Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo
Appendis A: Pou Paran—Prepare Piti ou Yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a


“Apendis A: Pou paran—Prepare Timoun ou Yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“Apendis A,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

Appendis A

Pou Paran—Prepare Pitit Ou yo pou Tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a

Paske Li renmen w, Li fè w konfyans, epi Li konnen potansyèl ou, Pè Selès la ba ou opòtinite pou w ede timoun ou yo antre ak pwogrese sou chemen alyans Li a, chemen ki mennen nan lavi etènèl la (gade Doktrin ak Alyans 68:25–28). Sa enkli ede yo prepare yo pou yo fè ak kenbe alyans sakre, tankou alyans batèm lan ak alyans ki fèt nan tanp yo. Atravè kòmandman sa yo, timoun ou yo ap atache yo a Sovè a, Jezikri.

Gen anpil fason pou w prepare timoun ou yo pou vwayaj sa a sou chemen alyans lan, epi Pè Selès la ap ede w dekouvri meyè fason pou ede yo. Pandan w ap chèche enspirasyon, toujou sonje ke se pa tout bagay moun rive aprann pandan leson ki pwograme yo. Anfèt, yon pati nan sa k fè aprantisaj nan fwaye a si puisan konsa se opòtinite pou aprann palegzanp epi atravè ti moman senp yo—kmoman i rive tou natirèlman nan dewoulman lavi kotidyen an. Menm jan suiv chemen alyans lan se yon pwosesis konsistan ki dire tout yon lavi a, se konsa aprann osijè chemen alyans lan ye tou. (Gade nan “Fwaye ak Fanmi,” Anseye nan Fason Sovè a [2022], 30–31.)

Imaj
manman avèk pitit

Gen anpil fason pou w prepare pitit ou yo pou vwayaj yo sou chemen alyans Bondye a.

Anba la a gen kèk ide ki ka mennen nan plis enspirasyon. Ou ka jwenn ide adisyonèl pou anseye timoun laj Primè nan “Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”

Batèm ak Konfimasyon

Nefi te anseye ke “pòt pou [nou] antre sou” chemen alyans lan “se repantans ak batèm nan dlo” (2 Nefii 31:17). Efò w pou ede pitit ou yo prepare yo pou batèm ak konfimasyon an ka ede yo mete pye yo fèm sou chemen sa a. Efò sa yo kòmanse avèk anseye yo sou lafwa nan Jezikri ak sou repantans. Yo enkli anseye sou kijan nou renouvle alyans batèm nou lè nou pran sentsèn chak semèn tou.

Men kèk resous ki ka ede w: 2 Nefi 31; nimewo espesyal revi Zanmi an sou batèm; Sijè Levanjil yo, “Batèm,” Bibliyotèk Levanjil la.

  • Kèlkeswa lè w fè yon eksperyans ki ka fòtifye lafwa w nan Pè Selès la ak nan Jezikri, pataje l avèk pitit ou. Ede l konprann ke lafwa se yon bagay ki ka grandi vin pi solid pandan tout lavi nou. Ki kèk bagay pitit ou a ka fè pou devlope yon lafwa ki pi puisan nan Kris la avan l batize?

  • Lè pitit ou fè yon move chwa, pale avèk kè kontan konsènan don repantans lan. Epi lè w fè yon move chwa, pataje lajwa ki vini lè w repanti. Temwaye ke paske Jezikri te soufri epi mouri pou peche nou yo, Li te ba nou pouvwa pou nou chanje. Lè pitit ou chèche padon, padone l san rezèv epi ak lajwa.

  • Pale pitit ou de batèm ou. Montre foto epi pataje souvni. Pale de kijan ou te santi w, kijan alyans batèm ou yo ede w vin konnen Jezikri pi byen, ak kijan yo kontinye beni lavi w. Ankouraje timoun yo pou yo poze kesyon.

