2013
Motive pa lafwa
jiyè 2013


Jèn yo

Motive pa lafwa

Otè a ap viv Caroline du Nord, nan Etazini.

Mwen pap janm bliye mache nan zòn Winter Quarters, nan Nebraska, Etazini an, kote pyonye yo te viv ane anvan yo. M te santi tè a sakre, prèske kòmsi m t ap vizite lakou yon tanp.

Je m te plen dlo, ki te bouche vizyon mwen. Mwen te wè yon estati men m pa ka wè figi yo klèman. Lè m te siye dlo nan je mwen, m te wè yon mesye ak yon madanm ki te gen figi yo plen doulè. Lè m te gade pi pre, mwen te wè figi yon timoun kouche nan yon tonm bò pye yo.

Sa te ranpli m ak plizyè kalite emosyon: tristès, kòlè, gratitid, ak lajwa. M te anvi efase doulè Sen sa yo te santi a, men mwen te rekonesan an menm tan tou pou sa yo te sakrifye pou levanjil la.

Eksperyans mwen nan Winter Quarters a te ede m reyalize ke Papa nou ki nan Syèl la bay pitit li yo levanjil la e L ba yo libabit pou yo chwazi sa y ap fè avè l. Paran tibebe sa a te ka chwazi pou yo te pran yon chemen pi fasil. Suiv pwofèt la ak viv levanjil la te mande pou pyonye sa yo avanse menm lè sa te vle di antere pitit yo. Men yo te chwazi pou yo te pran levanjil la nan lavi yo ak aksepte pwoblèm yo. Mwen te aprann ke devouman Sen yo nan levanjil la ak detèminasyon yo pou avanse a te motive pa lafwa ak esperans—esperans pou yon demen pi bèl ak lafwa ke Senyè a te konnen yo e l te ka adousi lapenn yo.