Mesaj vizit nan fwaye, Mas 2012
Pitit fi m yo nan wayòm mwen an
Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo ak pou fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.
Lafwa, Fanmi, Sekou
Nou se pitit fi Papa nou ki nan Syèl la. Li konnen nou, li renmen nou, e li gen yon plan pou nou. Yon pati nan plan sa a se vini nou sou tè a pou aprann chwazi ant byen ak mal. Lè nou chwazi pou respekte kòmandman Bondye yo, nou onore li e nou rekonèt idantite nou kòm pitit fi Bondye. Sosyete Sekou ede nou sonje eritaj diven sa a.
Sosyete Sekou ak istwa li fòtifye nou e soutni nou. Julie B. Beck, Prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Antanke pitit fi Bondye, n ap prepare pou n resevwa afektasyon etènèl e nou chak gen yon idantite, yon nati, ak yon responsablite feminen. Siksè fanmi nou, kominote nou, Legliz sa a, ak plan sali presye a depann sou fidelite nou. … [Papa nou ki nan syèl la] vle pou Sosyete Sekou ede edifye pèp li a ak prepare yo pou benediksyon tanp yo. Li kreye òganizasyon sa a pou oryante pitit fi l yo nan travay li a ak pou angaje yo pou pote èd nan edifye wayòm ni an ak fòtifye fwaye Siyon yo.”1
Papa nou ki nan syèl la ba nou travay byen presi pou ede bati wayòm ni an. Li ba nou benediksyon don espirityèl nou bezwen yo pou akonpli travay espesifik sa a. Palentèmedyè Sosyete Sekou, nou jwenn opòtinite pou itilize don nou yo pou fòtifye fanmi yo, pou ede moun ki nan bezwen, ak pou aprann kijan pou nou viv antanke disip Jezikri.
Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, te di anpalan de disip: “Lè nou mache avèk pasyans sou chemen disip la, nou montre tèt nou grandè lafwa nou ak dispozisyon nou pou aksepte volonte Bondye olye de volonte pa nou.”2
Annou sonje nou se pitit fi Bondye epi efòse nou pou nou viv antanke disip li. Lè nou fè sa, n ap ede bati wayòm Bondye a isit sou tè a epi n ap vin diy pou retounen nan prezans li.
Apati ekriti yo
Zakari 2:10; Doktrin ak Alyans 25:1, 10, 16; 138:38–39, 56; “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (Liahona ak Ensign, Nov. 2010, 129)
Apati istwa nou
Jou 28 Avril 1842 a, Pwofèt Joseph Smith te di sè Sosyete Sekou yo: “Kounyeya, yo mete nou nan yon sitiyasyon kote nou ka aji selon santiman Bondye te plante nan [nou] yo. … Si nou viv alawotè privilèj nou, yo pap ka anpeche zanj yo vin asosye avèk nou.”3
Pandan l te rekonèt pouvwa Sosyete Sekou pou sèvi lòt moun ak pou ede moun grandi nan lafwa, Zina D. H. Young, twazyèm prezidant jeneral Sosyete Sekou, te pwomèt sè yo, an 1893: “Si nou fouye kè nou, n ap jwenn, avèk èd Lespri Senyè a, pèl gran pri a, ki se temwayaj konsènan travay sa a.”4
© 2012 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon Visiting Teaching Message, March 2012. Haitian Creole. 10363 036
Kisa m ka fè?
-
Kijan m ka ede sè m ap anseye yo atenn potansyèl yo antanke pitit fi Bondye?
-
Kijan m ka aplike nan lavi pa mwen konsèy ak avètisman yo bay fi yo nan Doktrin ak Alyans 25 la?