  • Lè gen yon batèm nan fanmi w oswa nan pawas ou a, mennen pitit ou al gade l. Pale ansanm de sa oumenm ak pitit ou a te wè ak sa nou te santi. Si sa posib, pale avèk moun ki ap batize a epi poze kesyon tankou sa a: “Kijan w te fè pou w pran desizyon sa a? Kijan w te santi w?

  • Kèlkeswa lè ou remake pitit ou ap fè yon bagay li te pwomèt pou l fè, se pou w montre l apresyasyon sensè. Siyale ke respekte angajman yo ede nou prepare pou pou nou respekete alyans nou fè lè nou batize yo. Poukisa nou abiye anblan lè n ap batize? Kisa Li pwomèt nou? (gade nan Mozya 18:8–10, 13).

  • Lè oumenm ak pitit ou fè yon eksperyans sakre ansanm (tankou nan legliz la, pandan n ap li ekriti yo, oswa pandan n ap sèvi yon moun), pale l de santiman espirityèl oubyen enpresyon ou genyen yo. Envite pitit ou pataje kijan li santi l. Remake divès fason Lespri a ka pale avèk moun, enkli fason Li pale avèk oumenm pèsonèlman. Ede pitit ou rekonèt moman kote l kapab ap fè eksperyans enfliyans Sentespri a.

  • Gade ansanm kèk nan videyo nan koleksyon Medyatèk Levanjil la ki gen tit “Hear Him (Tande L)!” Pale ansanm de mwayen sèvitè Senyè a yo tande vwa Li. Envite pitit ou a desine yon foto oswa fè yon videyo sou fason li tande vwa Sovè a.

  • Pale de kijan vin yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo beni w. Kijan w vin pi pre Pè Selès la ak Jezikri pandan w ap sèvi lòt moun ak pandan lòt moun ap sèvi w? Ede pitit ou panse a fason pou l sèvi ak fòtifye lòt moun antanke yon manm Legliz la.

  • Fè sentsèn nan tounen yon evenman sakre ki pote lajwa pou fanmi w. Ede pitit ou planifye fason pou l konsantre sou Jezikri pandan sentsèn nan. Kijan nou montre ke ekriti yo sakre pou nou?

  • Anpil nan nimewo revi Zanmi an genyen atik, istwa, ak aktivite pou ede timoun yo prepare yo pou batèm ak konfimasyon. Kite pitit ou chwazi kèk pou l li ak jwi avèk ou. (Gade nan koleksyon “Preparasyon pou Batèm” nan tou nan seksyon timoun yo nan Medyatèk Levanjil la.)

    Imaj
    yon tigason k ap batize

    Nefi te anseye ke “pòt pou [nou] antre sou” chemen alyans lan “se repantans ak batèm nan dlo” (2 Nefii 31:17).

Pouvwa, Otorite ak Kle Prètriz yo

Prètriz la se otorite ak pouvwa Bondye ke L itilize pou beni pitit Li yo. Prètriz Bondye a sou tè a jodi a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Tout manm nan Legliz la ki respekte alyans yo—enkli timoun yo—beni avèk pouvwa prètriz Bondye a nan fwaye yo pou yo fòtifye tèt yo ak fanmi yo (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 3.5, Bibliyotèk Levanjil la). Pouvwa sa a ap ede manm yo nan fè travay sali ak egzaltasyon Bondye a nan lavi pèsonèl yo ak nan fanmi yo (gade Manyèl Jeneral,2.2).

Nou resevwa òdonans pa otorite prètriz la. Lè gason ak fi sèvi nan apèl nan Legliz la, yo fè sa avèk otorite prèriz la, sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo. Tout pitit Papa nou ki nan Syèl la—pitit gason L yo ak pitit fi L yo—ap beni lè yo vin pi byen konprann prètriz la.

Pou aprann plis konsènan prètriz la, gade Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 76–79; Russell M. Nelson, “Pri Pouvwa Prètriz la,” Lyawona, Me 2016, 66–69; “Prensip Prètriz yo,” chapit 3 nan Manyèl Enstriksyon Jeneralla.

