EnglishConnect for Missionaries
Leson 10. Woutin Kotidyen yo


“Leson 10: Woutin Kotidyen yo,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 10,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

de fi ki ap ri

Lesson 10

Daily Routines

Objektif: M pral aprann dekri woutin kotidyen mwen ak woutin chak semèn yo.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: You Are a Child of God

Ou Se yon Pitit Bondye

I am a child of God with eternal potential and purpose.

M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.

Ou se yon pitit fi oswa pitit gason Bondye. Li genyen anpil bagay Li vle ede nou aprann. Li vle ede w atenn potansyèl etènèl ou. Pafwa sa ka sanble enposib. Nan Bib la, nou li konsènan yon jèn fi ki te rele Mari. Yon anj te vizite li epi di l li ta pral vin manman Jezikri, ki Sovè tout moun nan. Li ta pral grandi Pitit Gason Bondye a sou a tankou pwòp pitit pa li. Petèt Mari te santi li depase pa sa Pè Selès la te vle pou li fè a epi vin tounen an, men anj la te di li:

“Paske avèk Bondye anyen pa enposib” (Lik 1:37).

Avèk Bondye, enposib tounen posib. Mari te vin tounen manman Pitit Gason Bondye a. Tankou Mari, Bondye vle ede ou atenn potansyèl ou epi akonpli objektif ou nan lavi a. Priye Li epi mande Li kisa Li vle pou ou fè. Suiv panse ak santiman ou resevwa nan men Espri Li a. L ap gide ou. Petèt ou bezwen aprann Anglè pou ou kapab resevwa yon edikasyon oswa pran swen fanmi ou. Sonje ke “avèk Bondye anyen pa enposib.” Avèk Bondye, ou ka aprann Anglè. Avèk Bondye, ou ka atenn potansyèl etènèl ou.

Gabriel ak Mari

Ponder

  • Kisa w santi Bondye vle pou w fè?

  • Lè Bondye envite ou pou fè bagay ke ou panse ki enposib yo, kijan ou ka chwazi aji ak lafwa?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo avan konvèsasyon an gwoup ou a. Voye yon mesaj bay yon zanmi nan gwoup EnglishConnect la avèk nouvo mo yo.

every

chak

Time

day

jou

week

semèn

weekend

wikenn

morning

maten

afternoon

aprèmidi

evening

aswè/sware

month

mwa

Verbs

clean the house

netwaye kay la

do laundry

fè lesiv

eat breakfast

manje manje maten

get dressed

abiye

get up

leve

go dancing

al danse

go shopping

al fè makèt

take a shower

pran yon douch

watch videos

gade videyo

Adverbs

always

toujou

usually

dabitid

sometimes

pafwa

never

jamè

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: What do you do every (time)?A: I (verb) every (time).

Questions

kesyon modèl 1 kisa ou ou fè chak lè

Answers

repons modèl 1 mwen vèb chak lè

Examples

Q: What do you do every week?A: I do laundry every week.

tèt douch la

Q: What do you do every morning?A: I get up and I take a shower.

Q: What does he do on Mondays?A: He goes shopping on Mondays.

de fi k ap danse nan yon kay

Q: What do they do on weekends?A: They go dancing on weekends.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye itilize modèl yo nan yon konvèsasyon avèk yon zanmi. Ou ta ka pale oubyen voye mesaj.

Q: When do you (verb)?A: I (adverb) (verb) every (time).

Questions

kesyon modèl 2 kilè ou itilize vèb

Answers

repons modèl 2 mwen advèb vèb chak lè

Examples

yon moun ki kenbe sachè makèt yo

Q: When do you go shopping?A: I always go shopping every week.

Q: When does he take a shower?A: He usually takes a shower every morning.

de moun k ap netwaye yon kay

Q: When do they clean the house?A: They sometimes clean the house on Fridays.

Q: When does she watch videos?A: She never watches videos.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon repons pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid ou a epi evalye evalye efò ou.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: You Are a Child of God

(20–30 minutes)

Gabriel ak Mari

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Revize lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon yo.

  • Pratike reponn kesyon yo.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repetisyon pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Gade orè yo Poze ak reponn kesyon yo konsènan kisa Sara ak Daniel fè. Pran tou youn apre lòt.

New Vocabulary

go to school

ale lekòl

play computer games

jwe jwèt konpitè

work

travay

Examples

moun k ap danse deyò
  • A: What does Sara do on Fridays?

  • B: She goes dancing on Fridays.

jènjan k ap gade yon tablèt
  • A: When does Daniel watch shows?

  • B: He watches shows on Monday, Wednesday, and Friday evenings.

Chart 1: Sara’s Schedule

Orè Sara pou chak semèn

Chart 2: Daniel’s Schedule

Orè Daniel pou chak semèn

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Poze ak reponn kesyon konsènan routin ou. Di pi plis ou kapab. Youn apre lòt.

New Vocabulary

exercise

egzèsis

play games

jwe jwèt

Example

  • A: What do you do every evening?

  • B: I play games and take a shower every evening.

  • A: What do you do on Thursdays?

  • B: I exercise on Thursdays.

  • A: When do you do laundry?

  • B: I usually do laundry on Saturdays.

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif yo ak efò w yo pou w pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Ask about others’ routines.

    Poze kesyon konsènan routin lòt moun.

    figi endifersan, figi satisfè, figi kontan
  • Talk about my and others’ routines.

    Pale de routin mwen ak sa lòt moun.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sigjesyon pou etid ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl la.”

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Aprann kiyès ou ye pou tèt pa ou. Mande Pè Selès ou a, nan non Jezikri, kijan Li santi l konsènan oumenm ak misyon w isit sou tè a. Si w mande avèk entansyon reyèl, lè moman an rive, Lespri a ap chichote w verite ki ka chanje lavi w. Ekri enpresyon sa yo epi repase yo souvan, epi suiv yo alalèt.

“Mwen pwomèt ou ke lè w kòmanse kapte menm yon apèsi sou fason Pè Selès la wè ou, ak sa l konte sou ou pou w fè, lavi a p ap janm menm nan ankò!” (Russell M. Nelson, Facebook, Sept. 10, 2019, facebook.com/russell.m.nelson).