Jezikri

Priyè Sentsèn

  • Kontni

  • Benediksyon pou Pen an

  • Benediksyon pou Dlo a

Priyè Sentsèn


Priyè Sentsèn

  • Benediksyon pou Pen an

    O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo. Amèn.


  • Benediksyon pou Dlo a

    O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye dlo sa a pou nanm tout moun ki bwè ladan l, pou yo kapab fè sa nan memwa san Pitit Gason w lan, ki te koule pou yo; pou yo kapab rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo toujou sonje l, pou yo kapab gen Lespri l avèk yo. Amèn.