  • Fè òdonans prètriz yo tounen yon eleman konsistan nan lavi fanmi nou. Pa egzanp, ede pitit ou prepare espirityèlman pou reyinyon sentsèn chak semèn nan. Ankouraje pitit ou pou l chèche benediksyon prètriz lè l malad oubyen lè l bezwen rekonfò oswa direksyon. Fè sa tounen yon abitid pou siyale fason Senyè a ap beni fanmi w atravè pouvwa prètriz la.

  • Lè n ap li ekriti yo ansanm, chèche jwenn opòtinite pou diskite sou fason Bondye beni moun atravè pouvwa Li. Pataje pwòp eksperyans pa w sou moman kote Bondye te beni w atravè prètriz Li a. Pou egzanp sou benediksyon nou resevwa nan men Bondye atravè prètriz la, gade Manyèl Jeneral, 3.2,3.5.

  • Aprann liy otorite prètriz yon moun nan fanmi w. (Detantè Prètriz Mèlkisedèk yo ka resevwa yon kopi liy otorite yo a si yo voye yon imel nan LineofAuthority@ChurchofJesusChrist.org; gade tou nan “Fè demann yon Liy Otorite Prètriz la” nan Sant pou Asistans nan ChurchofJesusChrist.org.) Pale de rezon ki fè li enpòtan pou nou konnen ke otorite prètriz la soti nan Jezikri Limenm. Poukisa Li pataje l avèk nou?

  • Anseye pitit ou ke apre batèm, li ka resevwa pouvwa prètriz la si l respekte alyans batèm nan. Revize ansanm mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Trezò Espirityèl” la nan (Lyawona, Nov. 2019, 76–79). Di pitit ou kijan òdonans prètriz yo pote pouvwa Bondye nan lavi w. Pou yon lis sou kèk nan fason nou beni pa pouvwa prètriz la, gade nan Manyèl Jeneral,3.5.

  • Diskite sou kesyon “Avèk kisa yon sèvitè Senyè a sanble?” Li ansanm Doktrin ak Alyans 121:36–42, epi chèche jwenn repons yo. Kèlkeswa lè w remake pitit ou (oswa yon lòt moun) ap aplike youn nan prensip oswa kalite ki nan vèsè sa yo, siyale sa.

  • Lè oumenm oswa pitit ou itilize kle pou ouvri yon pòt oubyen pou estat yon machin, pran yon moman pou konpare kle sa yo avèk kle dirijan prètriz yo genyen yo. (Pou yon definisyon sou kle prètriz, gade nan Manyèl Jeneral, 3.4.1). Kisa kle prètriz yo “dekadnase” oswa “demare” pou nou? Gade tou nan Gary E. Stevenson, “Ki Kote Kle ak Otorite Prètriz la Ye?,” Lyawona, Me 2016, 29–32; “Ki Kote Kle yo Ye?” (videyo), Biblyotèk Levanjil la.

  • Lè y ap mete w apa pou yon apèl, envite pitit ou pou l prezan, si sa posib. Kite pitit ou wè oumenm ki ap ranpli apèl ou. Ou ta ka menm chèche jwenn fason apwopriye li ka ede w. Dekri kijan ou santi pouvwa Senyè a nan apèl ou a.

Ale nan Tanp—Batèm ak Konfimasyon pou Mò yo

Tanp toujou fè pati plan Papa nou ki nan Syèl la pou pitit Li yo. Nan tanp yo, nou fè alyans sakre avèk Pè Selès la lè nou patisipe nan òdonans sakre, yo tout dirije nou vè Jezikri. Pè Selès la founi yon mwayen pou tout pitit Li yo fè alyans epi pou yo patisipe nan òdonans, enkli moun ki pa t resevwa yo nan lavi sa a. Nan kòmansman ane li vin gen 12 zan an, pitit ou a gran ase pou l fè batèm ak konfimasyon nan tanp pou zansèt li ki mouri.

