2017
Sèman ak Alyans Prètriz la
April 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Avril 2017

Sèman ak Alyans Prètriz la

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou ou ka konnen kisa pou ou pataje. Lè pitit fi Bondye yo konprann bi Sosyete Sekou, kijan sa ap prepare yo pou benediksyon lavi etènèl yo?

Imaj
Relief Society seal

Lafwa, Fanmi, Sekou

Plis noumenm kòm sè nan Legliz la konprann ke sèman ak alyans prètriz la aplike a noumenm pèsonèlman, se plis nou ap resevwa benediksyon ak pwomès prètriz yo.

Èldè M. Russel Ballard ki nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Tout moun ki fè alyans sakre avèk Senyè a epi ki onore alyans sa yo elijib pou yo resevwa revelasyon pèsonèl, pou yo gen benediksyon ministè zanj yo, pou yo kominike avèk Bondye, pou yo resevwa plenitid levanjil la, epi finalman, pou yo vin eritye ansanm avèk Jezikri nan tout sa Papa a genyen.”1

Benediksyon ak pwomès sèman ak alyans prètriz la konsène gason tankou fi. Sè Sheri L. Dew, ansyen konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Se sèlman yon gason ak yon fi ansanm ki kapab resevwa plenitid prètriz la ki nan òdonans ki pi wo yo nan kay Senyè a.”2

Sè Linda K. Burton, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, te fè apèl sa a: “Mwen envite nou pou nou memorize sèman ak alyans prètriz la, ke nou kapab jwenn nan Doktrin ak Alyans 84:33–44. Si nou fè sa, m pwomèt nou ke Sentespri a ap elaji konpreyansyon nou konsènan prètriz la epi l ap enspire nou ak edifye nou nan fason mèveye.”3

Enstriksyon Joseph Smith te bay Sosyete Sekou yo te destine pou prepare fi yo pou “vin posede privilèj ak benedikson ak don prètriz la.” Sa tap akonpli atravè òdonans tanp yo.

“Òdonans tanp yo se òdonans prètriz, men yo pa konfere ofis eklezyastik bay ni gason ni fi. [Òdonans sa yo ranpli] pwomès Senyè ke pèp li a—fi ak gason—tap dote avèk pouvwa ki soti anlè’ [D&A 38:32].”4

Ekriti adisyonèl ak enfòmasyon

Doktrin ak Alyans D&A 84:19-40; 121:45-46; reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. M. Russell Ballard, “Men and Women and Priesthood Power,” Liahona, Sept. 2014, 36.

  2. Elizabeth Ann Whitney, nan Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 128.

  3. Linda K. Burton, “Priesthood Power—Available to All,” Ensign, June 2014, 39–40.

  4. Gospel Topics, “Joseph Smith’s Teachings about Priesthood, Temple, and Women,” topics.lds.org.