2011
Akonpli yon tach rekonesan
desanm 2011


Jèn yo

Akonpli yon tach rekonesan

Annou pa jis pale sou konte benediksyon nou yo — annou fè sa! Ekri yon lis 100 bagay nou dwe rekonesan pou yo. Si sa parèt twòp, eseye sa a:

  1. Ekri 10 kalite fizik ki fè ou rekonesan.

  2. Ekri 10 bagay materyèl ki fè ou rekonesan.

  3. Ekri 10 moun ki vivan ki fè ou rekonesan.

  4. Ekri 10 moun ki mouri ki fè ou rekonesan.

  5. Ekri 10 bagay sou lanati ki fè ou rekonesan.

  6. Ekri 10 bagay sou jodia ki fè ou rekonesan.

  7. Ekri 10 kote sou tè a ki fè ou rekonesan.

  8. Ekri 10 envansyon modèn ki fè ou rekonesan.

  9. Ekri 10 manje ki fè ou rekonesan.

  10. Ekri 10 bagay sou levanjil la ki fè ou rekonesan.

Lè nou fè yon lis tankou sa a, nou dekouvri ke yon lis 100 bagay se sèlman yon kòmansman nan tout sa Bondye ba nou.