Ansyen Testaman 2022
Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a


“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“Ou se yon Enstriktè nan Legliz Jezikri a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi ap ansenye moun sou yon ti mòn

Ou se yon enstriktè nan Legliz Jezikri a.

Bondye aple ou pou anseye pitit li yo nan fason Sovè a. Yo te mete w apa pou apèl sa a pa otorite sent prètriz li a. Menmsi w pa yon enstriktè ki gen eksperyans, si w viv diy, ou priye chak jou, epi ou etidye ekriti yo, Papa nou ki nan syèl la ap akòde w enfliyans ak pouvwa Sentespri a pou ede w gen siksè (gade nan 2 Nefi 33:1).

Moun yo konfye w yo se pitit Bondye, epi li konn kisa yo bezwen ak meyè fason pou touche yo. Atravè Sentespri a, w ap jwenn direksyon pandan w ap prepare w ak pandan w ap anseye. L ap revele w sa w dwe di ak sa w dwe fè (gade 2Nefi 32:5

Objektif esansyèl ansenye ak aprann levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Objektif ou kòm enstriktè se pou ede moun w ap anseye yo fè tout sa yo kapab pou yo vin pi konvèti nan levanjil Jezikri a—yon efò ki ale pi lwen pase tan w ap pase nan klas la. Envite moun w ap anseye yo pou yo patisipe aktivman nan aprann konsènan Jezikri ak levanjil li a epi pou yo aji selon sa yo aprann yo. Ankouraje yo pou yo fè etid pèsonèl ak etid familyal andeyò klas la vin tounen premye sous yo pou aprantisaj levanjil la. Lè yo aji avèk lafwa nan etidye endividiyèlman epi avèk fanmi yo, y ap envite Lespri a nan lavi yo e se Lespri a ki pote vrè konvèsyon an. Tout bagay ou fè antanke enstriktè dwe ale nan sans objektif sakre sa a.

Anseye sèlman doktrin levanjil retabli Jezikri a jan nou jwenn ni nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo. Vrè doktrin nan—verite etènèl, ki pap chanje ke Bondye ak sèvitè l yo anseye yo—envite Lespri a epi li gen pouvwa pou chanje lavi.

Apèl pou anseye a se yon responsablite sakre, e se nòmal pou w santi w depase pafwa. Men, sonje se Pè Selès la ki aple w, e li p ap janm abandone w. Sa a se travay Senyè a, epi, si w sèvi “avèk tout kè w, tout pouvwa ou, ak tout panse w, ak tout fòs ou” (Doktrin ak Alyans 4:2), l ap ogmante kapasite w, don w, ak talan w yo, epi sèvis ou ap beni lavi moun w ap anseye yo.