2017
Pou Yo Ka Fè Yon Sèl
July 2017


Mesaj Vizit Nan Fwaye, Jiyè 2017

Pou Yo Ka Fè Yon Sèl

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou ou pataje. Lè nou konprann objektif Sosyete Sekou a, kouman sa ka prepare pitit fi Bondye yo pou benediksyon lavi etènèl yo?

Imaj
Relief Society seal

Lafwa, Fanmi, Sekou

Èldè D. Todd Christofferson ki fè pati Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Jezi te fè inite pafè avèk Papa a lè Li te soumèt Li nan lachè ak lespri anba volonte Papa a.”

“… Siman nou pap fè youn avèk Bondye ak Kris la toutotan nou pa fè volonte yo ak enterè yo vin tounen pi gwo dezi nou. Nou pa ka rive nan tip soumisyon sa a yon sèl jou, men gras a Sentespri a, Senyè a ap anseye nou si nou gen volonte jiskaske, pandan tan an ap pase, nou kapab di avèk egzaktitid ke Li nan nou menm jan Papa nan Li.”1

Linda K. Burton, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, te anseye kijan pou nou travay pou nou rive nan inite sa a: “Fè ak respekte alyans nou yo se yon ekspresyon angajman nou pou nou vin tankou Sovè a. Ideyal la se pou nou fè efò pou nou ka gen atitid ki pi byen eksprime nan kèlke fraz kantik nou renmen sa a: “M prale kote ou vle m ale. … Mwen ap di sa ou vle m di. … Mwen ap sa ou vle pou m ye a.’”2

Èldè Christofferson te raple nou tou ke “lè nou eseye suiv egzanp Kris la chak jou ak chak semèn, espri nou afime otorite ak pouvwa l pou l simonte tandans lòm natirèl nou yo, batay la ap diminye pa anndan, epi tantasyon yo ap sispann koze pwoblèm.”3

Neil F. Marriott, Dezyèm Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi yo, rann temwayaj de benediksyon ki soti nan fè efò pou nou aliye volonte nou avèk volonte Bondye: “Mwen te lite pou m te bani dezi mòtèl pou m fè bagay yo fason pa m, paske finalman mwen vin wè ke fason pa m lan trè limite epi li enferyè pa rapò a fason Jezikri a. Fason Papa Nou Ki Nan Syèl la se wout ki mennen nan bonè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an.”4 Nou ta dwe fè efò enbleman pou nou vin fè youn avèk Papa Nou Ki Nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Ekriti ak Enfòmasyon Adisyonèl

Jan 17:20–21; Efezyen 4:13; Doktrin ak Alyans 38:27; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. D. Todd Christofferson, “That They May Be One in Us,” Liahona, Nov. 2002, 72, 73.

  2. Linda K. Burton, “Pouvwa a, Lajwa a, ak Lanmou a nan Kenbe Alyans,” Liyawona, Nov. 2013, 111.

  3. D. Todd Christofferson, “That They May Be One in Us,” 71.

  4. Neill F. Marriott, “Yielding Our Hearts to God,” Liahona, Nov. 2015, 32.