“Apendis: Konvèsasyon an Gwoup,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo (2022)
“Konvèsasyon an Gwoup,” EnglishConnect 1 pou Etidyan yo
Appendix
Conversation Group Games
Jwèt Konvèsasyon an Gwoup
Genyen yon lis jwèt amizan pou pratike Anglè ki enkli nan manyèl sa a. Ou ka jwe jwèt sa yo pandan nenpòt reyinyon an gwoup. Itilize modèl yo ak vokabilè ki nan leson ou ladan an oswa yon leson avansa. Pifò nan jwèt sa yo mande pou ou travay avèk yon patnè oswa yon ti gwoup.
Questions (10–15 minutes)
Kesyon (10–15 minit)
Steps
Etap yo
-
Chwazi yon kesyon nan lis la. Sonje ou kapab ranplase mo ki souliye yo avèk lòt mo ak fraz.
-
Pataje repons ou avèk gwoup la.
-
Youn apre lòt chwazi kesyon yo e pataje repons yo. Ou ka pale konsènan tout kantite kesyon ou vle.
Questions to Review Patterns:
Kesyon pou Repase Modèl yo:
-
What do you like to do?
-
Why do you like to study English?
-
Can you tell me about your family?
-
What are you wearing?
-
What do you do before you come to the conversation group?
-
What do you do in the morning?
-
When do you work?
-
What’s the weather in New York?
-
Where do you work?
-
What do you do for work?
-
Do you like to teach people?
-
What do you eat for dinner?
-
What foods do you like?
-
What do you want for lunch?
-
What is your favorite food? How do you make it?
-
How much do groceries cost?
-
Where do you live?
-
Tell me about your house.
-
Where is your favorite place to eat?
More Questions:
Plis Kesyon:
-
Tell me about your friends.
-
Tell me about your job.
-
Tell me about your city.
-
Tell me about your favorite place.
-
Tell me about your daily routine. What do you do every day?
-
What do you like to wear?
-
What do you do when you are sick?
-
What do you do when you are hurt?
-
What is expensive in your city?
-
What is cheap in your city?
Notes
Remak
-
Ou ka jwe jwèt sa a avèk tout gwoup la oswa nan pi pitti gwoup ki genyen twa rive senk moun.
-
Ou pa limite ak kesyon ki nan lis sa a sèlman. Ou ka kreye nouvo kesyon. Ou kapab chanje mo ki souliye yo pou kreye plis kesyon tou.
-
Si w vle rann jwèt sa a pi difisil, pran tou pou youn apre lòt nou pataje repons nou sonje pou chak manm nan gwoup la.
-
Ou kapab itilize kesyon sa yo avèk lòt jwèt ki pi ba yo tou, tankou “Chenn Bisiklèt” oswa “Voye Balon.”
Hot Seat (10–20 minutes)
Chèz Cho (10–20 minit)
Steps
Etap yo
-
Divize an de ekip.
-
Chwazi de elèv (yon elèv nan chak ekip). Elèv sa yo chita anfas gwoup la (nan “chèz cho” a) avèk do yo sou tablo a.
-
Enstriktè w la ekri yon mo vokabilè oswa fraz sou tablo a. Elèv yo nan “chèz cho” a pa kapab wè mo a.
-
Ekip yo genyen de minit pou yo ede manm ekip yo ki nan “chèz cho” yo devine mo ki sou tablo a san di mo a.
-
Moun nan “chèz cho” a ki di mo a anpremye a genyen yon pwen pou ekip li a. Si yon ekip di mo ki sou tablo a pandan l ap eseye ede manm ekip li a devine, yo p ap resevwa yon pwen.
-
Repete sa avèk nouvo mo yo.
Notes
Remak yo
-
Kreye youn rive twa ekip selon dimansyon gwoup la.
-
Si nou ap reyini vityèlman, jwe kòm yon gwoup konplè olye de an ekip. Yon moun chita nan “chèz cho” a. Moun sa a pa konnen mo a. Yon moun la pou “bay endis.” Mou “pou endis” la chwazi yon mo epi li bay endis yo pou moun ki nan “chèz cho” ka devine mo a.
Ball Toss (10–15 minutes)
Voye Balon (10–15 minit)
Steps
Etap yo
-
Jwenn yon balon, yon objè mou, oswa yon moso papye chifonnen.
-
Poze yon kesyon. (Itilize youn nan yon leson oswa gade nan seksyon “Kesyon” an nan apendis sa a.)
-
Poze kesyon an epi voye balon an bay yon elèv.
