Jèn yo
Mwen Ap Wè L Ankò
Papa m te fè nou chak timoun yo santi nou espesyal. Li te renmen nou e li te konn padone nou fasil. Li te fè tout sa l te kapab pou l te ka si ke nou chak te kontan, epi li te fè nou konnen ke l te vle sa ki te pi bon pou nou. Mwen te renmen l anpil.
Lè m te nan sizyèm ane fondamantal, papa m te mouri nan yon aksidan machin. Fanmi m avèk mwen te dekonstonbre nèt. Te gen yon gwo vid nan fanmi nou. Papa m se te moun ke m te konte sou li, se kote l mwen te toujou ale lè m te gen pwoblèm. Olye m te chèche èd, mwen te kite kòlè a ak blesi a rete. Finalman, mwen te deside ke se te fòt Bondye. Mwen te sispann li ekriti yo ak priye. Mwen te ale legliz sèlman paske manman m te vle m ale. Mwen te eseye rete lwen Papa m ki nan Syèl la.
Apre sa, mwen te ale nan kan Jènfi yo pou lapremyè fwa. Mwen te renmen rankontre nouvo zanmi, men m te toujou pa t li ekriti yo. Nan dènye jou swa a, nou te gen yon reyinyon temwayaj. Mwen te santi yon bagay ke m pa t santi depi yon bon bout tan: Lespri a. Mwen te admire jènfi ki te kanpe pou rann temwayaj yo, men mwen te rete chita paske m te panse ke m pa t gen yon temwayaj. Toudenkou, mwen te santi m dwe leve. Mwen te louvri bouch mwen, ap mande kisa pou m di. Konsa mwen te di ke m te kontan dèske m te ale nan kan Jènfi yo. Epi mwen te twouve m ap di ke m te konnen Jezikri te mouri pou mwen, ke Papa m ki nan syèl la renmen mwen epi Legliz la vrè.
Mwen te ranpli avèk yon lapè remakab. Gras a eksperyans sa a mwen ka di ke m konnen m ap wè papa m ankò akozde Ekspyasyon ak Rezirèksyon Sovè a.