Nouvo Testaman 2023
5–11 Jen. Jan 14–17: “Demere nan Lanmou Mwen”


“5–11 Jen. Jan 14–17: ‘Demere nan amou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“5–11 Jen. Jan 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2023

Imaj
Dènye Soupe a

Dènye Soupe a, pa William Henry Margetson

5–11 Jen.

Jan 14–17

“Demere nan Lanmou Mwen”

Pandan w ap etidye nan lapriyè Jan 14–17, medite sou fason w ka pi byen montre lanmou w pou moun w ap anseye yo. Sentespri a ap mete ide nan tèt ou pandan w ap etidye ekriti yo, Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoak plan leson sa a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri nimewo 14 jiska 17 sou tablo a, pou reprezante chapit nan Jan yo manm klas yo te li semèn sa a. Envite kèk manm nan klas la pou yo ekri, akote chak nimewo chapit, referans yon vèsè Sentespri a te ede yo pi byen konprann oswa yo ta renmen diskite nan klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jan 14:16–27; 15:26; 16:7–15

Sentespri a ede nou ranpli objektif nou kòm disip Jezikri.

  • Pou ede manm klas yo aprann sou diferan wòl Sentespri a, panse envite yo pou li youn oswa plis nan pasaj sa yo: Jan 14:16–27; 15:26;ak 16:7–15. Yo ta ka ekri sou tablo a sa yo aprann sou Sentespri a nan pasaj sa yo. Yo ta ka chache ide tou sou Sentespri a nan ekriti yo ak mesaj ki sou lis nan “Resous Adisyonèl yo.” Kijan Sentespri a ranpli wòl sa yo nan lavi nou? Ou gen dwa panse tou de objè oswa èd vizyèl ou ta ka pote nan klas la pou ede manm klas yo konprann kèk nan wòl sa yo.

  • Panse pou w envite kèk manm nan klas la alavans pou etidye youn nan diskou konferans jeneral yo ki sigjere nan “Resous adisyonèl yo” (oswa mesaj yon lòt konferans yo konnen) sou Sentespri a. Kite yo pataje anbrèf sa yo te aprann avèk klas la. Kisa mesaj sa yo ajoute sou sa nou te aprann konsènan Sentespri a nan Jan 14–16la?

Imaj
Jezi ap pale ak disip yo

Dènye Soupe a, by Clark Kelley Price

Jan 15:1–12

Pandan n ap demere nan Kris la, n ap pote bon fwi epi n ap gen lajwa.

  • Panse pote yon ti plant (oswa foto youn) nan klas la epi itilize l pou w ede manm klas yo imajine ansèyman Sovè a sou pye rezen an ak branch yo. Lè nou fin li Jan 15:1–12 ansanm, ou gen dwa diskite sou kisa sa vle di pou yon moun “demere nan [Kris] la” (Jan 15:4). Kèk manm nan klas la gen dwa eksplike kijan yo te dekouvi ke Jan 15:5 la se verite. (Gade deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland la tou nan “Resous adisyonèl.”)

Jan 17

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pafètman ini.

  • Li posib ke w p ap ka anseye tout verite enpòtan yo ki nan Jan 17 la nan yon sèl leson nan klas la, konsa, men yon fason pou w ede klas la eksplore plizyè nan yo: Sou tablo a, ekri lis konsèp nou tire nan Jan 17yo, tankou sa yo:

    • Relasyon nou avèk Jezikri

    • Relasyon Jezikri avèk Papa l

    • Relasyon nou avèk mond lan

    • Relasyon nou youn ak lòt antanke disip li

    Envite chak manm klas la pou yo chwazi yonn nan konsèp sa yo epi pou yo li Jan 17la, pandan y ap chèche vèsè ki anrapò avèk li. Mande plizyè manm nan klas la pou yo pataje sa yo aprann.

    Kijan relasyon nou avèk Bondye afekte relasyon nou youn avèk lòt? Kijan relasyon nou youn avèk lòt afekte relasyon nou avèk Bondye?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Sentespri a.

Demere nan Kris la

Paske l te note ke mo demere a gen siyifikasyon pèmanans ak angajman, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Sans [mo] sa a lè sa a se ‘rete—men rete pou tout tan.’ … Vini, men vini pou w rete. Vini avèk konviksyon ak pèseverans. …

“Jezikri te di, ‘San mwen menm, nou pa ka fè anyen’ [Jan 15:5]. Mwen temwaye sa se verite divin. Kris la se tout bagay pou nou epi nou dwe ‘demere” nan li an pèmanans, san flechi, tennfas, pou tout tan. Pou fwi levanjil la ka fleri epi beni lavi nou, nou dwe rete atache fèm avèk limenm, Sovè nou tout la, epi avèk Legliz li a ki pote non sakre l la. Li se pye rezen ki se vrè sous fòs nou, sèl sous lavi etènèl la. Nan Li, non sèlman n ap ka andire men tou n ap venk epi n ap triyonfe nan sent koz sa a ki p ap janm abandone nou” (“Demere nan Mwen,” Liahona, Me 2004, 32).

Amelyore ansèyman nou

Envite Lespri a. “Nou ka vin enstriman nan men Bondye pou ede pitit Li yo aprann pa Lespri. Pou nou fè sa, nou dwe envite enfliyans Lespri a nan lavi nou epi ankouraje moun n ap anseye yo pou yo fè menm bagay la tou. … Mizik sakre, ekriti yo, pawòl pwofèt dènye-jou yo, ekspresyon lanmou ak temwayaj, ak moman refleksyon silansye yo tout kapab envite prezans Lespri a” (Anseye nan fason Sovè a10).