye pri peche a.

Se sèl Limenm ki te kapab louvri pòt

Syèl la pou fè nou antre.3

Apresa yo te mennen Jezi sou Kalvè, epi nan moman enjis ki pi trajik nan istwa mond sa a, yo te krisifye Li. Pyès moun pa t kapab wete lavi Li. Antanke Sèl Pitit Bondye a, Li te gen pouvwa sou lanmò fizik. Li te ka annik priye Papa Li, epi plizyè lejyon zanj t ap desann vin elimine bouwo L yo epi montre dominasyon Li sou tout bagay. “Men lè sa a”, Jezi te mande lè trayizon L lan, “kijan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase” (Matye 26:54).

Nan obeyisans pafè li anvè Papa Li—ak lanmou pafè Li pou nou—Jezi te chwazi bay lavi Li epi li te akonpli sakrifis ekspyatwa enfini e etènèl Li a, ki remonte nan tan pase epi avanse nan tout etènite.

Viktwa Sovè Nou an

Jezi te bay Apot Li yo responsablite pou yo te kontinye travay Li a apre lanmò Li. Kijan yo tap fè sa? Plizyè ladan yo se te senp pechè pwason yo te ye, epi pyès ladan yo pa t pran fòmasyon nan sinagòg pou ministè a. Nan moman sa a, Legliz Kris la te sanble l te destine pou l disparèt. Men Apot yo te jwenn fòs pou yo te asime apèl yo a epi pou yo fasone istwa mond lan.

Kisa ki lakoz fòs vin soti nan yon feblès aparan konsa? Dirijan legliz Anglikàn nan, Frederic Farrar, te di: “Gen yon sèl grenn repons ki posib —se rezirèksyon pami mò yo. Tout gwo revolisyon sa a te fèt gras ak pouvwa rezireksyon Kris la.”4 Antanke temwen Senyè a resisite a, Apot yo te konnen ke pa t gen anyen ki te kapab anpeche travay sa a pwogrese. Temwanyaj yo a sete yon sous pouvwa sipò pandan premye Legliz la t ap simonte tout difikilte.

Pandan sezon Pak sa a, antanke youn nan temwen òdone L yo, mwen deklare ke nan yon bèl jou Dimanch maten, Senyè Jezikri te leve soti anba lan pou l te kapab fòtifye nou epi Li te kase chenn lanmò yo pou tout moun. Jezikri vivan! Gras avèk Li, lanmò pa lafen pou nou. Rezirèksyon an se kado gratis inivèsèl ke Kris la ofri tout moun.

Imaj
Kris la ak Mari Magdalèn nan tonbo a

Kris la ak Mari Magdalèn nan Tonbo a, tablo Joseph Brickey

Vin jwenn Kris la

Levanjil la ak Ekspyasyon Jezikri a se pou tout moun—sa vle di, tout moun san distenksyon. Sèl fason pou nou benefisye tout benediksyon sakrifis ekspyatwa Sovè a se lè nou endividyèlman aksepte envitasyon Li pou : “Vini jwenn mwen” an (Matye 11:28).

Nou vin jwenn Kris la lè nou egzèse lafwa nou nan Li epi nou repanti. Nou vin jwenn Li lè nou batize nan non Li epi nou resevwa don Sentespri a. Nou vin jwenn Li lè nou respekte kòmandman yo, resevwa òdonans yo, respekte alyans yo, anbrase eksperyans nan tanp yo, ak lè nou mennen kalite vi disip Kris yo dwe mennen an.

Pafwa, w ap santi w dekouraje ak desi. Kè w ka brize pou tèt ou oswa pou yon moun ou renmen. Ou kapab santi chay peche lòt moun sou do w. Erè ke w te fè yo—petèt sa ki grav yo—ka fè w pè pou lapè ak bonè pa abondone w pou tout tan. Nan moman sa yo, sonje ke Sovè a pa sèlman soulaje nou anba fadon peche men li “te soufri lapenn ak afliksyon ak tout kalite tantasyon (Alma 7:11), enkli pa w yo tou! Gras avèk sa Li te andire pou ou yo, Li konnen pèsonèlman kòman pou l ede w lè w aksepte envitasyon Li k ap chanje lavi w la: “Vini jwenn mwen.”

Tout Moun Byenveni

Jezikri te di klèman ke tout pitit Papa nou ki nan Syèl la gen menm dwa a benediksyon levanjil yo ak Ekspyasyon L lan. Li raple nou ke tout moun “gen menm privilèj la, ni youn ni lòt, li pa anpeche yo youn.” (2 Nefi 26:28).

“Li envite tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa arejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi;” (2 Nefi 26:33).

“Li envite yo tout”—sa vle di nou tout! Nou pa ta dwe mete etikèt sipèfisyèl ansanm ak distenksyon atifisyèl sou tèt nou oswa sou lòt moun. Nou pa dwe janm mete okenn limit nan lanmou Sovè a ni kenbe lide ke noumenm oswa lòt moun depase nivo pou Li atenn nou. Jan m te di sa avan an, “Li pa posib pou [pyès moun] desann pi ba pase nivo limyè enfini Ekspyasyon Kris la kapab atenn.”5

Olye de sa, jan Sè Holland avèk mwen te anseye kèk mwa avan li te mouri a, yo kòmande nou pou nou “gen charite, paske charite se lanmou” (2 Nefi 26:30).6 Se lanmou sa Sovè a montre nou, paske “Li pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire tout moun sou li” (2 Nefi 26:24).

Mwen temwanye ke levanjil la ak Ekspyasyon Jezikri a se pou tout moun. Priyè m se pou w jwayezman anbrase tout benediksyon Li pote yo.

Remak

  1. Howard W. Hunter, “Levanjil la—Yon Lafwa Global,” Ensign, Nov. 1991, 18.

  2. Gade Howard W. Hunter, “Tout Moun Se Menm Devan Bondye” (kwendfe Inivèsite Brigham Young University, 4 Fev. 1979), 1–5, speeches.byu.edu.

  3. Il est une colline au loin,” Cantiques, no. 118.

  4. Frederic W. Farrar, The Life of Christ (Lavi Kris la) (1994), 656.

  5. Jeffrey R. Holland, “Travayè nan Jaden Rezen an,” Lyawona, Me 2012, 33.

  6. Gade Jeffrey R. ak Patricia T. Holland, “Yon Avni ki Ranpli avèk Espwa” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 8 Jan. 2023), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.