Vini, Suiv Mwen
22–28 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?’


“22–28 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“22–28 Avril. Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
bon Samariten an

Bon Samariten an, pa Dan Burr

22–28 Avril.

Matye 18; Lik 10

“Kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?”

Ki verite ki nan Matye 18 ak Lik 10 timoun yo bezwen aprann? Koute enspirasyon Sentespri a pandan w ap li chapit sa yo. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede ou konprann doktrin nan, epi plan sa a ka ba w ide sou fason pou w anseye verite sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo rakonte kijan yo te selebre Ekspyasyon Jezikri a pou Pak.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 18:21–35

Mwen dwe toujou padone lòt moun.

Pandan w ap li Matye 18:21–35 la, panse sou pwòp eksperyans pa w avèk padon ak sa timoun yo bezwen konnen apwopo prensip sa a.

Aktivite posib

  • Li Matye 18:21, epi envite timoun yo pou yo di “Mwen padone ou” sèt fwa. Mande: “èske sa ase pou nou padone sèt fwa?” Li vèsè 22 a epi eksplike ke Jezi vle nou chwazi pou nou toujou padone.

  • Rakonte yo parabòl sèvitè ki pa t gen pitye a (gade Matye 18:23–35). Si nesesè, eksplike ke lè yon moun fè nou yon bagay ki mal, n ap pwobableman santi nou ankòlè oubyen tris toudabò. Men, padone vledi nou ka santi lapè ankò. (Ou gen dwa santi w pouse pou fè timoun yo konprann ke, si yon moun fè yo mal, yo dwe di paran yo sa oubyen yon lòt grandèt yo fè konfyans.)

  • Ekri Mwen padone ou sou tablo a, epi di timoun yo ke pawòl sa yo ka ede moman tris yo vin tounen moman ki gen lajwa. Desine yon vizaj tris sou tablo a, epi bay kèk egzanp sou timoun ki ap padone lòt. Apre chak egzanp, envite yon timoun pou l transfòme vizaj tris la fè l vin yon vizaj souriyan.

  • Chante avèk timoun yo “Aide-moi,Père,” Chants pour les enfants, 52. Mande yo pou yo kanpe lè yo tande mo ede a. Temwaye ke Pè Selès la ap ede nou padone lòt moun.

Lik 10:25–37

Jezi te anseye m pou m konsidere tout moun kòm pwochen mwen epi renmen yo.

Parabòl bon Samariten an se yon istwa memorab ki ka montre timoun yo kiyès ki pwochen nou. Panse sou fason ou ka enspire timoun yo pou yo “ale, epi fè … menmjan tou” (Lik 10:37).

Aktivite posib

  • Mande chak timoun, “Kiyès ki pwochen ou?” Eksplike ke Jezi te anseye ke nenpòt moun ki bezwen èd se pwochen nou tou, menmsi l pa p viv nan antouraj nou, e nou dwe trete moun sa a avèk amou.

  • Li Lik 10:25–37 pandan timoun yo ap mime parabòl bon Samariten an, pandan yo chak ap pran tou pa yo pou jwe diferan wòl yo. Apre chak pèfòmans, mande yo pou yo di kijan yo ka sanble avèk bon Samariten an.

  • Ekri kèk egzanp sou kèk sitiyasyon kote yon moun ka bezwen èd, epi kache papye yo nan tout sal la. Mande timoun yo pou yo jwenn papye yo epi eksplike kijan yo ka montre jantiyès pou yon moun ki nan sitiyasyon sa a.

  • Chante avèk timoun yo “Aimez chacun” avèk “Soyons gentils,” Chants pour les enfants, paj 39, 83. Divize timoun yo an de, epi envite chak gwoup pou yo panse sou fason yo ka montre lanmou oubyen jantiyès pou lòt moun. Mande chak gwoup pou yo pataje sa yo panse avèk klas la.

