2012
Renmen, Veye, ak Fòtifye
avril 2012


Mesaj Vizit nan fwaye, Avril 2012

Renmen, Veye, ak Fòtifye

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon yo pou ede w fòtifye sè w yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa w.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Menm jan avèk Sovè a, enstriktris nan fwaye yo pran swen sè yo youn pa youn (gade 3 Nefi 11:15). Nou konnen nou gen siksè nan travay nou kòm enstriktris nan fwaye lè sè nou yo kapab di: (1) enstriktris nan fwaye m yo ede m pwogrese espirityèlman; (2) Mwen konnen enstriktris nan fwaye m yo sousye yo anpil pou mwen ak fanmi m; epi (3) si m gen pwoblèm, mwen konnen enstriktris nan fwaye m yo ap fè lenesesè san yo pa tann moun mande yo fè sa.1

Kijan nou menm, antanke enstriktris nan fwaye, nou kapab renmen, veye, ak fòtifye yon sè? Men nèf sigjesyon nou jwenn nan chapit 7 liv Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society pou ede enstriktris nan fwaye yo pran swen sè yo:

  • Priye chak jou pou limenm ak fanmi li.

  • Chèche enspirasyon pou konnen limenm ak fanmi li.

  • Vizite l regilyèman pou ka konnen kijan l ye epi rekonfòte l ak fòtifye l.

  • Rete an kontak avèk li souvan atravè vizit, kout fil, lèt, imel, mesaj tèks, ak jès jantiyès senp.

  • Akeyi li nan reyinyon Legliz la.

  • Ede li lè l gen yon ijans, maladi, oswa lòt bezwen ijan.

  • Anseye li levanjil la apati ekriti yo ak Mesaj Vizit nan fwaye yo.

  • Enspire li nan tabli yon bon egzanp pou li.

  • Bay yon dirijant Sosyete Sekou rapò sou sèvis yo ak byennèt espirityèl ak tanporèl sè a.

Apati Ekriti yo

Lik 10:38–39; 3 Nefi 11:23–26; 27:21

Apati Istwa Nou

“Vizit nan fwaye vin tounen yon enstriman pou fi Sen Dènye Jou toupatou nan mond lan pou yo renmen, nouri, ak sèvi —pou yo ‘aji selon santiman Bondye plante andedan [nou] yo,’ jan Joseph Smith te anseye a.”2

Yon sè ki te fèk vin vèv te pale konsa de enstriktris nan fwaye li: “Yo te koute. Yo te konsole mwen. Yo te kriye avèk mwen. Epi yo te ban m akolad. … [Yo] te ede m soti nan dezespwa ak depresyon pwofon premye mwa solitid sa yo.”3

Ede nan tach tanporèl yo se yon fòm pran swen tou. Nan konferans jeneral Oktòb 1986 la, Prezidan Brigham Young te anonse ke pyonye ki tap rale charyo yo te bloke nan gwo nèj sou yon distans 270–370 mil (435–595 km). Li te mande Sen Dènye Jou nan Salt Lake City yo pou yo te al pote yo sekou epi “okipe yo avèk anpil atansyon de bagay ke nou rele tanporèl yo.” 4

Lucy Meserve Smith te ekri ke fi yo te retire jipon ak ba cho yo la menm nan tabènak la epi yo te mete yo nan charyo pou yo te voye bay pyonye ki te anba gwo fredi yo. Apre sa, yo te rasanble dra ak rad pou moun ki t ap finalman rive prèske san anyen yo. Lè konpayi charyo yo te rive, te gen yon bilding nan vil la ki te “ranpli avèk pwovizyon pou yo.”5

Nòt

  1. Gade Julie B. Beck, “What I Hope My Granddaughters (and Grandsons) Will Understand about Relief Society,” Liahona, Nov. 2011, 113.

  2. Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 112.

  3. Daughters in My Kingdom, 119–20.

  4. Brigham Young, “Remarks,” Deseret News, Okt. 15, 1856, 252.

  5. Gade Daughters in My Kingdom, 36–37.

Kisa m Ka Fè?

  1. Kijan m ka konnen sa sè m yo bezwen?

  2. Kijan sè m yo ap fè konnen ke m sousye m anpil pou yo?