2011
Chwa pou w rekonesan an
desanm 2011


Mesaj Premye Prezidans, Desanm 2011

Chwa pou w rekonesan

Imaj
Pa Prezidan Henry B. Eyring

Papa nou ki nan syèl la kòmande nou pou nou rekonesan nan tout bagay (gade 1 Tesalonisyen 5:18), epi Li mande pou nou bay remèsiman pou benediksyon nou resevwa yo (gade D&A 46:32). Nou konnen ke tout kòmandman yo la pou fè nou gen kè kontan, e nou konnen ke kraze kòmandman mennen nan mizè.

Konsa pou nou gen kè kontan ak pou evite mizè, nou dwe gen yon kè rekonesan. Nou konn wè nan lavi koneksyon ant rekonesans ak bonè. Nou tout ta renmen santi nou rekonesan, men li pa fasil pou n toujou rekonesan nan tout bagay nan eprèv lavi yo. Maladi, desepsyon, ak pèdi moun nou renmen rive pafwa nan lavi nou. Mizè nou yo kapab rann difisil pou nou wè benediksyon nou yo ak pou apresye benediksyon Bondye genyen an rezèv pou nou nan lefiti.

Se yon pwoblèm pou nou pou konte benediksyon nou yo paske nou gen yon tandans pou pran bon bagay yo pou nòmal. Lè nou gen yon kay pou nou rete, manje pou nou manje, oubyen chalè zanmi ak fanmi, nou reyalize konbyen nou ta dwe rekonesan dèske nou genyen yo.

Plis pase tout bagay, li pafwa difisil pou nou ase rekonesan pou pi gwo don nou resevwa a: nesans Jezikri, Ekspyasyon l la, pwomès rezirèksyon an, opòtinite pou jwi lavi etènèl avèk fanmi nou, Retablisman levanjil la avèk Prètriz la ak kle l yo. Se sèlman avèk èd Sentespri a nou kapab kòmanse santi sa benediksyon sa yo vle di pou nou ak pou moun nou renmen yo. E se sèlman lè sa a nou kapab espere pou n rekonesan nan tout bagay e evite bay Bondye ofans engratitd.

Nou dwe mande nan lapriyè pou Bondye, pa pouvwa Sentespri a, ede nou wè benediksyon nou yo klèman menm nan mitan eprèv nou yo. Li kapab ede nou pa pouvwa Lespri a pou rekonèt epi rekonesan pou benediksyon nou konsidere kòm nòmal yo. Sa ki plis ede m se mande Bondye nan lapriyè: “Èske ou ka tanpri dirije m vè yon moun mwen ka ede pou ou?” Se nan ede Bondye beni lòt moun mwen te wè pwòp benediksyon m yo pi klè.

Priyè mwen te reponn yon fwa pandan ke yon koup mwen pa t konnen anvan te envite m pou te ale nan yon lopital. Nan kote sa a mwen te jwenn yon tibebe si piti ke li te gwosè men mwen. Nan sèlman kèk grenn semèn li te viv yo, li te pase anba plizyè gwo egzanmen. Doktè yo te di paran yo ke yo t ap bezwen plis operasyon difisil pou kè a ak poumon yo te ka soutni lavi nan ti pitit Bondye sa a.

Sou demand paran yo, mwen te bay tibebe a yon benediksyon Prètriz. Benediksyon an te gan ladan yon pwomès ke lavi li t ap epaye. Plis pase bay yon benediksyon, mwen te resevwa benediksyon yon kè rekonesan pou tèt pa mwen.

Avèk èd Papa nou, nou tout kapab chwazi pou n santi plis rekonesans. Nou ka mande li pou ede nou wè benediksyon nou yo pi klèman, kèlkeswa sikonstans nou. Pou mwen jou sa a, plis pase jamè anvan, mwen te apresye mirak pwòp kè ak poumon pa m ki t ap travay. Mwen te bay remèsiman lè m t ap retounen lakay mwen pou pitit mwen yo te ka resevwa benediksyon pou yo te ka wè mirak bonte nan men Bondye ak nan men bon moun ki antoure yo.

Plis pase tout bagay, mwen te santi gratitid pou evidans Ekspyasyon an k ap travay nan lavi paran sousye sa yo ak nan lavi pa m. Mwen te wè espwa ak lanmou pi Kris la k ap briye sou figi yo, menm nan eprèv terib yo. Epi m te santi evidans nou kapab santi si nou mande Bondye pou revele nou ke Ekspyasyon an kapab pèmèt nou santi espwa ak lanmou.

Nou tout kapab fè chwa pou bay remèsiman nan lapriyè ak pou mande Bondye direksyon pou sèvi lòt moun pou Li — espesyalman pandan tan sa a nan ane a kote nou selebre nesans Sovè a. Bondye Papa a te bay Pitit Gason li a, e Jezikri te ba nou Ekspyasyon an, pi gwo nan tout kado ak tout don (gade D&A 14:7).

Bay remèsiman nan lapriyè kapab pèmèt nou wè grandè benediksyon sa yo ak tout lòt benediksyon nou yo epi konsa resevwa don yon kè pi rekonesan.

Ansèyman apati mesaj sa a

Ekri eksperyans ak benediksyon nou yo kapab ede nou sonje yo e banou yon bagay nou ka fè referans apre. Panse pou mande moun w ap anseye yo pou yo ekri pou ki bagay yo rekonesan — pou ede yo sonje benediksyon yo resevwa, rekonèt benediksyon moman prezan yo, ak tann benediksyon k ap vini demen yo.

Ou gen dwa ankouraje moun w ap anseye yo tou pou yo suiv egzanp Prezidan Eyring nan nan mande Papa nou ki nan syèl la pou dirije yo vè yon moun yo kapab ede oswa sèvi.