  • Ale nan tanp osi souvan ke sitiyasyon pèsonèl ou pèmèt ou. Pale pitit ou de rezon ki fè ou prale nan tanp lan ak kijan tanp lan ede w santi w pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

  • Revize epi diskite sou kesyon rekòmandasyon tanp yo ansanm. Pale pitit ou de sa ki pase nan yon entèvyou rekòmandasyon tanp. Pataje rezon ki fè posede yon rekòmandasyon tanp enpòtan pou ou.

  • Li ansanm Malachi 4:6. Pale de fason kè w ta kapab vire sou zansèt ou yo. Aprann plis bagay konsènan zansèt ou yo nan eksplore istwa familyal ou ansanm nan FamilySearch.org. Chèche jwenn zansèt ki bezwen batize ak konfime. Konsiltan tanp ak istwa familyal nan pawas ou a ka ede w.

  • Revize ansanm kèk nan resous ki nan koleksyon ki pote tit “Tanp” lan nan seksyon timoun yo nan Biblyotèk Levanjil la. (Gade tou nan “Prepare Pitit ou pou Batèm ak Konfimasyon nan Tanp” nan ChurchofJesusChrist.org.)

Resevwa yon Benediksyon Patriyakal

Yon benediksyon patriyakal ka yon sous konsèy, rekonfò, ak enspirasyon. Li genyen ladan l konsèy pèsonèl Pè Selès la dispoze pou nou epi li ede nou konprann idantite nou ak objèktif etènèl nou. Ede pitit ou prepare l pou l resevwa yon benediksyon patriyakal nan anseye l siyifikasyon ak nati sakre benediksyon patriyakal yo.

Pou w aprann plis, gade nan Sijè Levanjil yo, “Benediksyon Patriyakal,” Biblyotèk Levanjil la.

  • Pataje avèk pitit ou de eksperyans ou te fè lè w t ap resevwa yon benediksyon patriyakal. Ou ta kapab pataje bagay tankou kijan w te prepare w pou w te resevwa l, kijan li ede w vin pi pre Bondye, ak kijan ou itilize benediksyon an nan lavi w. Ou ta kapab envite pitit ou tou pou l pale avèk lòt manm fanmi an ki te resevwa benediksyon patriyakal yo tou.

  • Pran tan pou revize ansanm kèk nan resous ki nan Sijè Levanjil yo, “Benediksyon Patriyakal.” Pou aprann plis bagay sou pwosesis pou resevwa yon benediksyon patriyakal, gade nan Manyèl Jeneral,18.17.

  • Si w gen zansèt ki te resevwa benediksyon patriyakal, li ta kapab enspiran pou w li kèk ladan yo avèk pitit ou a. Pou mande benediksyon zansèt ki mouri, konekete nan ChurchofJesusChrist.org, klike sou senbòl kont lan ki anlè kwen dwat ekran an, epi seleksyone “Benediksyon Patriyakal.”

  • Apre pitit ou a fin resevwa yon benedikshyon patriyakal, envite manm fanmi an ki te prezan pou yo ekri sa yo te santi epi pou yo pataje yo avèk pitit ou a.

Ale nan Tanp—Dotasyon an

Bondye vle dote, oswa beni tout pitit Li yo avèk pouvwa ki soti anwo” (Doktrin ak Alyans 95:8). Nou ale nan tanp pou nou resevwa pwòp dotasyon pa nou yon fwa sèlman, men alyans nou fè avèk Bondye yo ak pouvwa espirityèl Li ba nou kòm yon pati nan dotasyon an kapab beni nou chak jou nan lavi nou.

  • Montre yon foto tanp ki pi pre lakay ou a. Pale pitit ou de santiman w te genyen lè w te nan tanp lan. Pale souvan de lanmou w pou Senyè a ak pou kay Li a ak alyans ou fè ladan l yo.

