Vini, Suiv Mwen
12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: “Nou se pitit alyans lan”


“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: ‘Nou se pitit alyans lan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Kris la ki parèt devan Nefit yo

Ilistrasyon Kris la ki parèt devan Nefit yo pa Andrew Bosley.

12-18 Oktòb.

3 Nefi 20–26

“Nou se pitit alyans lan”

Pandan w ap li 3 Nefi 20–26 la, “sonde bagay sa yo avèk dilijans” (3 Nefi 23:1) pou w ka jwenn kèk verite pou w pataje avèk timoun nan klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Fè yon foto Sovè a sikile nan klas la. Pou chak timoun ki gen chans pou kenbe li, envite l pou l pataje yon bagay Jezi te anseye oubyen l te fè lè l t ap vizite moun nan Liv Mòmon yo. Yo gen dwa pataje yon bagay yo te aprann lakay yo oubyen nan Primè a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan: timoun ki pi piti yo

3 Nefi 20:1

M ka priye nan kè m.

Si klas ou a te aprann osijè lapriyè semèn pase a, ou gen dwa bati sou leson sa a avèk youn nan aktivite sa yo.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo montre w kisa yo fè lè y ap priye. Kisa yo fè avèk bra yo? tèt yo? je yo? Eksplike ke pafwa nou anvi pale avèk Pè Selès la, men nou pa ka mete n ajenou ni fèmen je nou. Kisa nou ka fè? Li 3 Nefi 20:1 pou yo: “[Jezi] te kòmande yo pou yo pa t sispann priye nan kè yo.” Di yo kijan w priye nan kè w.

  • Desine yon bouch ak yon kè sou tablo a. Mande yo pou yo lonje men sou bouch la epi di w kèk bagay yo di lè y ap priye. Apresa pou yo lonje men sou kè a, eksplike ke nou ka di bagay sa yo nan kè nou tou. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la konnen sa nou santi ak sa nou panse.

3 Nefi 24:8–12

Peye dim pote benediksyon.

Yo pa atann pou timoun ki pa batize yo peye dim. Men, li pa janm twò bonè pou anseye yo prensip ak benediksyon ki asosye avèk lwa sa a.

Aktivite posib

  • Si klas ou a gen yon fenèt, envite yo pou yo vin gade ladan l. Kisa k ka antre nan klas la si fenèt la ouvri. Li 3 Nefi 24:10, epi eksplike ke lè nou peye dim, “fenèt syèl yo” louvri, epi benediksyon vide nan lavi nou.

  • Montre timoun yo 10 pyès kòb (oubyen lòt ti bagay piti). Envite yo pou yo konte yo avèk ou. Temwaye ke tout sa nou genyen se benediksyon nou resevwa nan men Pè Selès la. Retire yon pyès kòb, epi eksplike ke lè nou peye dim, nou bay Pè Selès la yon dizyèm nan sa nou genyen an. Montreyo foto ki reprezante fason yo itilize dim yo pou beni Legliz Senyè a (tankou pou bati tanp, preche levanjil la, eksetera; gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 109–10, 118–19).

  • Chante ansanm yon kantik sou dim, tankou “Je donne ma dime au Seigneur” (Chants pour les enfants, 150). Fè yo remake fraz ki anseye poukisa nou peye dim yo.

3 Nefi 25:5–6

Pè Selès la vle m aprann sou zansèt mwen yo.

Jan yo pwofetize nan vèsè sa yo, Eli te retabli kle sèlman yo ki pèmèt nou liye avèk fanmi nou pou letènite yo.

Aktivite posib

  • Li 3 Nefi 25:6, epi envite timoun yo pou yo mete men yo sou kè yo chak fwa yo tande mo “kè” a. Eksplike yo ke Pè Selès la vle “pitit li yo”–nou tout–aprann epi santi lanmou pou “zansèt nou yo”—paran nou, granparan nou, ak gran gran paran nou yo.

