Apèl mwen kòm yon Dirijan Gadri
Responsablite yo
Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite pou apèl ou a.
Objektif Primè a
Primè ede timoun yo santi lanmoun Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè L la; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak suiv enfliyans Sentespri a. Primè a tou se yon peryòd pou prepare pou, fè ak kenbe alyans sakre yo pandan timoun yo ap patisipe nan plan sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.1.)
Dirijan Gadri
Anseye pitit Bondye yo se yon privilèj sakre. Gadri a ede timoun 18 mwa a 3 ane yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la epi aprann sou plan bonè L la. Dirijan Gadri yo renmen, anseye, ak sèvi timoun yo. Yo asire sekirite ak byennèt yo tou (gade 12.1.5).
Klas Dimanch
Dirijan gadri yo ede dapre Behold Your Little Ones. Yo suiv prensip yo nan Anseye nan Fason Sovè a ak Chapit 17 nan Manyèl Jeneral la. Lè adilt yo anseye timoun yo nan anvironman Legliz la, omwen de adilt responsab ta dwe prezan (gade 12.3.5).
Direksyon ak Règleman
Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Timoun ak Jèn nan, nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org W ap jwenn direksyon ak règleman konsènan timoun ki gen bezwen espesyal yo, obligasyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn nan, ak lòt nan seksyon 12.5 nan Manyèl Jeneralla.