Vini, Suiv Mwen
Kisa ki diferan?


"Kisa ki diferan?" Vini, Suiv Mwen—Pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou (2017)

Kisa ki diferan?

Kisa ki diferan?

Nan dènye jou sa yo, Bondye te retabli prètriz la epi li òganize kowòm prètriz ak Sosyete Sekou pou ede akonpli travay li (gade Moyiz 1:39). Konsa, chak Dimanch lè nou reyini nan reyinyon Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou yo, nou reyini pou nou diskite ak planifye ki fason nou pral akonpli travay li. Se poutèt sa reyinyon sa yo sipoze plis pase klas sèlman. Yo se opòtinite pou nou konseye ansanm sou travay sali a, pou nou aprann ansanm nan ansèyman dirijan Legliz yo osijè travay sa a, ak pou nou òganize nou pou n ka akonpli l tou. Chanjman sa yo nan reyinyon jou Dimanch nou yo ap ede nou akonpli objektif sa yo.

Yon orè pou chak mwa

Reyinyon jou Dimanch Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou yo dwe suiv orè chak mwa sa a:

Semèn

Objektif

Premye Dimanch

Konseye ansanm sou responsablite, opòtinite, ak difikilte n ap rankontre lokalman yo epi fè plan pou nou aji

Dezyèm ak Twazyèm Dimanch

Etidye mesaj konferans jeneral prezidans lan oswa lidè gwoup yo chwazi, oubyen, pa okazyon, sa evèk la oswa prezidan pieu a chwazi

Katriyèm Dimanch

Diskite sou yon sijè espesyal Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo chwazi

Senkyèm Dimanch

Adrese yon sijè episkopa a chwazi

Imaj
reyinyon konsèy Sosyete Sekou

Yon chema pou reyinyon nou yo

Nan chak reyinyon Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou nou yo, n ap suiv yon chema pou akonpli travay Bondye a.

  1. Pataje eksperyans ki soti nan enpresyon ak envitasyon nou te resevwa nan reyinyon prètriz ak Sosyete Sekou anvan yo (dirije pa yon manm nan prezidans lan oswa yon lidè gwoup la).

  2. Konseye ansanm (premye Dimanch, dirije pa yon manm prezidans lan oubyen yon manm gwoup la) oswa aprann ansanm (dezyèm, twazyèm, ak katriyèm Dimanch, dirije pa yon enstriktè ki aple).

  3. Planifye pou aji kòm yon gwoup oswa endividyèlman (dirije pa yon manm prezidans lan oubyen yon manm gwoup la).