  • Eksplore ansanm temples.ChurchofJesusChrist.org. Li ansanm atik tankou “Konsènan Dotasyon Tanp lan” ak “Prepare pou Kay Senyè a.” Kite pitit ou a poze nenpòt kesyon li genyen konsènan tanp. Pou konsèy konsènan sa nou ka pataje lè nou deyò tanp lan, gade mesaj Èldè David A. Bednar “Prepare pou Jwenn Tout Bagay ki Nesesè” a (Ensign oswa Liahona, Me 2019, 101–4; gade espeyalman nan seksyon ki pote tit “Aprantisaj ki Santre nan Fwaye e Sipòte pa Legliz la ak Preparasyon pou Tanp”).

  • Lè oumen ak pitit ou a patisipe oswa temwen nan lòt òdonans (tankou sentsèn oswa yon benediksyon pou gerizon), pran yon moman pou diskite sou senbòl ki enplike nan òdonans lan. Kisa dèt yo reprezante? Kijan yo rann temwayaj konsènan Jezikri? Sa ka ede pitit ou a prepare l pou l medite sou siyifikasyon senbolik òdonans tanp yo, ki rann temwayaj konsènan Jezikri tou.

  • Ede pitit ou a wè kijan l ap respekte alyans batèm yo dekri nan Mozya 18:8–10, 13la. Ede pitit ou a wè tou kijan Senyè a ap beni l. Bati konfyans pitit ou a nan kapasite l pou l respekte alyans yo.

  • Pale ouvètman e souvan de kijan alyans tanp yo gide chwa w epi ede w grandi pou vin pi pre Jezikri. Ou ta kapab itilize Manyèl Jeneral, 27.2, a pou revize alyans nou fè nan tanp lan.

Sèvi yon Misyon

Èldè David A. Bednar te anseye: “Grenn bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou prepare w pou yon apèl pou sèvi se vin yon misyonè lontan avan w ale nan yon misyon. … Pwoblèm nan se pa ale nan yon misyon, okontrè, pwoblèm nan se vin tounen yon misyonè epi sèvi pandan tout lavi nou avèk tout kè nou, kapasite, panse, ak fòs nou. … W ap prepare e pou travay misyonè pou tout yon lavi” (“Vin tounen yon Misyonè,” Lyawona, Nov. 2005, 45–46). Eksperyans pitit nou fè nan vin tounen yon misyonè a ap beni l etènèlman, pa sèlmam pou peryòd tan li kapab ap sèvi kòm misyonè a.

Pou aprann plis, gade Russell M. Nelson, “Preche Levanjil Lapè a,” Lyawona, Me 2022, 6–7; M. Russell Ballard, “Sèvis Misyonè Beni Lavi M Pou toutan,” Lyawona, Me 2022, 8–10; Preparasyon Misyonè: Ajiste pou Lavi Misyonè, Bibliyotèk Levanjil la.

  • Demontre kijan pou pataje levanjil la nan fason tou natirèl. Toujou rete vijilan devan opòtinite pou pataje avèk lòt moun sa w santi konsènan Pè Selès la ak Sovè a ak benediksyon ou resevwa kòm manm Legliz Li a. Envite lòt moun pou yo vini avèk fanmi w nan Legliz la- ak nan aktivite ki gen rapò avèk fanmi.

  • Chèche jwenn opòtinite pou fanmi w rankontre avèk kèk misyonè. Envite yo pou yo anseye zanmi w, oswa ofri pou w kite yo anseye moun ki nan fwaye w. Poze misyonè yo kesyon sou eksperyans y ap fè ak kijan sèvis misyonè ap ede yo vin pi pre Jezikri. Mande yo kisa yo te fè (oswa swete yo te fè) pou yo te prepare yo pou vin misyonè.

  • Si w te sèvi yon misyon, pale ouvètman e souvan de eksperyans ou yo. Oubyen envite zanmi oswa manm fanmi w ki te fè misyon pou yo pale de eksperyans pa yo. Ou ta kapab pale de fason w pataje levanjil la avèk lòt moun pandan tout lavi w tou. Ede pitit ou a reflechi sou fason li ka pataje levanjil la.

