Mesaj vizit nan fwaye, Jiyè 2013
Anseye ak aprann levanjil la
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou. Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.
Lafwa, Fanmi, Sekou
Jezikri sete yon mèt enstriktè. Li te trase egzanp pou nou lè l te “anseye fi yo an foul e endividyèlman, nan lari ak bò lanmè a, bò pi a ak nan fwaye yo. Li te montre amou sansib li pou yo e li te geri yo menm ak manm fanmi yo.”1
Li te anseye Mat ak Mari epi li te “envite yo pou yo te vin disip li epi pran pa nan sali a, ‘bèl pòsyon sa a’ [Lik 10:42] yo pa gen dwa janm wete nan men yo a.”2
Nan ekriti dènye jou yo, Senyè a kòmande nou pou nou “youn anseye lòt doktrin wayòm nan” (D&C 88:77). Konsènan anseye ak aprann doktrin nan, Cheryl A. Esplin, dezyèm konseyè nan Prezidans Jeneral Primè a te di: “Aprann pou nou totalman konprann doktrin yo nan levanjil la se yon pwosesis tout yon lavi e li vini ‘liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò’ (2 Nefi 28:30).”3
Si nou aprann, etidye, ak priye, nou pral anseye avèk pouvwa Sentespri a, ki pral pote mesaj nou an “nan kè pitit lèzòm [ak fi yo]” (2 Nefi 33:1).
Apati Ekriti yo
Apati Istwa Nou
Pwofèt lepase nou yo te raple nou ke, antanke fi, nou gen yon wòl enpòtan kòm enstriktris nan fwaye a ak nan Legliz la. An Septanm 1979, Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te mande nou pou nou vin tounen “sè ki konn ekriti yo.” Li te di: “Se pou nou vin save nan ekriti yo—non pa pou kraze lòt moun, men pou elve yo! Apretou, kiyès ki gen pi gwo bezwen pou ‘cheri’ verite levanjil yo (ke yo ka aple nan moman bezwen yo) pase fi yo ak manman yo k ap fè sitèlman bagay pou nouri ak anseye?”4
Nou tout se enstriktè ak aprantisè. Lè nou anseye apati ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan nou yo, nou ka ede lòt moun vin jwenn Kris la. Lè nou angaje nan pwosesis aprantisaj la kote nou poze kesyon siyifikan epi apre nou koute, nou kapab jwenn repons ki reponn ak bezwen pèsonèl nou.
Kisa M Ka Fè?
-
Kijan m ap prepare pou m vin yon pi bon enstriktè?
-
Èske m pataje temwayaj mwen avèk sè m ap vizite yo?
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon Visiting Teaching Message, July 2013. Haitian Creole. 10667 036