Vini, Suiv Mwen
18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Si nou gen zòrèy pou n tande, tande’


“18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Si nou gen zòrèy pou n tande, tande’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
ble a pare pou rekòlte

18–24 Mas

Matye 13; Lik 813

“Si nou gen zòrèy pou n tande, tande”

Parabòl yo se istwa senp ki ka kaptive timoun yo. Plan leson sa a ak Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a kapab ede w itilize parabòl Sovè a bay yo pou anseye timoun yo verite enpòtan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pote plizyè bagay ki ka ede timoun yo sonje kèk nan parabòl ki nan Matye 13 yo, tankou yon semans, yon pèl oubyen yon kofrè bijou. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo sonje sou parabòl yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 13:1–23

Mwen bezwen prepare pou m aprann ansèyman Jezi yo.

Timoun ki pi gran yo gen dwa pa kapab konprann tout senbòl ki nan parabòl semè a, men yo ka aprann senp verite levanjil li anseye yo. Kijan w ka ede yo pi byen konprann kòman parabòl sa a gen rapò avèk yo?

Aktivite posib

  • Montre plizyè kalite teren (oswa imaj teren) pandan w ap rezime Matye 13:3–8 la. Bay chak timoun yon semans pou l plante. Mande timoun yo kisa nou ka fè pou ede semans nou yo grandi. Eksplike yo ke posede lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri se youn nan fason nou ka ede “semans” temwayaj nou grandi.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo konprann kisa chak tip teren yo dekri nan Matye 13 yo anseye nou osijè kè nou. Mande timoun yo ki kalite kè Jezi vle yo genyen pou yo ka aprann ansèyman l yo.

  • Li Matye 13:9, 15, epi di timoun yo, lè yo mansyone kèk pati diferan nan kò yo, pou yo montre yo ak dwèt yo. Kijan nou ka itilize pati sa yo pou aprann ansèyman Jezi yo?

Matye 13:24–30, 36–43, 47–48

Pè Selès la vle m chwazi bon bagay.

Kèk nan parabòl Jezi yo anseye ke, nan dènye jou yo, Bondye ap separe mechan yo avèk jis yo. Kijan ou ka itilize parabòl yo pou enspire timoun yo pou yo chwazi bon bagay?

Aktivite posib

  • Fè timoun yo mime parabòl ble a ak ivrè a (gade Matye 13:24–30). Eksplike ke ble a reprezante moun ki fè bon chwa yo, epi ivrè a (move zèb) reprezante moun ki pa fè bon chwa yo. Yon jou, Pè Selès la pral gen pou l rasanble moun jis yo pou y al viv avèk li.

  • Rakonte kèk senp istwa sou timoun k ap fè bon chwa. Mande timoun yo pou yo di “ble” lè timoun nan istwa yo chwazi bon bagay epi “ivrè” lè timoun yo fè yon move chwa.

  • Pote foto zepi ble, epi, sou yo, fè timoun yo desine foto pou montre kèk fason yo ka egzanp moun ki jis.

  • Envante yon jwèt kote timoun yo ka matche detay nan parabòl semè yo avèk entèpretasyon ki nan Matye 13:18–23 a.

Matye 13:44–46

Apatenans mwen nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon trezò.

Kijan w ka itilize imaj trezò ak pèl presye a pou ede timoun yo konprann valè apatenans yo nan Legliz Kris la genyen.

Aktivite posib.

  • Kache foto kòf trezò a ak foto pèl la nan sal la, epi fè timoun yo chèche yo. Itilize foto yo pou ede w anseye parabòl ki nan Matye 13:44–46 yo. Kisa timoun yo ta bay pou yo ta gen yon bèl pèl oubyen yon bèl trezò nan yon jaden? Eksplike ke pafwa nou renonse a yon bon bagay pou yon lòt bagay ki pi bon. Di timoun yo poukisa levanjil la presye pou ou.

  • Nan yon bwat oswa yon kòf, mete plizyè objè oubyen foto ki reprezante “trezò” nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, tankou tanp oswa Liv Mòmon an. Mande chak timoun pou yo chwazi yon objè oubyen yon foto epi eksplike poukisa l se yon trezò.

  • Chante ansanm “L’Église de Jesus-Christ,” Chants pour les enfants, 48, epi mande yo pou yo koute benediksyon nou jwenn palefèt ke nou se manm Legliz la. Temwaye konsènan benediksyon ou te resevwa gras ak apatenans ou nan Legliz la.

Imaj
Senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 13:1–23

Mwen bezwen prepare kè m pou m resevwa ansèyman Jezi yo.

Kijan w ka ede timoun yo rekonèt enpòtans pou yo gen yon kè dou ak byen dispoze pou Jezi ka anseye yo?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou yo li youn nan kat tip teren yo ki nan Matye 13:4–8 la. Envite yo pou yo chèche epi rakonte kisa k rive semans ki te tonbe nan tip teren yo li a. Kijan kè nou kapab sanble avèk diferant kalite teren? (gade Matye 13:19–23).

  • Bay chak timoun yo de semans, epi envite yo pou yo plante youn nan yon bon tè ak youn nan yon pil wòch. Ki semans k ap gen plis chans pou l pouse? Kijan nou ka veye pou kè nou rete tankou bon teren an, pou nou ka resevwa ansèyman Sovè a bay yo?

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 13:9–17. Fè desen yon zye, yon zòrèy, ak yon kè sou tablo a. Kijan nou itilize chak pati sa yo nan kò nou an pou n aprann ansèyman Jezi yo?

Matye 13:24–30, 36–43

Mwen ka chwazi bon bagay, menm lè moun bò kote m pa fè sa.

Lè w li vèsè sa yo avèk timoun yo nan tèt ou, ki enpresyon w resevwa?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè desen diferant sèn nan parabòl ble ak ivrè a, ki nan Matye 13:24–30 la, epi montre klas la desen yo a. Mande yo pou yo bay desen yo yon tit kote y ap itilize entèpretasyon parabòl la ki nan Matye 13:36–43 a. Eksplike ke ivrè se move zèb.

  • Si posib, montre yo foto ble ak ivrè. Eksplike ke ble a ak ivrè a ap grandi ansanm jiskaske fen mond lan rive. Sa anseye nou ke n ap viv avèk ni byen ni mal bò kote nou, epi nou dwe fè atansyon pou n chwazi bon bagay. Mande timoun yo pou yo pataje kijan yo ka fè diferans ant byen ak mal.

Matye 13:44–46

Apatenans mwen nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon trezò.

Èske timoun w ap anseye yo konsidere apatenans yo nan Legliz la kòm yon trezò presye? Petèt parabòl nan Matye 13:44–46 yo kapab ede yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 13:44–46 an silans epi pataje parabòl la avèk yon lòt moun nan klas la nan pwòp mo pa yo.

  • Koupe plizyè sèk pou reprezante pyès lajan, epi mete yo nan yon bwat trezò. Envite timoun yo pou yo pran youn epi desine oubyen ekri yon bagay yo renmen ki montre apatenans yo nan Legliz la sou li. Mande yo pou yo pataje sa yo mete sou pyès lajan yo a.

  • Envite yon manm pawas la pou pataje istwa konvèsyon li avèk timoun yo epi di yo kisa l te sakrifye pou l te ka vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo anseye fanmi yo youn nan parabòl yo aprann nan Primè a.

Amelyore ansèyman ou

Timoun renmen pataje sa yo aprann. Menmsi yo jèn, yo kapab fòtifye manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)