Vini, Suiv Mwen
4–10 Fevriye. Ebre 1–6: ‘Jezikri se Otè sali etènèl nou’’


“4–10 Fevriye. Ebre 1–6: ‘Jezikri se Otè sali etènèl nou’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Fevriye. Ebre 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la ki kanpe avèk yon jènfi ak yon mesye

Pomad Gilead, pa Anne Henrie

4–10 Fevriye.

Ebre 1–6

‘Jezikri se Otè sali etènèl nou’’

Ki verite nou jwenn nan Ebre 1–6 la nou santi n enspire pou n anseye timoun yo? Pote atansyon a enspirasyon Lespri a w ap resevwa pandan w ap prepare w la, epi asire w ke w ekri yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Èske timoun yo te aksepte envitasyon w te fè nan fen semèn pase a pou yo chèche yon vèsè ekriti pou yo pataje a? Si wi, ba yo tan pou yo fè sa. Si non, ede yo panse ak yon bagay yo aprann nan ekriti yo resamman ke yo ka pataje.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Ebre 1:2–10; 2:8–10, 17–18

Wi m kwènan Kris la.

Vèsè sa yo ka ede timoun yo aprann plis osijè Jezikri ak fòtifye relasyon yo avèk li.

Aktivite posib

  • Sou kèk moso papye, itilize pwòp mo pa w pou w ekri kè verite osijè Jezikri ou jwenn nan Ebre 1:2–10; 2:8–10, 17–18 la, epi kache yo nan tout sal la. Envite timoun yo pou yo chèche papye yo. Ede yo li verite k ekri sou yo a, epi pale sou siyifikasyon yo. Si nesesè, eksplike ke yo rele Jezi Pitit Gason Bondye paske Pè Selès la se papa kò li ak lespri li.

  • Pase yon foto Sovè a nan tout sal la, epi fè chak timoun di pou ki rezon l rekonesan pou Jezikri pandan l kenbe foto a.

Ebre 3:8

Pè Selès la vle pou nou “pa andisi kè nou.”

Ebre 3 banou egzanp sou Izrayelit yo ki te andisi kè yo epi yo te rejte benediksyon Senyè a te gen pou yo. Li se yon avètisman pou nou tout tou, pou n pa andisi kè nou.

Aktivite posib

  • Pote yon eponj ak yon wòch nan klas la. Envite timoun yo pou yo touche objè sa yo epi dekri kisa yo santi. Mete kèlke gout dlo sou chak objè, epi fè yo remake ke eponj la absòbe plis dlo pase wòch la. Di yo ke kè nou dwe adousi e non pa andisi pou nou ka aksepte verite Pè Selès la mete nan kè nou yo.

  • Koupe yon kè nan yon materyèl byen soup, tankou twal, ak youn nan yon materyèl byen di, tankou katon. Di yo ke lè nou koute epi nou obeyi, kè nou adousi men lè nou pa koute epi nou pa obeyi, kè nou andisi. Nan pwòp mo pa w, pataje kèk egzanp nan ekriti yo sou moun ki adousi kè yo ak moun ki andisi kè yo (tankou Nefi, Laman, ak Lemyèl [1 Nefi 2:16–19], Pòl [Travay 9:1–22], oubyen Joseph Smith [Joseph Smith—Istwa 1:11–20]). Pandan w ap pataje chak egzanp, envite timoun yo pou yo montre kè ki dou a ak kè ki di a.

Imaj
Moyiz k ap òdone frè li, Aawon

Moyiz aple Aawon nan ministè a, pa Harry Anderson

Ebre 5:4

Se Bondye ki aple detantè Prètriz yo.

Ebre 5:4 se yon vèsè enpòtan paske li klarifye ke detantè prètriz yo—ak lòt k ap sèvi nan Legliz la—dwe aple pa Bondye.

Aktivite posib

  • Li Ebre 5:4 pou timoun yo. Mande yon detantè prètriz pou l eksplike kisa Prètriz la ye epi pou l pataje eksperyans li lè l t ap resevwa prètriz la.

  • Ede yo memorize fraz ki nan senkyèm atik lafwa a. Temwaye yo ke moun Bondye aple pou fè travay li yo, li aple yo pa revelasyon.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Ebre 1:2–10; 2:8–10, 17–18

Wi m kwè nan Kris la.

