2017
Konfyans
April 2017


Timoun

Konfyans

Eseye aktivite sa a avèk yon zanmi. W ap oblije kwè nan direksyon yo epi suiv yo avèk anpil atansyon.

Pran yon moso papye epi fè yon sèk ki reprezante yon figi sou papye a. Fèmen je w, avèk yon plim oswa yon kreyon nan men w. Kite zanmi w lan di w kibò pou ou mete je yo, nen, bouch, ak cheve sou figi a. Apre sa, fè yon ti gade. Kijan sa te ye? Ou kapab kolore figi a epi fè yon lòt ankò pou amize w!

Pafwa li difisil pou moun suiv direksyon. Men lè nou eseye suiv Papa nou ki nan Syèl la pandan nou ap koute Sentespri a, Li ap ede nou. Nou kapab toujou kwè L.