Nouvo Testaman 2023
23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou Ou Tounen Yon Egzanp Pou Moun Ki Kwè Yo”


“23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon: “Se Pou Ou Tounen Yon Egzanp Pou Moun Ki Kwè Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“23–29 Oktòb. 1 ak 2 Timote; Tit; Filemon,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
twa fi ki kanpe devan yon tanp

23–29 Oktòb

1 ak 2 Timote; Tit; Filemon

“Se Pou Ou Tounen Yon Egzanp Pou Moun Ki Kwè Yo”

Li 1 ak 2 Timote; Tit; ak Filemon avèk manm klas ou a nan lespri w. Panse ak enpresyon ki vini yo ap ede dirije manm klas la nan pasaj ekriti apwopriye yo epi yo pote Lespri nan klas ou a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Li ta bon pou, nan klas ou a, youn tande lòt pale sou reyisit yo ak echèk yo nan etidye ekriti yo, endividyèlman epi antanke fanmi. Panse pou w kòmanse pa envite manm klas yo pou yo pale de sa k byen fonksyone nan etid ekriti yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

1ak 2 Timote; Tit

Konprann vrè doktrin nan ap ede nou evite moun twonpe nou.

  • Manm klas ou a ap viv nan epòk kote li kapab difisil pou detèmine kisa ki vrè ak kisa ki fo. Timote ak Tit tou te viv nan yon epòk menm jan an, konsa petèt konsèy Pòl te ba yo a ta kapab presye jodi a. Gen kèk pasaj ki gen konsèy Pòl la adan yo: 1 Timote 1:1–7; 4:1–2, 6; 6:3–5, 20–21; 2 Timote 3:13–17; 4:2–4; Tit 1:7–9; 2:1, 7–8. Ou ta kapab bay chak manm klas la responsablite pou yo li youn nan pasaj sa yo epi pou yo pataje sa yo aprann sou enpòtans vrè doktrin nan (gade tou nan Alma 31:5). Kijan doktrin Sovè ede nou evite twonpri? Manm klas la ta kapab pataje eksperyans kote pouvwa vrè doktrin te beni yo.

Imaj
de sè misyonè ki ap pale avèk yon jenòm

“Pa kite pesonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo” (1 Timote 4:12).

1 Timote 4:10–16

“Se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo.”

  • Li posib ke manm klas ou a pa reyalize pouvwa bon egzanp y ap bay yo. Anvizaje envite yo pale de kijan kèk moun yo konnen, enkli kanmarad klas yo, te sèvi kòm egzanp disip Kris. Sa ta kapab ede diskisyon an si w mete sou tablo a lis mo ki nan vèsè 12 la ki dekri fason nou ta dwe yon egzanp—pawòl, konvèsasyon (sa ki ka vle di tou konduit oswa konpòtman), charite, espri, lafwa, ak pite. Manm klas la ta kapab di kijan nou ka sèvi egzanp pou kwayan yo nan chak nan fason sa yo.

2 Timote 1

“Bondye pa ban nou espri laperèz; okontrè li ban nou espri pouvwa, lanmou ak sajès.”

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere pou nou chèche nan 2 Timote konsèy Pòl te bay pou ankouraje Timote nan ministè l la. Mande manm klas la pou yo pataje tout ide yo te jwenn. Oubyen ou ta kapab ba yo kèlke minit nan klas la pou yo jwenn ak pataje kèk nan konsèy Pòl yo (chapit 1 an gen kèk bon egzanp). Yo ta kapab pataje tou yon eksperyans kote Bondye te ede yo simonte laperèz yo epi l te ba yo “espri … pouvwa, ak lanmou, ak sajès” la (2 Timote 1:7).

2 Timote 3

Etidye ekriti yo ka ede nou simonte danje ki genyen nan dènye jou yo.

  • Apre l te fin avèti Timote sou “tan difisil” ki gen pou vini yo, Pòl te temwaye konsènan pouvwa ak enpòtans ekriti yo (gade nan 2 Timote 3:1, 14–17). Pou kòmanse yon diskisyon sou jan ekriti yo ka fòtifye nou nan tan difisil, ou ta kapab envite manm klas la pou yo repase deskripsyon Pòl bay sou danje dènye jou yo ke nou jwenn nan 2 Timote 3:1–7. Apre sa, yo ta kapab chèche epi pataje ekriti ki te ede yo pwoteje tèt yo kont danje tankou sa yo (gen kèk egzanp sou yon lis nan seksyon “Resous Adisyonèl”). Kijan etidye ekriti yo te pwoteje w kont pwoblèm ki nan mond lan jodi a?

  • Etidye konsèy Pòl la sou pouvwa ekriti yo ta kapab yon opòtinite pou chak manm klas la ta kapab ankouraje lòt yo nan efò yo pou etidye pawòl Bondye a. Petèt yo ta kapab li 2 Timote 3:14–17 epi idantifye benediksyon ak pwoteksyon ki soti nan etidye ekriti yo. apre sa yo ka pataje eksperyans kote benediksyon sa yo te akonpli nan lavi yo gras ak etid ekriti yo. Ou ta kapab bay manm klas la kèlke minit pou yo medite sou sa yo ka fè pou yo ka fè plis eksperyans anrichisan avèk ekriti yo, endividyèlman epi antanke fanmi.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Verite ki nan ekriti yo ka pwoteje nou kont danje dènye jou yo (gade nan 2 Timote 3:2).

Danje nan dènye jou yo

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Danje nan dènye jou yo

Moun ki renmen pwòp tèt yo

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Jan 15:12–13

Danje nan dènye jou yo

Moun ki gen anvi pou afè lòt moun

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Doktrin ak Alyans 88:123

Danje nan dènye jou yo

Dyòlè

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Mozya 2:24–25

Danje nan dènye jou yo

Ògeye

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Alma 5:27-28

Danje nan dènye jou yo

Blasfematè

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Doktrin ak Alyans 63:64

Danje nan dènye jou yo

Moun ki dezobeyi paran yo

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Efezyen 6:1-3

Danje nan dènye jou yo

Engra

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Doktrin ak Alyans 78:19

Danje nan dènye jou yo

Enpi

Ekriti Ki Pwoteje Nou

Detewonòm 7:6

Amelyore ansèyman nou

Pwogresyon spirityèl la se nan fwaye a l fèt. Se pou yon ti bout tan sèlman w ansanm avèk manm klas ou a de fwa pa mwa. Anpil ladan yo ap fè eksperyans anrichisan deyò klas la, e eksperyans sa yo ta kapab fòtifye lòt manm klas la. Poze kesyon ki ankouraje manm klas la pataje sa y ap aprann pandan y ap etidye levanjil la lakay yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a,18.)