Nouvo Testaman 2023
5–11 Jen. Jan 14–17: “Demere nan Lanmou Mwen”


“5–11 Jen. Jan 14–17: ‘Demere nan Lanmou Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“5–11 Jen. Jan 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Dènye Soupe a

Dènye Soupe a, tablo William Henry Margetson

5–11 Jen.

Jan 14–17

“Demere Nan Lanmou Mwen”

Priye pou w konnen bezwen timoun w ap anseye yo pandan w ap li Jan 14–17la. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede sipòte etid ou, epi plan leson sa a kapab ba w ide sou fason pou w ansenye timoun yo nan klas ou a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou ede timoun yo pataje sa yo ap aprann nan fwaye a, fè chak timoun pran tou pa yo pou kenbe yon kè an papye epi pataje yon bagay li te fè pou montre lanmou pou lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jan 14:15

Mwen montre lanmou m pou Jezikri nan respekte kòmandman L yo.

Ede timoun yo konprann ke yo ka montre Sovè a ke yo renmen Li nan respekte kòmandman L yo.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo resite Jan 14:15. Mande yo pou yo di “si w renmen m” lè w leve kè an papye a anlè. Mande yo pou yo di “respekte kòmandman m yo” lè w leve liv ekriti yo anlè.

  • Ede yo panse a kèk nan kòmandman Jezi te bay yo. Envite yo pou yo sigjere fason yo ka respekte chak kòmandman. Temwaye ke si yo fè bagay sa yo, sa ap montre lanmou yo pou Jezikri.

  • Chante ansanm yon kantik sou kòmandman yo, tankou “Pour trouver la paix”” (Chants pour les enfants, 194).

  • Jwe jwèt ki nan paj aktivite semèn sa a avèk timoun yo.

Jan 14:26–27; 15:26; 16:13–14

Sentespri a ede mwen.

Jezi te anseye disip Li yo kèk verite enpòtan konsènan Sentespri a. Konsidere kijan verite sa yo ka beni timoun w ap anseye yo.

Aktivite Posib

  • Montre foto Dènye Soupe a (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.54). Eksplike timoun yo ke nan Dènye Soupe a, Jezi te anseye disip Li yo sou Sentespri a. Pataje kèk nan verite Li te anseye yo nan Jan 14:26–27; 15:26; 16:13–14.

    Imaj
    Jezi ap pale avèk disip yo

    Dènye Soupe a, tablo Clark Kelley Price

  • Pataje yon eksperyans kote Sentespri a te rekonfòte ou, gide ou, oswa ede w konnen la verite. Temwaye ke Sentespri a ka ede timoun yo nan menm fason yo tou.

  • Chante avèk timoun yo yon chan sou Sentespri a, tankou “Le Saint-Esprit” (Chants pour les enfants, 56). Envite yo pou yo koute kèk bagay yo mansyone nan chan an ke Sentespri a fè.

Jan 17:3

Mwen ka konnen Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Jezikri te anseye ke “lavi etènèl” se konnen “sèl vrè Bondye a, ak Jezikri.” Pandan timoun w ap anseye yo ap vin konnen de Moun sa yo, y ap vin jwenn fòs espirityèl ki ap beni yo pandan tout lavi yo epi ede yo atenn lavi etènèl.

Aktivite Posib

  • Li Jan 17:3, epi mande timoun yo pou yo koute kiyès Jezi vle pou nou konnen. Montre yo kèk foto ki reprezante fason nou ka vin konnen Pè Selès la ak Jezikri, tankou foto ekriti yo, foto yon fanmi k ap aprann ansanm, ak yon moun k ap sèvi yon lòt moun. Mete foto yo fas anba, epi envite yo pou yo chak pran tou pa yo pou vire foto yo anlè epi dekri kisa ki nan foto a. Kijan bagay sa yo ede nou konnen Pè Selès la ak Jezi?

  • Pale timoun yo de kèk bagay yo konn fè pou yo ka konnen zanmi yo pi byen. Kijan nou ka vin konnen Pè Selès la ak Jezikri pi byen? Pataje fason ou fè sa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jan 14:15; 15:10–14

Mwen montre lanmou m pou Jezikri nan respekte kòmandman L yo.

Lè w ap li pasaj sa yo nan eti pèsonèl ou, panse avèk timoun w ap anseye yo. Kijan y ap beni lè yo konprann ke obeyisans yo anvè Sovè a se yon prèv sou lanmou yo pou Li?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pataje fason Jezi te montre ke L te obeyi Pè Selès la. Montre foto nan lavi Sovè a pou ede yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 34–35, 56–57). Mande yo pou yo pale de moman kote yo konn obeyi Pè Selès la.

  • Envite yon timoun pou l li Jan 14:15. Fè chak timoun pran tou pa yo pou desine yon moun k ap respekte yon kòmandman, pandan ke rès timoun yo ap eseye devine sa l ap desine a. Pou egzanp sou kòmandman yo, gade nan bwochi Pou fòs jèn yo (2022). Kijan respekte kòmandman sa yo montre Sovè a ke nou renmen Li?

Jan 14:26; 15:26; 16:13

Sentespri a gide, li konsole, li temwaye konsènan laverite.

Timoun w ap anseye yo ka petèt gentan resevwa don Sentespri a. Kisa yo konnen sou fason Sentespri a ka ede yo? Panse sou kijan w pral ede yo pi byen konprann wòl Sentespri a genyen yo.

Aktivite Posib

  • Bay timoun yo vèsè sa yo pou yo li de pa de: Jan 14:26; 15:26; ak 16:13. Mande yo pou yo chèche mo ki anseye yo sa Sentespri a fè. Ekri mo yo sou tablo a.

  • Pataje yon eksperyans kote Sentespri a te gide ou, rekonfòte ou, avèti ou, oubyen temwaye w laverite. Envite timoun yo pou yo rakonte nenpòt eksperyans yo te fè. Kijan yo te rekonèt enfliyans Sentespri a?

  • Mande chak timoun pou l desine figi l sou yon sachè papye. Limen yon flach, pou reprezante Sentespri a, nan chak sachè. Apresa mete bagay ki bloke limyè nan sachè yo, bagay tankou yon ti moso twal, pou anseye yo ke move chwa nou yo ka limite enfliyans Sentespri a nan lavi nou. Fè timoun yo retire bagay ki nan nan sachè yo pou reprezante repantans.

Jan 15:1–9; 17:3

Pè Selès la ak Jezi vle pou m konnen Yo.

W ap beni lavi timoun yo nan ede yo aprann konnen Pè Selès la avèk Jezikri pi byen.

Aktivite Posib

  • Montre yon plant (oswa foto youn) pandan ke, youn apre lòt, timoun yo ap li vèsè ki nan Jan 15:1–9yo. Kijan Jezi sanble avèk yon pye rezen? Kijan nou se tankou branch yo? Kisa nou ka fè pou nou “demere,” oubyen rete pwòch Sovè a?

  • Li Jan 17:3awotvwa. Mande timoun yo kisa y ap fè pou yo aprann konnen Pè Selès la ak Jezikri. Pataje kisa w fè pou w vin konnen Yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo yon chan yo te aprann resamman nan klas la oubyen nan peryòd chante a.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo. Si w ap anseye timoun ki pi piti yo, ou gendwa jwenn ide ki ka adapte pou klas ou a nan seksyon pou timoun ki pi gran yo nan plan sa a. Menmjan tou, aktivite pou timoun ki pi piti yo ka adapte pou anseye timoun ki pi gran yo tou.