  • Envite timoun yo pou yo ekri fason yo ka montre lanmou pou lòt moun sou ti bann papye. Fè yon chenn avèk bann papye sa yo epi envite yo pou yo mete l lakay yo, kote l ka raple yo pou yo janti.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 18:21–35

Pè Selès la ap padone m si m padone lòt moun.

Pandan timoun yo ap grandi, sa ka vin difisil pou yo padone. Parabòl sèvitè enpitwayab la kapab yon fason memorab pou anseye yo ke Pè Selès la vle pou nou padone tout moun.

Aktivite posib

  • Li Matye 18:23–35 avèk timoun yo; eksplike ke mèt la oubyen wa a reprezante Pè Selès la, sèvitè a reprezante noumenm, epi konpayon l lan reprezante moun ki ofanse nou yo. Mande timoun yo: “Kilè ou konn twouve l difisil pou w padone yon moun? Kijan w te abandone santiman sa yo? Èske w konn bezwen moun padone ou pou yon move chwa?”

  • Pase videyo “Padone tout moun sa yo fè nou: Parabòl sèvitè enpitwayab la” (LDS.org) pou ede timoun yo vizyalize parabòl sa a.

  • Ekri sou tablo a miltiplikasyon 70 × 7, la epi ede yo rezoud li. Mande yon moun pou li Matye 18:21–22, epi eksplike ke Jezi te itilize nimewo sa a pou anseye nou ke nou dwe toujou padone.

  • Bay chak timoun yon moso papye, epi envite yo pou yo desine yon timoun ki mechan avèk yon lòt. Apresa mande yo pou yo fè echanj papye yo a avèk moun bò kote yo a epi desine sou do nouvo papye a yon fason yo ka padone lòt moun.

  • Mande yo pou yo ede w panse a kèk sitiyasyon kote yon moun ta ka bezwen padone yon lòt moun. Envite yo pou yo mime fason yo pral montre padon yo nan sitiyasyon sa yo.

  • Chante avèk timoun yo “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52. Ede yo konprann chak kouplè nan chan an ak sa l anseye sou padone lòt moun.

Lik 10: 30–37

Mwen ka renmen lòt moun ak sèvi yo, espesyalman moun ki nan nesesite yo.

Reflechi sou moman nan lavi ou kote yon moun te “yon bon Samariten” pou ou. Kijan w ka pouse timoun yo pou yo “bon Samariten” pou lòt moun?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yon pati nan desen parabòl bon Samariten an pou yo desine. Envite yo pou yo mete foto yo nan lòd epi itilize yo pou rakonte istwa a.

  • Eksplike timoun yo ke Juif yo te sitèlman pa t renmen Samariten yo ke lè yo t ap soti Jerizalèm pou al Galile, yo te konn kontoune Samari pou yo te ka evite rankontre Samariten (gade Kat Bib yo, no. 1, “Kat fizik Tè Sent la”). Poukisa Jezi te itilize yon Samariten kòm yon egzanp jantiyès nan parabòl sa a? Kisa istwa sa a anseye nou sou ede lòt moun ki nan bezwen? (Gade tou Mozya 4:16–22.)

  • Mande timoun yo pou yo pataje yon eksperyans kote yon moun te tankou yon bon Samariten pou yo.

  • Bayo tach pou yo fikse bi pou yo tankou bon Samariten an semèn sa a. Paregzanp, èske yo konn yon moun ki malad oubyen ki solitè? Oubyen yon moun ki pa vin legliz regilyèman? Mande yo kijan yo ka ede moun sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo bi yo fikse pou yo ka tankou bon Samariten an semèn sa a.

Amelyore ansèyman nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo. Si yo ka pran abitid pou yo ekri enpresyon yo, sa ap ede yo rekonèt Lespri a ak suiv li. Timoun yo ka ekri enpresyon yo nan make ekriti yo, desine foto, oubyen ekri nan jounal yo.