Vini, Suiv Mwen
23–29 Septanm. Galat: ‘Mache selon Lespri a’


“23–29 Septanm. Galat: ‘Mache selon Lespri a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

23–29 Septanm. Galat,” Vini Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la parèt devan Pòl nan prizon

23–29 Septanm.

Galat

“Mache selon Lespri a”

Pandan w ap li Galat la, ki enpresyon w resevwa sou sa timoun nan klas ou yo bezwen aprann?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay timoun yo kèlke minit pou yo desine yon bagay yo te aprann nan yon diskisyon anvan sa apwopo levanjil la lakay yo oubyen nan legliz la. Ranmase desen yo, epi fè yo eseye devine kisa chak desen reprezante.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Galat 5:22–23

Sentespri a ede m santi lanmou, lajwa, ak lapè.

Timoun piti yo ka rekonèt fwi Lespri yo. Sa ap prepare yo pou yo chèche enfliyans Sentespri a pandan tout lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre oubyen afiche foto plizyè kalite fwi, epi mande timoun yo pou yo dekri ki gou chak fwi yo genyen. Eksplike ke menmjan fwi yo gen gou diferan an, se konsa tou nou ka santi Sentespri a nan fason diferan, tankou lanmou ak lapè. Mande yo pou yo dekri kijan yo santi Sentespri a.

    Imaj
    pòm sou yon pyebwa

    Timoun tout laj ka rekonèt fwi Lespri yo.

  • Li Galat 5:22–23 avèk yo, epi eksplike yo mo ki pa familye pou yo yo. Envite chak timoun pou chwazi yon fwi Lespri a yo mansyone nan vèsè sa yo epi pale de yon moman kote yo te santi fwi Lespri sa a. Envite yo pou yo fè desen senp sou eksperyans yo a.

Galat 6:2

Jezikri vle m ede moun ki nan bezwen.

Enstriksyon ki nan Galat 6:2 a menmjan ak ansèyman Alma a ki nan Mozya 18:8 la pou moun ki ta pral batize yo. Pwofite okazyon sa a pou ede timoun yo prepare yo pou alyans batèm yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon timoun k ap batize (tankou Gospel Art Book, no. 104). Mande timoun yo kisa timoun sa a ap fè a. Eksplike ke lè nou batize, nou fè alyans, oubyen pwomès. Li Galat 6:2 oubyen Mozya 18:8 pou ede yo aprnan youn nan bagay nou pwomèt pou n fè yo: pou youn pote fado lòt. Envite yo pou yo fè desen sou fason yo ka ede lòt moun k ap pote fado.

  • Li fraz sa a nan Galat 6:2 a pou yo: “Se pou youn pote fado lòt.” Pou ilistre kisa sa vledi, bay yon timoun yon bagay lou pou l pote. Apresa mande yon volontè pou ede l pote bagay la. Eksplike timoun yo ke gen anpil bagay ki ka parèt tankou fado, tankou maladi, tristès oubyen solitid. Kisa nou ta ka fè pou ede yon moun ki gen kalite faso sa a?

Galat 6:7–9

Aksyon nou, ni bon ni move, gen konsekans.

Li enpòtan pou timoun yo konprann ke chwa nou yo gen konsekans. Ou ka itilize Galat 6:7–9 la pou ilistre verite sa a.

Aktivite posib

  • Montre yon semans ak yon legim. Li Galat 6:7–9 pou timoun yo. Mande yo pou yo fè sanblan y ap plante yon semans lè yo tande mo “simen” an. Mande yo pou yo pretann y ap rekòlte yon vejetab nan yon plant lè yo tande mo “simen” an.

  • Montre plizyè kalite vejetab, epi ede yo jwenn semans nan chak. Mete semans yo nan yon resipyan, epi fè timoun yo pran tou pa yo pou yo di ki vejetab k ap grandi si yo plante l. Ede yo konprann ke menmjan semans nou plante yo detèmine ki vejetab nou genyen, chwa nou fè yo detèmine konsekans ak benediksyon nou resevwa alafen.

