2012
Gadyen fwaye yo
fevriye 2012


Mesaj vizit nan fwaye, Fevriye 2012

Gadyen fwaye yo

Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Pandan l t ap prezante “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou Mond lan” nan reyinyon jeneral Sosyete Sekou a an 1995 la, Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) te di: “Nou se gadyen fwaye yo.” “Nou se moun ki pote pitit yo. Nou se moun ki nouri yo ak etabli andedan yo abitid pou lavi yo. Okenn lòt travay pa mennen nou pi pre divinite a pase travay pou pran swen pitit gason ak pitit fi Bondye yo.”1

Pandan prèske 17 ane kounyeya pwoklamasyon sa a ranfòse ke responsablite ki pi enpòtan nou santre sou fòtifye fanmi yo ak fwaye yo — kèlkeswa sikonstans aktyèl nou. Barbara Thompson, ki se dezyèm konseyè nan Prezidans jeneral Sosyete Sekou a kounyeya, te nan Tabènak Salt Lake la lè Prezidan Hinckley te li pwoklamasyon an pou lapremyè fwa a. Li sonje: “Sa sete yon gwo okazyon.” Mwen te santi siyifikasyon mesaj la. “Mwen te twouve m ap panse, ‘Sa a se yon gwo gid pou paran yo. Se yon gwo responsablite pou paran yo tou.’ Mwen te panse pandan yon ti moman ke li pa t reyèlman konsène mwen paske mwen pa t marye e m pa gen pitit. Men prèske osi vit, mwen te panse: ‘Men li konsène mwen. Mwen se manm yon fanmi. Mwen se yon pitit fi, yon sè, yon matant, yon kouzin, yon nyès, yon pitit pitit fi. Mwen gen responsablite yo — ak benediksyon — yo paske m se manm yon fanmi. Menmsi m sete sèl manm nan fanmi mwen, mwen toujou yon manm fanmi Bondye a, e mwen gen yon responsablite pou ede fòtifye lòt fanmi yo.’”

Erezman, nou pa poukont nou nan efò nou yo. Sè Thompson di: “Pi gwo èd n ap jwenn nan fòtifye fanmi yo se konnen ak suiv doktrin Kris yo ak konte sou yo pou ede nou.”2

Apati ekriti yo

Pwovèb 22:6; 1 Nefi 1:1; 2 Nefi 25:26; Alma 56:46–48; Doktrin ak Alyans 93:40

Apati istwa nou

“Lè Sè Bathsheba W. Smith t ap sèvi kòm katriyèm prezidant jeneral Sosyete Sekou, [soti 1901 rive 1910], li te wè gen bezwen pou fòtifye fanmi yo, epi konsa li te etabli leson pou edikasyon manman yo pou sè Sosyete Sekou yo. Leson yo enkli konsèy sou maryaj, sou swen tibebe, ak sou elve timoun. Leson sa yo kore ansèyman Prezidan Joseph F. Smith yo sou ede fi yo nan Sosyete Sekou a nan wòl yo nan fwaye yo.

“Kèlkeswa kote gen inyorans oswa omwen yon mank konpreyansyon konsènan fanmi, devwa fanmi, avèk obligasyon familyal ki dwe egziste e ki nòmalman egziste ant mari ak madanm e ant paran ak pitit, òganizasyon sa a egziste oubyen li tou pre, e pa manda natirèl ak enspirasyon ki apatni a òganizasyon an, yo prepare e yo pare pou bay enstriksyon sou devwa enpòtan sa yo.’”3

Nòt

  1. Gordon B. Hinckley, “Stand Strong Against the Wiles of the World,” Ensign, Nov. 1995, 101.

  2. Barbara Thompson, “I Will Strengthen Thee; I Will Help Thee,” Liahona ak Ensign, Nov. 2007, 117.

  3. Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 153.

Kisa m ka fè?

  1. Kijan m ka ede sè m ap vizite yo fòtifye fanmi yo?

  2. Kijan m ka gen yon enfliyans jis nan fanmi mwen?