-
Elèv la atrap balon an epi reponn kesyon an.
-
Elèv la poze kesyon an ankò epi l voye balon an bay yon lòt elèv.
-
Repete jiskaske chak elèv nan gwoup ou a fin reponn kesyon an. Apresa kòmanse ankò avèk yon nouvo kesyon.
Notes
Remak
-
Pou rann jwèt sa a pi difisil, chanje kesyon an chak fwa ou voye balon an.
-
Si nou ap reyini vityèlman, site non moun olye ou voye yon balon.
Dice Game (10–15 minutes)
Jwèt Kib (10–15 minit)
Steps
Etap yo
-
Ou bezwen omen yon kib (oswa kat ak nimewo soti 1 rive 6).
-
Chwazi sis vèb epi ekri yo sou tablo a ak nimewo 1 rive 6.
-
Travay avèk yon patnè oswa yon ti gwoup. Woule kib la. Kreye yon fraz ki itilzie vèb la pou nimewo ou woule a. Pran tou youn apre lòt.
Example
Egzanp
Enstriktè a ekri sou tablo a.
-
cook
-
stir
-
bake
-
boil
-
cut
-
add
Elèv 1 an woule kib la epi l jwenn yon 6. Li kreye yon fraz kote l itilize add.
-
“I add sugar to my oatmeal.”
Elèv 2 a woule kib la epi l jwenn yon 4. Li kreye yon fraz kote l itilize boil.
-
“I boil eggs for lunch.”
Elèv 3 a woule kib la epi l jwenn yon 3. Li kreye yon fraz kote l itilize bake.
-
“I like to bake cookies.”
Notes
Remak
-
Nou ka itilize lòt mo nan plas vèb yo.
-
Si nou ap reyini vityèlman, jwe avèk gwoup konplè a. Itilize kib vityèl epi youn apre lòt kreye fraz yo.
Give One, Get One (10–20 minutes)
Bay youn, Jwenn youn (10–20 minit)
Steps
Etap yo
-
Chwazi yon sijè pou gwoup la (pa egzanp: fanmi. espò, oswa manje).
-
Ekri tout kantite mo posib ou konnen konsènan sijè a pandan youn rive de minit.
-
Kanpe epi mache nan tout sal la. Jwenn yon patnè.
-
Pataje yon mo nan lis ou a avèk patnè w la. Patnè w la pataje yon mo avèk ou. Si se yon mo nouvo, ajoute mo a nan lis ou a.
-
Mache nan tout sal la ankò. Jwenn yon nouvo patnè. Repete.
Example
Egzanp
Sijè: fanmi
Patnè A ekri:
-
mom
-
dad
-
sister
-
brother
Patnè B ekri:
-
grandfather
-
grandmother
-
mother
-
father
-
aunt
-
uncle
-
A: What’s one word from your list?
-
B: Grandmother.
-
A: I don’t have that word. I’ll add it to my list.
-
B: What’s a word from your list?
-
A: Mom.
-
B: I have mother. I will write mom next to mother.
Toude elèv yo ajoute nouvo mo nan li pa yo a.
Lis patnè A a:
-
mom
-
dad
-
sister
-
brother
-
grandmother
Lis patnè B a:
-
grandfather
-
grandmother
-
mother, mom
-
father
-
aunt
-
uncle
Notes
Remak
-
Sa se yon bon fason pou aprann oswa pratike nouvo vokabilè ki pa nan leson an.
-
Si nou ap reyini vityèlman, fè chak moun pataje yon mo nan lis pa yo a avèk tout gwoup la olye yo travay an gwoup de moun.
Speculation (15–20 minutes)
Spekilasyon (15–20 minit)
Steps
Etap yo
-
Panse ak yon vèb.
-
Di vèb la awotvwa.
-
Itilize vèb la pou kreye yon vrè fraz sou yon lòt elèv. Di, “I think that you …” pou kòmanse fraz ou a.
-
Lòt elèv la di si deklarasyon w la se vrè ou pa.
-
Si li vrè, ou gen yon pwen. Si li pa vrè, ou pa gen yon pwen.
-
Premye elèv ki rive fè senk pwen an genyen!
-
Konplete 10 rive:20 wonn. Chanje vèb la pou chak wonn yo.
Example
Egzanp
Elèv A (pou elèv B): The verb is like. I think that you like chocolate.
Elèv B: That’s true! (Elèv fè yon pwen.)
Elèv B (pou elèv C): I think that you like to play basketball.
Elèv C: That’s not true! (Elèv B pa fè yon pwen.)