  • Trase yon liy atè a avèk riban adezif. Mete yon vizaj souriyan ak yon vizaj tris nan de pwent liy nan. Envite yon timoun pou l kanpe nan mitan liy nan epi fè lòt yo di chwa ki mennen nan bonè oubyen nan tristès (ou gen dwa bay kèk egzanp). Pou chak chwa, mande timoun nan mitan an pou l avanse sou kote souriyan an oubyen sou kote tris la. Repete aktivite a plizyè fwa, epi kite lòt timoun yo pran tou pa yo kanpe sou liy nan.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Galat 5:1

Jezikri rann nou lib.

Gen kèk moun ki panse levanjil Jezikri a limite libète yo. Reflechi sou fason w ap ede timoun yo wè ke, an reyalite, li libere nou anba peche ak lanmò.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Galat 5:1. Nan ki fason Jezikri rann nou lib pou nou ka retounen al jwenn Pè Selès? Montre foto soufrans Jezi nan Jetemani an ak Rezirèksyon l lan pou timoun yo ka konprann kijan Jezi te libere nou anba peche ak lanmò (gade Gospel Art Book, nos. 5659).

  • Chante ansanm epi repase mo yon kantik sou Sovè a, tankou “Je sais qu‘il vit mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73). Mande timou yo pou yo jwenn mo nan kantik sa a ki dekri fason Jezikri ka libere nou anba esklavaj spirityèl.

Galat 5:22–23

Si m “mache selon Lespri a,” m ka jwi “fwi Lespri a.”

Kijan w ka ede timoun yo rekonèt moman kote yo santi Sentespri a?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon moso papye ki koupe an fòm yon fwi, epi mande yo pou yo chèche yon “fwi Lespri a” nan Galat 5:22–23. Envite yo pou yo ekri youn nan fwi yo sou yon bò papye yo a ak yon mo ki vledi opoze a sou lòt bò a. (Ede yo konprann mo ki pa familye pou yo yo.) Envite yo pou yo pataje fwi yo avèk klas la.

  • Envite timoun yo pou yo li osijè fwi Lespri yo nan Galat 5:22–23 epi ekri oubyen desine yon foto apwopo yon lè kote Sentespri a te ede yo santi youn nan fwi sa yo. Mande yo pou yo pataje istwa yo a oubyen foto yo a avèk yon lòt nan klas la. Poukisa fwi a se yon bon fason pou ede nou konprann kijan Lespri a enfliyanse nou?

Galat 6:7–9

Aksyon nou, bon ak move, gen konsekans.

Ede timoun yo konprann ke konsekans pou konpòtman yo vini imedyatman pafwa epi gen lòt fwa yo vini “nan tan konvnab” la (vèsè 9).

Aktivite posib

  • Li Galat 6:7–9 ansanm. Envite timoun yo pou yo desine senp foto kote yon moun plante semans yon fwi epi l rekòlte yon lòt fwi diferan. Poukisa sa enposib? Kijan sa enposib pou nou fè move chwa epi pou n espere n ap jwenn konsekans pozitif?

  • Antanke klas, fè yon labirent tankou sa k nan paj aktivite semèn sa a. Envite timoun yo pou yo panse ak lòt mo pase mo nan labirent yo ki reprezante bon santiman Sentespri a fè nou genyen oubyen mo chwa ki riske chase li. Pale de koneskans chwa yo panse yo.

  • Envite yo pou yo fè lis benediksyon yo espere resevwa nan men Pè Selès la. Ede yo panse ak ”semans” yo dwe simen pou yo ka “rekòlte“ benediksyon sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pote atansyon a bon konsekans yo, oubyen “fwi” ki soti ladan yo gras ak bon desizyon yo fè semèn sa a. Di yo semèn pwochèn nan yo ka pataje eksperyans yo.

Amelyore ansèyman nou

Modifye aktivite yo selon laj timoun yo. Bay timoun yo opòtinite pou yo patisipe, men sonje ke kapasite yo pou fè sa ap varye selon laj yo ak matirite yo. Timoun ki pi piti yo ka bezwen plis gidans ak direksyon. Pandan y ap grandi, yo ka vin plis patisipe epi yo ka plis vin kapab pataje sa yo panse. (Gade Anseye nan fason Sovè a,25–26