Vini, Suiv Mwen
Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal


“Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jènfi k ap ekri

Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal

Men kèk ide pou ede w ankouraje manm klas yo etidye pawòl Bondye a lakay yo endividyèlman epi avèk fanmi yo. Se pou w sonje ke se pa tout manm nan klas la ki ka etidye ekriti yo avèk fanmi yo (paregzanp, gen kèk manm ki abite poukont yo oubyen nan fanmi kote tout moun pa manm).

  • Envite manm klas yo pou yo pataje eksperyans yo fè lè y ap li ekriti yo lakay yo. Paregzanp, ou gen dwa mande yo pou yo pataje yon vèsè nan lekti semèn sa a ki te enpresyone yo epi pou yo eksplike poukisa yo twouve l enpòtan.

  • Mande manm klas yo pou yo bay egzanp sou sa yo fè pou rann etid ekriti pèsonèl ak familyal yo anrichisan. (Nou ka jwenn kèk ide anba tit “Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou” a ak “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou” a nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.)

  • Envite manm klas yo pou yo eksplike kijan yo te reyaji sou enpresyon yo te resevwa pandan yon klas anvan sa a oubyen pandan etid ekriti pèsonèl oubyen familyal yo.

  • Pran kèk minit pou w montre yo kèk nan resous Legliz la genyen pou ede manm yo etidye levanjil la, tankou èd pou etid ekriti nou jwenn nan scriptures.lds.org yo; “Istwa Ekriti” yo nou jwenn nan children.lds.org; dokimantasyon pou jèn yo nou jwenn nan youth.lds.org; manyèl seminè ak enstiti ak videyo, anrejistreman odyo, ak imaj (gade medialibrary.lds.org). N ap jwenn anpil nan resous sa yo tou nan app Bibliyotèk Levanjil la (Gospel Library app.)

  • Pran kèk minit pou w eksplike kijan pou yo itilize app Bibliyotèk Levanjil la pou yo etidye ekriti yo, ansanm ak fason pou make vèsè yo ak ekri enpresyon yo.

  • Envite yonn oubyen plis nan manm klas yo pou yo eksplike kijan yo anseye fanmi yo yon prensip presi nan levanjil la.