Jèn yo
Dirije pa yon pwofèt vivan
Lè m te gen 16 an, mwen te gen opòtinite pou ale nan yon konferans jeneral pou lapremyè fwa. Fanmi m t ap viv nan Lwès Oregon, nan Etazini, e nou te kondi ale Utah pou asiste konferans lan ak pou mennen gran frè m nan nan sant fòmasyon misyonè yo.
Mwen te ale nan konferans lan avèk yon dezi pou m resevwa ansèyman Sentespri a. Kòm rezilta, mwen te resevwa yon manifestasyon nan men Lespri a ke siman m pa t ap janm resevwa si m pa t prepare tèt mwen.
Pandan youn nan sesyon yo, tout moun te kanpe pou chante avèk kongregasyon an: “Vers Sion, cité promise.” Pandan nou t ap chante, mwen te santi enpresyon fò pou m te gade toutotou Sant Konferans lan. Mwen te fè sa e m te frape pa pouvwa inite dèmilye moun ki te la yo pandan nou tout t ap leve vwa nou nan louwanj pou Bondye a.
Lè sa a, mwen te fè yon eksperyans kote m te santi m tankou Nefi lè l te fè vizyon pyebwa lavi a, paske Lespri a te di m: “Gade” (gade 1 Nefi 11–14). Mwen te gade Prezidan Thomas S. Monson e m te santi ke inite Legliz la egziste paske nou dirije pa yon pwofèt vivan. Gras avèk temwayaj sa a Sentespri a te ban mwen an, mwen konnen Prezidan Monson se vrè pwofèt pou epòk pa nou an, e mwen konnen Jezikri ap dirije Legliz sa a palentèmedyè li.