11. Tè Sen an nan Epòk Nouvo Testaman an
N
Kle
Fwontyè politik
Sidon
Abilèn
Sarepta
Mòn Liban yo
Damas
Litani
Siri
Mòn Èmon
Fapa
Tir
Fenisi
Sezare Filipi
Vale Oule
Galile
Tolmayis (Ako)
Korazen
Betsayida
Kapènawòm
Kishon
Kana
Magdala
Lanmè Galile (Kinerèt)
Mòn Kamèl
Nazarèt
Tiberyas
Mòn Tabò
Yamouk
Nayen
Gadara
Sezare
Mòn Gilboa
Dekapòl
Samari
Salim?
Samari
Enon?
Laplèn Charon
Sika
Mòn Ebal
Jabòk
Jopa
Mòn Garizim
Arimate?
Aijalon
Betèl
Rivyè Jouden
Pere
Filadèlfi
Jeriko
Gran Lanmè (Lanmè Mèditerane)
Azòt
Sorèk
Emayis
Betabara
Jerizalèm
Mòn Olivye a
Bètfaje
Betani
Qumran
Laplèn Moab yo
Mòn Nebo
Askalon
Ela
Bètleyèm
Jideya
Gaza
Ebwon
Makawous
Gera
Idime
Lanmè Mòt
Anon
Besò
Bècheba
Masada
Dezè Jideya
Nabate
Zerèd
Kilomèt
0 20 40 60
A B C D
1 2 3 4 5 6 7 8
1
1
2
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
-
Tir ak Sidon Jezi te konpare Korazen ak Betsayida avèk Tir ak Sidon (Mat. 11:20–22). Li te beni pitit fi yon fi ki se yon Janti (Mat. 15:21–28).
-
Mòn Transfigirasyon Jezi te transfigire devan Pyè, Jak, ak Jan, epi yo te resevwa kle wayòm yo (Mat. 17:1–13). (Kèk moun kwè mòn Transfigirasyon an se mòn Èmon an; lòt moun kwè se mòn Tabò.)
-
Sezare Filipi Pyè te deklare Jezi se Kris la, epi Sovè a te pwomèt li kle wayòm nan (Mat. 16:13–20). Jezi te anonse pwòp lamò Li ak rezirèksyon Li (Mat. 16:21–28).
-
Rejyon Galile a Jezi te pase majorite lavi mòtèl li ak ministè l nan Galile (Mat. 4:23–25). Se nan kote sa Li te bay Diskou sou Mòn nan (Mat. 5–7); Li te geri yon lepre (Mat. 8:1–4); epi L te chwazi, òdone, epi voye Douz Apot yo, epi sanble nan pami yo tout, sete sèl Jida Iskaryòt ki pa t Galileyen (Mak 3:13–19). Nan Galile, Kris resisite a te parèt devan Apot yo (Mat. 28:16–20).
-
Lanmè Galile, pita yo te rele l lanmè Tiberyas Jezi te anseye nan bato Pyè a (Lik 5:1–3) epi l te aple Pyè, Andre, Jak, ak Jan pou yo vin pechè lèzòm (Mat. 4:18–22; Lik 5:1–11). Li te kalme tanpèt la tou (Lik 8:22–25), li te anseye parabòl yo nan yon bato (Mat. 13), li te mache sou lanmè a (Mat. 14:22–32), epi Li te parèt devan disip Li yo apre rezirèksyon L lan (Jan 21).
-
Betsayida Pyè, Andre, ak Filip te fèt nan Betsayida (Jan 1:44). Jezi t ale an prive avèk Apot li yo tou pre Betsayida. Miltitid moun yo te suiv Li epi Li te nouri 5.000 moun yo (Lik 9:10–17; Jan 6:1–14). Nan kote sa a, Jezi te geri yon nonm avèg (Mak 8:22–26).
-
Kapènawòm Sete lakay Pyè (Mat. 8:5, 14). Nan Kapènawòm, vil Matye te di sete “pwòp vil” Jezi a, Jezi te beni yon nonm paralize (Mat. 9:1–7; Mak 2:1–12), Li te geri sèvitè yon santiryon, Li te geri manman madanm Pyè (Mat. 8:5–15), Li te rele Matye pou vin youn nan Apot Li yo (Mat. 9:9), Li te ouvri je avèg, li te chase yon dyab (Mat. 9:27–33), Li te geri men sèch yon nonm nan jou Saba a (Mat. 12:9–13), Li te fè diskou pen lavi a (Jan 6:22–65), epi L te aksepte pou peye taks, Li te di Pyè pou L pran lajan an nan bouch yon pwason (Mat. 17:24–27).
-
Magdala Sete lakay Mari Madlèn (Mak 16:9). Jezi te vini nan kote sa a apre l te fin nouri 4.000 moun yo (Mat. 15:32–39), Epi Farizyen yo ak Sadiseyen yo te mande pou L montre yo yon siy ki soti nan syèl la (Mat. 16:1–4).
-
Kana Jezi te fè dlo tounen diven (Jan 2:1–11) epi l te geri pitit gason yon grannèg ki te nan Kapènawòm (Jan 4:46–54). Kana sete kay Natanayèl tou (Jan 21:2).
-
Nazarèt Vizit anjelik Mari ak Jozèf la te fèt nan Nazarèt (Mat. 1:18–25; Lik 1:26–38; 2:4–5). Lè l te retounen soti an Ejip, Jezi te pase anfans Li ak jenès Li nan kote sa a (Mat. 2:19–23; Lik 2:51–52), Li te anonse Li se Mesi a, epi pèp pa Li a te rejte L (Lik 4:14–32).
-
Jeriko Jezi te fè yon nonm avèg wè (Lik 18:35–43). Li te dine avèk Zache tou, “chèf ki nan pami pibliken yo” (Lik 19:1–10).
-
Betabara Janbatis te temwaye li se “vwa moun ki t ap kriye nan dezè a” (Jan 1:19–28). Jan te batize Jezi nan rivyè Jouden an epi l te temwaye Jezikri se Ti Mouton Bondye a (Jan 1:28–34).
-
Dezè Jideya Janbatis te preche nan dezè sa a (Mat. 3:1–4), kote Jezi te jene 40 jou epi kote dyab la te tante l (Mat. 4:1–11).
-
Emayis Kris resisite a te mache sou wout Emayis la avèk de nan disip Li yo (Lik 24:13–32).
-
Bètfaje De nan disip yo te pote yon jèn bourik bay Jezi, sou li, Li te kòmanse antre triyonfal Li a nan Jerizalèm (Mat. 21:1–11).
-
Betani Sete lakay Mari, Mat, ak Laza (Jan 11:1). Mari te tande pawòl Jezi yo, epi Jezi te pale avèk Mat konsènan chwazi “bon pati” a (Lik 10:38–42); Jezi te leve Laza nan pami mò yo (Jan 11:1–44); epi Mari te wen pye Jezi (Mat. 26:6–13; Jan 12:1–8).
-
Bètleyèm Jezi te fèt epi yo te mete l kouche nan yon pak bèt (Lik 2:1–7); zanj te anonse bèje yo nesans Jezi (Lik 2:8–20); yon zetwal te dirije dèzòm saj kote Jezi (Mat. 2:1–12); epi Ewòd te touye timoun yo (Mat. 2:16–18).