Ansyen Testaman 2022
28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: “Pa Janm Bliye Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Peyi Lejip la”


28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: ‘Pa Janm Bliye Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Peyi Lejip’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanchl: Ansyen Testaman 2022 (2021)

28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Moyiz, Arawon, ak Farawon

Ilistrasyon Moyiz ak Arawon nan lakou Farawon an, pa Robert T. Barrett

28 Mas–3 Avril.

Egzòd 7–13

“Pa Janm Bliye Jou Sa a, Jou Nou Te Soti Kite Peyi Lejip la”

Kapasite w pou Sentespri a gide w nan ansèyman w lan ap amelyore anpil lè w fè pwòp eksperyans espirityèl pa w avèk etid Egzòd 7–13la.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Panse a youn oswa de kesyon ki ap ankouraje manm klas la pou yo pataje enspirasyon ak eksperyans yo te fè pandan yo t ap etidye Egzòd 7–13 la endividyèlman epi avèk fanmi yo? Pa egzanp, ou ta kapab mande,“Kisa w te li semèn sa a ki te ranfòse lafwa w nan Jezikri?” oswa “Kisa w te li ki te yon benediksyon pou fanmi w?”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Egzòd 7–12

Nou kapab chwazi pou nou adousi kè nou.

  • Pou ede manm klas la reflechi sou dispozisyon yo pou yo bay Bondye kè yo, ou ta kapab mande yo pou yo chak li youn nan pasaj ekriti sa yo: Egzòd 7:14–25; 8:5–15; 8:16–19; 8:20–32; 9:1–7; 9:8–12; 9:22–26; 10:12–15; 10:21–29; 12:29–33. Apre sa, yo ta kapab ekri sou tablo a mo oswa gwoup mo ki dekri jan Farawon te reponn devan dis fleyo Bondye te voye sou Ejipsyen yo. (Ou gen dwa vle note ke revizyon ki fèt nan Tradiksyon Joseph Smith lan montre ke Farawon te fè pwòp kè pa l di.} Poukisa Farawon te kapab reayaji jan l te reaji a? Poukisa li pafwa difiisil pou nou bay Bondye kè nou ak volonte nou? Kijan Pè Selès la ak Jezikri ede nou simonte difikilte sa yo?

  • Si w pote yon bagay ki di ak yon bagay ki mou nan klas la, ou ta kapab ede manm klas la konprann kisa gen yon kè di oswa yon kè adousi vle di? Ou ta kapab fè sikile de bagay yo nan klas la, pandan yon moun ap li youn nan deskripsyon kè Farawon ke nou jwenn nan Egzòd 7–10 la (tankou Egzòd 9:22–35). Poukisa “di” se yon bon deskripsyon pou kè Farawon? Kisa vèsè sa yo anseye sou kisa sa vledi pou n gen yon kè adousi? (Si sa ede, manm klas la ta kapab chèche enspirasyon nan youn ou plis nan ekriti sa yo: 1 Nefi 2:16; Mozya 3:19; Alma 24:7–8; 62:41; Etè 12:27.) Kijan Sovè a ede nou adousi kè nou? Video “A Change of Heart (Yon Chanjman Kè)” a nan (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ajoute sou konpreyansyon yo.

  • Pou ede manm klas la panse a rezon ki fè Senyè a te voye plè yo sou Ejip la, ou ta kapab envite chamk manm klas la pou chwazi yon referans nan lis sa a epi pou yo jwenn rezon posib: Egzòd 3:20; 7:5, 17; 9:14–16; 10:1–2. Ou ta kapab envite manm klas la tou pou yo di kijan yo te aprann ke “ pa gen tankou [Pè Selès la ak Jezikri] sou tout latè.” (Egzòd 9:14).

Egzòd 12

Fèt Delivrans lan ak sentsèn nan anseye sou delivrans atravè Jezikri.

  • Selebre Fèt Delivrans lan te ede timoun Izrayèl yo sonje ke Senyè a te delivre yo anba kaptivite. Pou ede klas la konprann senbolis Fèt Delivrans lan, ou ta kapab kreye sou tablo a de kolòn ke nou bay tit Senbòl ak Siyifikasyon Posib, avèk yon foto Jezikri anlè kolòn yo. Manm klas la ta kapab etidye Egzòd 12:1–13 epi ekri sou talblo a nenpòt bagay nan vèsè sa yo ki ta ka senbolize delivrans nou atravè Jezikri. Apre sa, yo ta kapab diskite sa senbòl sa yo anseye konsènan Ekspyasyon Sovè a (gade nan “Resous Adisyonèl” pou w ka jwenn kèk ide). Video “The Passover (Pak)” la nan (ChurchofJesusChrist.org) ka ede yo vizyalize sa yo li nan Egzòd 12la.

    Imaj
    people taking the sacrament

    Menm jan avèk repa Pak la, sentsèn nan ede nou sonje moun ki Delivre nou an, Jezikri.

  • Pou kèk moun, sentsèn nan pa toujou osi espirityèl ke li ta dwe ye. Reflechi sou kijan yon diskisyon sou Egzòd 12 ta kapab ede tout manm klas la jwenn yon siyifikasyon pi pwofon nan reyinyon sentsèn nan. Pa egzanp, apre revizyon manm klas la Egzòd 12, ou ta kapab envite yo pataje sa Izrayelit nan epòk sa a ta kapab di si yon pitit gason oswa yon pitit fi ta mande yo kisa Fèt Delivrans lan vle di pou yo. Manm klas la ta kapab diskite sa yo tap kapab di si yon mounm te mande kisa sentsèn nan vle di pou yo, enkli nenpòt ide yo akeri apwpopo Fèt Delivrans lan. Ou ta kapab bay manm klas la tan pou yo medite sou sa yo kapab fè pou yo sonje Sovè a chak jou. The video “Always Remember Him (Toujou Sonje Li” a nan (ChurchofJesusChrist.org) ta kapab ede yo.

Imaj
additional resources icon

Resous Adisyonèl

Pak la anseye sou Souvè a.

Senbòl

Siyfikasyon Posib

Senbòl

Mouton an (Exòd 12:3–5)

Siyfikasyon Posib

Jezikri

Senbòl

San sou chanbranl pòt kay la (Egzòd 12:7)

Siyfikasyon Posib

San ekspyatwa Jezikri a, ki sove nou

Senbòl

Manje mouton an (Egzòd 12:8)

Siyfikasyon Posib

Fè Sovè fè pati de lavi nou.

Senbòl

Fèy lanman (Egzòd 12:8)

Siyfikasyon Posib

Gou amè kaptivite a (peche)

Amelyore Ansèyman nou

Koute. “Koute se yon zak lanmou. … Mande Pè Selès la pou L ede w konprann sa manm klas ou yo ap di. Lè w pote bon jan atansyon a sa y ap di ak sa yo pa di, w ap vin konprann bezwen yo, sousi yo, ak dezi yo pi byen” (Anseye nan Fason Sovè a,34).