Notes
Remak
-
Kreye gwoup twa rive senk moun.
-
Jwèt sa a pral enkli 10 rive: 20 wonn. W ap bezwen yon vèb pou chak wonn yo. Youn apre lòt di yon nouvo vèb chak fwa ou kòmanse yon wonn.
Two Truths and One Lie (10–15 minutes)
De Verite akYon Manti (10–15 minit)
Steps
Etap yo
-
Panse a de bagay ki vrè konsènan oumenm. Envante yon bagay ki pa vrè. Eseye itilzie vokabilè ak fraz nan yon leson.
-
Li deklarasyon w yo awotvwa pou gwoup ou a.
-
Manm gwoup ou yo poze w kesyon pou yo ka devine ki deklarasyon ki pa vrè. Reponn kesyon yo.
Example
Egzanp
Manm gwoup 1: “I like pizza. I like French fries. I like chocolate. Which is not true?”
Lòt manm gwoup la poze kesyon:
-
Q: What is your favorite kind of pizza?A: I like cheese pizza.Q: What is your favorite candy bar?A: I like chocolate and caramel.Q: Where do you like to get French fries?A: I don’t have a favorite place.
Lòt manm gwoup la devine: “I think you don’t like French fries.”
Manm gwoup 1: “That’s right! I don’t like French fries.”
Vocabulary Cards (10–15 minutes)
Kat Vokabilè (10–15 minit)
Steps
Etap yo
-
Ekri 5 rive 10 mo vokabilè sou ti moso papye (nòt otokolan yo mache byen). Mete moso papye yo nan yon pil.
-
Jwenn yon patnè.
-
Chavire pil mo yo tèt anba pou w pa kapab wè mo yo. Chanje pil yo avèk patvè w la.
-
Chwazi yon papye. Pa gade mo a. Kenbe papye a anlè devan fwon ou. Patnè w la dekri mo a (oubyen bay yon tradiksyon), pou w ka devine mo ki sou papye a. Si ou devine kòrèkteman, ou gen yon pwen.
-
Pran tou youn apre lòt. Repete pou chak papye nan pil la.
Notes
Remak
-
Si nou ap reyini vityèlman, jwe kòm yon gwoup konplè olye de depade. Chak moun ekri yon lis mo. Pa montre gwoup la lis ou a. Youn apre lòt, chwazi yon mo nan lis ou a. Dekri li pou gwoup la san ou pa di mo a. Manm gwoup yo devine mo a.
Bicycle Chain (in person) (10–20 minutes)
Chenn Bisiklèt (an pèsòn) (10–20 minutes)
Aktivite sa a travay sèlman pou reyinyon gwoup ki rankontre an pèsòn.
Steps
Etap yo
-
Chwazi yon kesyon. (Itilize youn nan yon leson oswa gade nan seksyon “Kesyon” nan apendis sa a.)
-
Kanpe an liy nan de liy youn anfas lòt.
-
Moun ki anfas youn lòt yo se patnè.
-
Patnè yo poze epi reponn kesyon an.
-
Deplase an wonn pou chak moun ka gen yon nouvo patnè.
-
Patnè yo poze epi reponn kesyon an.
-
Repete etap 5 ak 6.
Notes
Remak
-
Si ou gen yon kantite moun ak chif enpè, kreye yon gwoup twa.
Mingle and Share (in person) (10–15 minutes)
Melanje epi Pataje (an pèsòn) (10–15 minutes)
Aktivite sa a travay sèlman pou gwoup moun ki rankontre an pèsòn.
Steps
Etap yo
-
Chwazi yon kesyon. (Itilize youn nan yon leson oswa gade nan seksyon “Kesyon” nan apendis sa a.)
-
Kanpe epi mache nan tout sal la.
-
Poze patnè w la kesyon an . Sonje repons patnè w la. Reponn kesyon patnè w la.
-
Mache nan tout sal la epi jwenn yon nouvo patnè. Poze epi reponn kesyon. Repete plizyè fwa avèk nouvo patnè. Sonje repons tout patnè w yo.
-
Retounen nan plas ou. Pataje sa w aprann avèk gwoup la.
Example
Egzanp
Question: How many people are in your family?
Elèv yo mache nan tout sal la ap poze ak reponn kesyon an avèk diferan patnè.
-
Maria: How many people are in your family?
Luna: There are four people in my family. How many people are in your family?
Maria: Three.
Elèv yo pataje sa yo aprann.
-
Teacher: How many people are in Maria’s family?
Luna: There are three people in Maria’s family.