  • Bay pitit ou a opòtinite pou l anseye fanmi w prensip levanjil yo. Pitit ou a ta kapab pratike pataje kwayans li avèk lòt moun tou. Pa egzanp, ou ta ka diskite sou kesyon tankou “Kijan nou t ap entwodui Liv Mòmon an pou yon moun ki pa janm tande pale de li?” oswa “Kijan nou t ap dekri nesesite yon Sovè pou yon moun ki pa yon Kretyen?”

  • Ede pitit ou a vin alèz nan pale avèk moun. Èske w ka site kèk bon fason pou moun kòmanse yon konvèsasyon? Ankouraje pitit ou a aprann koute sa lòt moun di, konprann sa ki nan kè yo, ak pataje verite levanjil ki ta kapab beni lavi yo.

  • Chèche jwenn opòtinite pou pitit ou a aprann konsènan lòt kilti ak relijyon. Ede l rekonèt ak respekte prensip ki bon e ki vrè nan kwayans lòt moun.

Ale nan Tanp—Sèlman

Nan tanp lan, yon mari ak yon madanm ka marye pou letènite. Sa fèt nan yon òdonans ki rele sèlman. Malgre òdonans sa a gen dwa pa rive avan anpil ane pou pitit gason oswa pitit fi w la, ti bagay piti, senp, konsistan nou fè ansanm yo pandan ane sa yo ka ede l prepare l pou benediksyon mèvèye sa a.

  • Gade “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” nan Biblyotèk Levanjil la. Kisa pwoklamasyon sa a anseye konsènan lajwa nan lavi familyal ak konsènan maryaj ki reyisi? Avèk pitit ou a, chwazi youn nan prensip ki nan lis ki nan pwoklamasyon an pou nou etidye. Ou ta kapab chèche jwenn ekriti ki gen rapò avèk prensip sa a nan Gid Ekriti yo. Ou ta kapab fikse bi pou aplike prensip sa a pi konplètman nan fanmi w tou. Lè w ap travay sou bi w yo, diskite ansanm sou efè ke viv prensip sa a genyen sou lavi familyal.

  • Li mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Nan Louwanj pou Moun Ki Sove yo” avèk pitit ou a (Ensign oswa Liahona, Me 2016, 77–80). Lè w rive nan seksyon ki pote tit “Yon Sosyete Bagay Jetabla,” ou ta gen dwa chèche jwenn bagay nan fwaye a ki jetab ak lòt bagay ki pa jetab. Pale de kijan w trete bagay yo nan fason diferan lè w vle yo dire anpil tan. Kisa sa sigjere sou fason nou ta dwe trete relasyon maryaj nou ak relasyon familyal nou? Ki lòt bagay nou aprann nan mesaj Prezidan Uchtdorf la sou fason Sovè a ka ede nou bati maryaj ak fanmi ki solid?

  • Si w marye, se pou w pale ouvètman avèk pitit ou a sou sa w santi n ap fè byen antanke koup, bagay n ap aprann, ak fason n ap eseye amelyore. Si oumenm ak konjwen w te sele nan tanp, montre pitit ou a, atravè egzanp ou, kijan n ap fè efò pou nou respekte alyans nou youn fè avèk lòt yo ak alyans nou fè avèk Senyè a. Di pitit ou a kijan n ap fè efò pou nou mete Pè Selès la ak Sovè a kòm eleman santral nan relasyon nou ak kijan Y ap ede nou.

  • Lè gen desizyon ki pou pran nan fanmi an, fè konsèy familyal epi diskite ansanm. Asire w ke nou koute ak valorize opinyon tout manm fanmi an. Itilize diskisyon sa yo kòm yon opòtinite pou demontre bon kominikasyon ak jantiyès nan relasyon familyal, menm lè tout moun pa wè bagay yo menm jan.

  • Lè gen yon dezakò oswa konfli nan fanmi an, demontre pasyans ak konpasyon. Ede pitit ou a wè kijan jere konfli nan fason Kris la kapab ede l prepare l pou yon maryaj plen lajwa. Li ansanm Doktrin ak Alyans 121:41–42, epi pale de kijan prensip ki nan vèsè sa yo ka aplike nan maryaj.