Ansyen Testaman 2022
21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle


“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2022

Imaj
Rebeka

Ilistrasyon Rebeka pa Dileen Marsh

21–27 Fevriye

Jenèz 24–27

Alyans lan Renouvle

Pandan w ap li Jenèzis 24–27, priye pou konnen kijan ou kapab ankouraje manm klas la pou yo gen pwòp eksperyans pa yo nan aprann nan ekriti yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ankouraje manm klas la pataje ide yo poutèt yo te li Jenèz 24–27, ou ta kapab envite yo pou yo seleksyone yon pasaj espesifik ki te enspire yo epi pou yo ekri l sou yon moso papye. Ranmase papye yo, epi chwazi plizyè pou yo li ak diskite ansanm nan klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jenèz 24

Alyans maryaj la endispansab pou plan etènèl Bondye a.

  • Enpòtans Abraram te plase nan jwenn yon madanm pou Izaak la bay yon opòtinite pou n diskite sou enpòtans maryaj nan plan Bondye a pou nou. Pou kòmanse diskisyon an, manm klas la ta kapab reli Jenèz 24 epi pataje bagay Senyè a te fè pou L te ede maryaj Izaak ak Rebeka a reyalize. Poukisa maryaj enpòtan pou Senyè a? Pou ede manm klas la diskite kesyon sa a, ou ta kapab pataje avèk yo deklarayon Èldè Christofferson nan ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Kijan nou ka ede manm klas la asire yo ke bi Bondye pou maryaj rive akonpli?

  • Mande manm klas la ki kalite yo te wè nan yon konjwen, paran, oswa lòt koup marye ki te ede reyalize yon maryaj fidèl ki gen kontantman. Istwa ki nan Jenèz 24 demontre kalikte ki kapab ede yon moun kreye bonè nan maryaj—ak lò aspè lavi a. Pa egzanp, nan vèsè 12 la nou aprann enfòmasyon sou gide pa lapriyè, epi nan vèsè 19 la nou aprann enfòmasyon sou fè efò anplis nan sèvis. Ki lòt prensip nou ka jwenn nan chapit sa yo? Manm klas la ta ka jwenn verite tou nan “Fanmi an: Yon Pwoklomasyon pou Mond lan” (ChurchofJesusChrist.org).

Jenèz 25:29–34.

Nou ka chwazi ante gratifikasyon tousuit ak bagay pi gwo valè.

  • Kijan ou ta kapab ede manm klas la jwenn leson pèsonèl nan eksperyans Jakòb ak Ezayi yo? Se yon bon ide pou envite yo pou yo fè de lis sou tablo a—youn sou benediksyon etènèl Bondye vle ba nou ak yon lòt sou bagay monden ki ap distrè nou pou anpeche nou jwenn benediksyon sa yo. Apre sa, manm klas la ta kapab li Jenèz 25:29–34, pandan y ap ranplase “dwadenès” la pa yon bagay ki nan premye lis la ak “bouyon” pa yon bagay ki nan dezyè lis la. Kijan advèsè a eseye konvenk nou pou nou twoke benediksyon Bondye yo pou bagay ki gen mwens valè? Anvizaje manm klas la pou youn bay lòt konsèy sou kijan pou konsantre sou Sovè a ak benediksyon etènèl Li ofri nou yo.

Jenèz 26:18–25, 32–33

Jezikri se pui dlo vivan an.

  • Jenèz 26 mansyone plizyè fwa ke Izaak ak fanmi l te gen pou yo fouye pui pou yo te ka jwenn dlo, e souvan sa te mande gwo efò. Bagay sa a ta kapab ede w anseye manm klas la sou efò ki nesesè pou n pote “dlo vivan” Sovè a nan lavi nou (gade nan Jan 4:10). Petèt ou ta kapab ilistre sa avèk yon desen yon sous dlo ki kouvri anba pousyè sou tablo a. Manm klas te kapab efase kèk nan salte yo pandan y ap dekri kijan yo ka jwenn dlo vivan Sovè a. Ankouraje yo pou yo itilize Gid Ekriti yo pou yo ka jwenn vèsè ki gen rapò avèk bagay yo pataje yo.

    Imaj
    yon pui tan lontan

    Yon pui nan Beer-sheba tan lontan, kote Abraram ak Izaak te fouye pui.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Maryaj ak fanmi se kreyasyon Bondye.

Èldè D. Todd Christofferson te bay kèk rezon ki fè maryaj ak fanmi enpòtan konsa nan plan Bondye a:

“Yon fanmi ki fonde sou maryaj ant yon gason ak yon fi ofri pi bon ankadreman pou plan Bondye a reyisi—ankadreman pou nesans timoun, ki soti kot Bondye avèk pite ak inosans, ak anviwonman pou aprantisaj ak preparasyon y ap bezwen pou yo reyisi lavi yo nan mòtalite a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an. Li trè enpòtan pou gen yon kantite maksimòm fanmi ki fonde sou kalite maryaj sa a pou sosyete yo ka siviv ak pwospere. …

“… Men, deklarasyon pa nou sou wòl maryaj ak fanmi an pa baze sou syans sosyal, men sou verite ke yo se bagay Bondye kreye. Se Limemn ki nan kòmansman te kreye Adan ak Èv dapre imaj li, gason ak fi, epi Li te ini yo kòm mari ak madanm pou yo te vin fè “yon sèl” epi pou yo te miltipliye ak ranpli tè a. Chak moun gen imaj divin nan nan li, men se nan inyon maryaj ant gason ak fi nou ka atenn yon siyifikasyon ki pi konplè sa kisa savle di pou nou kreye dapre imaj Bondye—gason ak fi. … Yon maryaj konsa … se yon gwo pati nan plan bonè a menm jan avèk Chit la ak Ekspyasyon an” (“Rezondèt Maryaj, Rezondèt Fanmi,” Liahona, Me 2015, 52).

Amelyore ansèyman nou

Santre ansèyman ou sou doktrin nan. Pandan w ap envite manm klas la pou yo pataje, asire w ke ou toujou fè diskisyon an retounen sou doktrin ki nan ekriti yo. Ou ka fè sa pandan w ap mande manm klas la pou yo li pasaj ekriti yo nan klas la, pandan w ap poze kesyon sou sa ektriti yo di, epi envite manm klas la pataje temwayaj yo sou doktrin ki ap anseye a.