2017
Lè Zanmi m Lan Te Mouri
July 2017


Jenès

Lè Zanmi m Lan Te Mouri

Otè a abite Utah, nan Etazini Damerik.

Lè m tap fè klas 11èm ane, zanmi m lan te gen yon maladi sèvo e li te mouri nan jou apre a. Malgre mwen te yon manm Legliz la, mwen te toujou ap lite. Yo te anseye m pandan tout vi mwen ke mwen te kapab tounen kè m bay Papa Nou Ki Nan Syèl la ak Sovè a pou nenpòt bagay, men m pa t janm te oblije travèse yon bagay konsa anvan.

Mwen te kriye pandan plizyè èdtan, pandan m tap eseye jwenn yon bagay—nenpòt bagay—ki pou ban m lapè. Nuit apre l te fin mouri a, m te ale nan liv kantik la. Pandan m tap tounen paj yo, m te tonbe sou “Demeure Auprès de Moi, Seigneur” (Hymns, no. 165). Twazyèm kouplè a te kapte atansyon m:

“Rete bò kote m; aswè a

M pou kont mwen nan nuit lan

Si m pa ka kominike avèk ou

Ni jwenn direksyon nan men w

Mwen pè pou tenèb mond lan

Pa rete lakay mwen.

O Sovè, rete avèk mwen aswè a

Gade, li nan nuit.”

Kouplè sa a te ranpli m avèk anpil lapè. Lè sa a, m te konnen ke non sèlman Sovè a te kapab rete avèk mwen nuit sa a men tou Li te konnen egzakteman kijan mwen te santi m. Mwen konnen lanmou m te santi nan kantik la non sèlman te ede m pase nuit la men tou li te ede m travèse anpil lòt eprèv mwen te andire.