  • Envite yon paran youn nan timoun yo pou pale de zansèt li. Oubyen rakonte yo yon istwa sou youn nan zansèt ou yo; montre foto si posib. Temwaye ke Pè Selès la vle nou ansanm ak fanmi nou pou tout tan, e se poutèt sa li te ba nou tanp. Chante ansanm “Ensemble à tout jamais” (Chants pour les enfants, 98).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

3 Nefi 23: 1,5

Mwen ka sonde ekriti yo avèk dilijans.

Sovè a te di foul moun yo pou yo te sonde ekriti yo, epi li te vle asire l ke yo te ekri pawòl pwofèt yo (gade 3 Nefi 23:1, 5–13; 26:2).

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li 3 Nefi 23:1, 5 epi chèche yon mo ki repete twa fwa. Kisa sa vle di pou n sonde pawòl pwofèt yo? Nan ki sans sonde diferan de jis li? Di timoun yo kijan w sonde ekriti yo ak sa w jwenn ladan yo.

  • Bay chak timoun yon ti kat oubyen yon ti moso papye, epi envite yo pou yo ekri referans yon ekriri yo pi renmen. (Ba yo sigjesyon si nesesè.) Fè yo chak pran yon tou pou kache kat yo a nan sal la pandan rès klas la kouvri je yo. Mande yo pou yo chèche ekriti a, epi lè yo jwenn ni, li l ansanm. Kisa nou jwenn nan ekriti sa a ki enpòtan pou nou?

3 Nefi 24:8–12

Peye dim ouvri fenèt syèl yo.

Lè w ap aseye timoun yo sou ladim, w ap prepare yo pou yo resevwa “yon benediksyon ke pap gen ase plas pou yo mete l” (3 Nefi 24:10).

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Si m peye dim mwen, Senyè a ap . Envite yo pou yo li 3 Nefi 24:8–12, epi ede yo jwenn mo pou konplete fraz sa a. Pataje yon eksperyans kote w te jwenn benediksyon paske w te peye dim ou.

  • Ekri kèk montan lajan sou tablo a, epi ede yo kalkile ki montan dim (10 pousan) nou dwe peye pou chak montan. Montre yo kijan pou yo ranpli yon fèy don dim.

  • Ede yo fè yon lis sou tablo a sou kèk nan fason yo itilize dim yo pou beni Legliz Senyè a (pou bati tanp, preche levanjil la, pibliye ekriti yo, eksetera). Mande yo pou yo desine (oubyen chèche foto nan revi Legliz yo) kèk fason dim beni Legliz la.

3 Nefi 25:5–6

Pè Selès la vle m aprann sou zansèt mwen yo.

Reflechi sou kijan w pral enspire timoun yo pou yo chèche zansèt yo pou ke lè yo gran ase pou yo al nan tanp, yo ka akonpli òdonans pou zansèt sa yo.

Aktivite posib

  • Di yo ke 3 Nefi 25:5–6 gen yon pwofesi sou yon evenman ki t ap gen pou rive nan dènye jou yo. Mande yo pou yo li vèsè sa yo pou yo ka wè kisa l te ye. Temwaye ke pwofesi sa a te akonpli, epi envite timoun yo pou yo li apwopo li nan Doktrin ak Alyans 110:13–16 (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la tou, no. 95). Eksplike ke lè nou aprann sou zansèt nou yo epi nou fè travay tanp pou yo, kè nou tounen vè zansèt nou yo.

  • Pale timoun yo de youn nan zansèt pa ou ki te mouri anvan l te jwenn opòtinite pou l te batize. Montre yo yon foto si posib. Rann temwayaj ou ke Pè Selès la renmen moun sa a, konsa, li te prepare yon mwayen pou l ka resevwa batèm atravè travay k ap fèt nan tanp yo. Mande timoun yo pou yo chèche yon fraz nan 3 Nefi 25:6 la ki dekri kijan w santi w apwopo zansèt ou a.

  • Ede yo ranpli yon ab jeneyalojik avèk non paran yo ak granparan yo. Ankouraje yo pou yo mande paran yo ede yo ajoute plis non.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo mande paran yo oubyen gran paran yo rakonte yo istwa sou zansèt sa yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun aprann nan plizyè fason. Timoun renmen aprann apati nouvo eksperyans ki varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. (Gade Anseye nan fason Sovè a,22.)