Mesaj Premye Prezidans, Fevriye 2012
Egzòte yo pou yo priye
Lè m te piti, paran m te anseye m, palegzanp, pou m priye. Mwen te kòmanse avèk, nan lespri m, imaj Papa m ki nan syèl la ki byen lwen. Pandan m t ap grandi, eksperyans mwen avèk lapriyè te chanje. Imaj nan lespri m nan te vin tounen imaj yon Papa nan Syèl la ki tou pre, ki nan limyè byen klere, epi ki konnen mwen pafètman.
Chanjman sa a te vini amezi m t ap akeri yon temwayaj sèten ke resi Joseph Smith la konsènan eksperyans li a an 1820 nan Manchester, Nouyòk la, se verite.
”M te wè yon kolòn limyè egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras jistan l te tonbe sou mwen.
”Sa pa t pran anpil tan pou m te wè m delivre anba ènmi ki te mare m nan. Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt sou lòt la — Se Pitit Gason Byeneme m nan. Koute l!” (Joseph Smith — Istwa 1:16–17).
Papa nou ki nan syèl la te nan boskè a nan bèl jou prentan sa a. Li te site non Joseph. Epi li te prezante Sovè mond lan ki te resisite a, antanke “Pitit Gason Byeneme” li. Kèlkeswa lè ak kèlkeswa kote n ap priye, temwayaj nou konsènan reyalite eksperyans gloriye sa a kapab beni nou.
Papa ke nou priye a se Bondye gloriye a ki te kreye mond yo pa mwayen Pitit Gason Byeneme li a. Li tande priyè nou menmjan l te tande priyè Joseph Smith la — osi klèman ke si nou t ap priye nan prezans yo. Li renmen nou ase pou l te bay Pitit Gason li a kòm Sovè nou. Pa kado sa a li rann posib pou nou jwenn imòtalite ak lavi etènèl. Epi li ofri nou, atravè lapriyè, nan non Pitit Gason l la, opòtinite pou nou kominike avèk li nan lavi sa a osi souvan ke nou vle.
Detantè Prètriz yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen devwa sakre pou “vizite kay chak manm, epi egzòte yo pou yo priye awotvwa an sekrè” (D&A 20:47; italik ajoute).
Gen plizyè fason pou egzòte yon moun pou l priye. Pa egzanp, nou ka temwaye ke Bondye kòmande nou pou nou toujou priye, oubyen nou ka dekri egzanp nan ekriti yo ak apati pwòp eksperyans pa nou sou benediksyon ki vini nan lapriyè gratitid, siplikasyon, ak demand. Pa egzanp, mwen ka temwaye ke m konnen Papa nou ki nan syèl la reponn priyè. Mwen resevwa direksyon ak rekonfò nan pawòl ki vini nan lespri mwen, e mwen konnen pa mwayen Lespri a ke pawòl sa yo soti nan Bondye.
Pwofèt Joseph Smith te fè kalite eksperyans sa yo, e ou menm tou ou kapab. Li te resevwa repons sa a pou priyè sensè li:
”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;
“Epi, si ou sipòte yo byen, Bondye ap leve ou anlè” (D&A 121:7–8).
Sa sete revelasyon yon Papa eman te bay yon pitit gason fidèl ki te nan gwo detrès. Chak pitit Bondye kapab kominike avèk li nan lapriyè. Okenn egzòtasyon pou priye pa fè efè osi gran sou mwen pase santiman lanmou ak limyè ki vini avèk repons enb priyè m yo.
Nou akeri yon temwayaj konsènan nenpòt kòmandman Bondye nan respekte kòmandman sa a (gade Jan 7:17). Sa se verite konsènan kòmandman pou nou toujou priye awotvwa ak an sekrè a. Antanke enstriktè nou ak zanmi nou, mwen pwomèt ke Bondye ap reponn priyè nou yo e pa pouvwa Sentespri a, nou kapab konnen pou tèt pa nou ke repons yo soti nan li.
© 2012 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon First Presidency Message, February 2012. Haitian Creole. 10362 036
Ansèyman apati mesaj sa a
-
“Foto yo disponib kòm zouti valab pou kore ide prensipal yon leson” (Ansèyman, pa gen pi gwo apèl [1999], 176). Montre foto Joseph Smith la oswa Premye Vizyon an. Pale sou eksperyans Joseph Smith te fè avèk lapriyè a. Nan ki fason priyè ou yo ap pi siyifikatif si nan lespri ou ou gen imaj “Papa nou ki nan syèl la … ki tou pre,” jan Prezidan Eyring te fè a?
-
Jan Prezidan Eyring sigjere a, panse pou pataje temwayaj ou konsènan lapriyè, pandan w ap dekri benediksyon ou te resevwa gras ak lapriyè, oswa pataje ekriti sou lapriyè.