Ansyen Testaman 2022
7–13 Mas. Jenèz 37–41: “Senyè a Te Avèk Joseph”


“7–13 Mas. Jenèz 37–41: ‘Senyè a Te Avèk Joseph,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Mas. Jenèz 37–41,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Joseph, moun Ejip la nan Prison

Ilistrasyon Joseph, moun Ejip la nan prison, pa Jeff Ward

7–13 Mas.

Jenèz 37–41

“Senyè a Avèk Joseph.”

Yo pa prevwa pou anseye tout aktivite ki nan plan sa a. Pandan w ap prepare w pou anseye a, priye pou Lespri a ka ede w konnen ki aktivite (si genyen) nan plan leson sa a ki ap satisfè bezwen klas ou a pi byen.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ankouraje manm klas la pataje sa yo te aprann nan etid pèsonèl ak familyal yo, ou ta kapab envite yo pou yo chèche yon gwoup mo nan Jenèz 37–41 la ki eksprime yon leson oswa yon prensip yo santi ki enpòtan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jenèz 37:1–28; 39; 40:1–19; 41:9–45

“Senyè a Te Avèk Joseph” nan advèsite li.

  • Menm jan avèk Joseph, manm yo nan klas ou a kapab ap fè eksperyans eprèv difisil. Pou ede manm klas la jwenn enspirasyon nan egzanp Joseph la, ou ta kapab divize yo an twa gwoup epi mande chak gwoup pou yo revize youn nan pasaj ekriti sa yo: Jenèz 39; 40:1–19; ou 41:9–45. Apre sa, chak gwoup ta kapab pataje fason Senyè a te avèk Joseph nan difikilte l yo. Selon jan sa apwopriye, manm klas la ta kapab pataje eksperyans lè Senyè te avèk yo nan yon eprèv difisil. Kijan nou kapab aprann pou nou wè prezans Senyè a pi byen nan lavi nou?

  • Leson pratik sa a kapab ede ilistre kijan nou kapab simonte advèsite: plase yon objè lejè, tankou yon ti balon plastik nan fon yon veso ki ranpli a mwatye avèk diri oubyen pwa sèch. Envite yon moun vin souke veso a dousman jiskaske balon an monte pa anlè. Nan ki sans Joseph te konparab avèk yon balon? Manm klas la ta kapab pataje egzanp Senyè a ki ap ede Joseph simonte advèsite nan Jenèz 37:5–11; 39; 40:1–19; 41:9–45. Ou ta kapab pataje moman lè Senyè a te ede yo nan fason ki menm jan an.

  • Ou ta kapab mande yo pou yo chante oswa li mo yon kantik ki pale de fè bon chwa tankou “Fais Ton Devoir,” (Cantiques, no. 153). Apre sa, manm klas la ta kapab jwenn ide oubyen gwoup mo nan Jenèz 37:1–28; 39; 40:1–19; 41:9–45 yo ki ilistre tout mesaj ki nan kantik sa a. Kijan Joseph te beni, malgre advèsite l, lè li te fè sa ki jis? Kilè Senyè a te beni nou nan moman advèsite poutèt nou te fè sa ki te jis?

Jenèz 37:5–11; 40; 41:1–38

Si nou rete fidèl, Senyè a ap gide nou ak enspire nou.

  • Malgre se pa tout moun ki resevwa revelasyon pèsonèl nan rèv, gen bagay nou kapab aprann konsènan revelasyon apati de bann eksperyans Joseph, sèvitè Farawon yo ak Farawon te fè yo. Ou ta kapab envite manm klas la pou yo revize Jenèz 37:5–11; 40:5–8; 41:14–25, 37–38 epi pataje nenpòt sa yo aprann konsènan revelasyon. Ou ta kapab envite yo tou pou yo pataje kisa ki te ede yo prepare yo pou yo resevwa, konprann ak aji dapre revelasyon.

    Imaj
    Joseph ap entèprete rèv nan prizon

    Joseph ap Entèprete Rèv Majòdòm nan ak Panetye a, pa François Gérard

Jenèz 39:1-20.

Avèk èd Senyè a, nou kapab fui tantasyon.

  • Ou ta kapab mande manm klas pou a pou yo pataje sa yo te aprann konsènan reziste anba tantasyon pandan yo t ap li nan Jenèz 39 la semèn sa a. Kisa Joseph te fè pou simonte tantasyon? (gade nan vèsè 7–12). Videyo “Leave the Party (Kite Fèt la)” ak “Dare to Stand Alone (Oze Rete Pou Kont ou)” nan (ChurchofJesusChrist.org) yo bay egzanp moun ki te reziste anba tantasyon. Anvizaje mande manm klas la pou yo fè yon lis bagay nou kapab fè pou atire pouvwa Bondye lè nou anfas tantasyon. (Manm klas la ta kapab jwenn ide nan Matye 4:1–11 oubyen nan ekriti ki mansyone nan lis ki anba a “Tante, Tantasyon” nan Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org].)

  • Kijan w ka itilize egzanp Joseph la pou ede manm klas yo reziste anba tantasyon pou yo komèt peche seksyèl? An plis de revize Jenèz 39:1–20, manm klas la ta kapab gade videyo “Chastity: What Are the Limits (Chastete: Kisa Limit yo Ye)?” a (ChurchofJesusChrist.org) oubyen revize “Pite Seksyèl” (nan Pou Fòs Jèn yo [2011], 35–37). Yo ta kapab pataje sa yo aprann konsènan reziste anba panse, pawòl ak aksyon ki mennen nan peche seksyèl. Revize “Repantans” (nan Pou Fòs Jèn yo, 28–29) kapab ede manm klas la konprann opòtinite ke Jezikri ofri nou pou nou repanti.

Jenèz 41:15-57.

Nou ta dwe prepare nou pou difikilte ki ka rive nou.

  • Ou ta kapab mande yon manm klas la pou l dekri rèv Farawon te fè yo (gade nan Jenèz 41:15–24) epi mande yon lòt moun pou l pataje entèpretasyon Joseph te fè yo (gade nan vèse 25–32). Kisa Joseph pwopose ki pou fèt? (gade nan vèsè 33–36, 47–49). Ki leson istwa sa a genyen pou epòk pa nou an? (gade konsèy Prezidan Gordon B. Hinckley nan “Resous Adisyonèl yo”).

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Prepare w pou lè gen pwoblèm.

Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Mwen egzòte nou pou modès nan depans nou yo; disipline tèt nou nan acha nou yo pou nou ka evite dèt toutotan sa posib. Likide dèt osi rapidman ke ou kapab. … Se pou gen yon rezèv, menm si l piti” (“To the Boys and to the Men (Pou Tigason yo ak Gason yo),” Ensign, Nov. 1998, 54).

Amelyore Ansèyman Nou

Koute se yon zak lanmou. “Mande Pè Selès la pou l ede w konprann sa manm klas ou yo ap di. Si w pote bon jan atansyon a sa y ap di ak sa yo pa di, w ap vin konprann bezwen yo pi byen” (Anseye nan fason Sovè a,34).