Epit pou Ebre yo te ekri pou fòtifye lafwa Sen Ebre yo nan Jezikri. Li ka fè menm bagay la pou timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tack pou l kèlke vèsè nan Ebre 1:2–10; 2:8–10, 17–18, epi envite yo pou yo chèche verite sou Jeizkri nan vèsè sa yo. Fè yo pataje oubyen ekri sa yo jwenn yo sou tablo a. Ki lòt bagay nou konnen konsènan Jezikri? Timoun yo ap jwenn kèk ide nan kantik tankou “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur ” (Cantiques,{ no. 136) oswa “He Sent His Son” (Chants pour les enfants, 34–35).

  • Envite yo pou yo desine tèt yo avèk paran yo. Mande yo pou yo di kisa yo gen an komen avèk paran yo. Eksplike ke lè Ebre 1:3 di ke Jezikri se “pòtre Bondye” a, li vle di Jezi ak Pè Selès la gen menm kalite ak karakteristik. Temwaye ke nou aprann konnen Pè Selès la lè nou aprann konnen Jezikri epi suiv li.

  • Ede timoun yo panse a kèk moun yo ka pataje temwayaj konsènan Jezikri. Panse pou w envite yo pou yo fè pratik sou sa yo t ap di moun sa yo osijè Jezi.

Ebre 3: 7-19

Pou n resevwa gidans ak benediksyon Pè Selès la, nou pa dwe “andisi kè nou.”

Nan Ebre 3, yo itlize istwa Izrayelit yo nan dezè a pou anseye sou enpòtans pou n pa andisi kè nou. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun nan klas ou yo prensip sa a?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo panse ak bagay ki di ak sa ki mou. (Ou gen dwa pote kèk egzanp pou w montre yo.) Li ansanm Ebre 3:8. Kisa yon kè andisi vledi? Poukisa Bondye vle pou nou gen kè ki dou?

  • Nan pwòp mo pa w, rakonte istwa Izrayelit yo ki te andisi kè yo kont Senyè a nan dezè a (gade Resansman 14:1–12; Ebre 3:7–19). Fè timoun yo jwe wòl istwa a. Kisa k ap rive si nou andisi kè nou kont Senyè a ak levanjil li a?

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 13:15; Ebre 3:15; Mozya 11:29; ak Moyiz 6:27. Mande yo pou yo desine kèk pati nan kò nou yo mansyone nan vèsè sa yo. Kisa sa vledi pou n gen zòrèy andisi, je avèg, ak kè ki di? Kijan nou ka asire nou ke zòrèy nou, je nou , ak kè nou pare pou n resevwa benediksyon Bondye yo?

Ebre 5:1–4

Se Bondye ki aple detantè prètriz yo.

Ebre 5 ba w yon opòtinite pou w eksplike kisa prètriz la ye—pouvwa ak otorite pou aji nan non Bondye—ak kijan yo resevwa li. Sa ta ka spesyalman itil pou tigason yo k ap prepare yo pou yo òdone nan prètriz la.

Aktivite posib

  • Montre foto Moyiz k ap bay Aawon prètriz la (Gospel Art Book, no. 15) pandan yon timoun ap li Ebre 5:4. Li ta bon pou w eksplike yo ke, paske Aawon sete premye moun ki te detni Prètriz Aawon an, yo bay prètriz la non li. Ede timoun yo panse a devwa detantè Prètriz Aawon yo akonpli (tankou fè batèm, beni ak distribye Sentsèn, epi envite lòt moun pou vin jwenn Kris la.)

  • Ede yo panse sou kèk fason diferan moun yo resevwa otorite a. Paregzanp, kijan yon enstriktè, yon doktè, oubyen yon dirijan politik resevwa otorite a? Kijan Bondye bay otorite li? Envite timoun yo pou yo panse ak kesyon sa a pandan y ap li Ebre 5:4 ak senkyèm atik lafwa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje yon ekriti, yon kantik, oubyen yon aktivite yo te aprann nan klas la jodia avèk fanmi yo pandan yon sware familyal.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo ka rekonèt enfliyans Lespri a. Anseye yo ke santiman lapè, lanmou, ak chalè yo santi lè y ap pale oubyen chante sou Jezikri yo ak sou levanjil li a soti nan Sentespri a. Santiman sa yo ka fòtifye temwayaj yo.