Ansyen Testaman 2022
7–13 Mas. Jenèz 37–41: “Senyè a te avèk Jozèf”


“7–13 Mas. Jenèz 37–41: ‘Senyè a te avèk Jozèf,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Mas. Jenèz 37–41,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jozèf an Ejp nan prizon

Ilistrasyon Jozèf an Ejip nan prizon, tablo: Jeff Ward

7–13 Mas

Jenèz 37–41

“Senyè a te avèk Jozèf”

Pandan w ap li Jenèz 37–41, priye pou Sentespri a ede ou pou w ka wè kòman pasaj ekriti yo anrapò avèk lavi ou. Ekri nenpòt enpresyon ou resevwa.

Ekri Enpresyon w yo

Kèkfwa gen move bagay ki rive bon moun. Lavi a anseye nou leson sa a klèman, tankou lavi Jozèf, pitit gason Jakòb la. Li sete eritye alyans Bondye te fè zansèt li yo, men, frè l yo te rayi l epi yo te vann ni nan esklavaj. Li te refize konpwomèt entegrite l lè madanm Potifa te apwoche l epi yo te mete l nan prizon. Se kòmsi plis li te fidèl, se plis li te rankontre difikilte. Men, tout advèsite sa a se pa t siy dezapwobasyon Bondye. Anfèt, atravè tout sa, “Senyè a te avèk li” (Jenèz 39:3). Lavi Jozèf sete manifestasyon verite enpòtan sa a: Bondye pa p abandone nou. “Lè nou suiv Sovè a, sa pa p retire tout tribilasyon nou,” Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye. “Sepandan, l ap retire baryè ki separe nou de èd Pè Selès la vle ba nou an. Bondye ap avèk nou” (“Anvi Al Lakay,” Lyawona, Nov. 2017, 22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 37:1–28; 39; 41:9–45

“Senyè a te avèk Jozèf” nan advèsite li.

Tan apre tan, bòn chans te sanble l te abandone Jozèf, men, Senyè a pa t janm abandone l. Pandan w ap li istwa Jozèf la, medite sou kesyon tankou sa yo: Kisa Jozèf te fè pou l rete pwòch Senyè a pandan peryòd tribilisayon l la? Nan ki fason Senyè a te “avèk li”? (Jenèz 39:2–3, 21, 23).

Ou ta ka poze menm kalite kesyon sa yo apwopo lavi ou. Ki prèv ki fè w wè ke Senyè a pa abandone w nan peryòd eprèv ou yo? Konsidere kijan w ka pataje eksperyans ou avèk manm fanmi ou ak jenerasyon k ap vini yo (gade nan 1 Nefi 5:14). Kisa w ka fè kounyea pou prepare w pou w rete fidèl lè w ap travèse eprèv nan lefiti?

Gade tou nan Jan 14:18; Women 8:28; Alma 36:3; Doktrin ak Alyans 121:7–8; D. Todd Christofferson, “Lajwa Sen Yo,” Lyawona, Nov. 2019, 15–18.

Jenèz 37:5–11; 40; 41:1–38

Si m fidèl, Senyè a ap gide ak enspire m.

Èldè David A. Bednar te anseye, “Revelasyon vini nan yon varyete fason, tankou, paregzanp, rèv, vizyon, konvèsasyon avèk mesaje selès, ak enspirasyon” (“Lespri Revelasyon An,” Lyawona, May 2011, 88). Senyè a te itilize rèv pou L te revele Jozèf ak kuizinye an chèf Farawon an, ak Farawon laverite. Senyè a te revele Jozèf kijan pou l te entèprete rèv sa yo tou. Kisa w ka aprann nan Jenèz 37:5–11; 40:5–8; 41:14–25, 37–38 konsènan resevwa ak konprann revelasyon nan men Senyè a? Paregzanp, kisa w ka aprann nan egzanp Jozèf lè revelasyon sanble l difisil pou w konprann? (gade nan Jenèz 40:8; 41:16).

Imaj
Jozèf nan prizon k ap entèprete rèv

Jozèf Ap Entèprete Rèv Kuizinye a ak Boulanje a, tablo: François Gérard

Medite sou fason Senyè a revele ou volonte L. Kisa w ap fè pou w aji selon revelasyon Senyè a ba ou? Kijan w ap chèche direksyon adisyonèl nan men L?

Gade tou nan Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 93–96; Michelle Craig, “Kapasite Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 19–21.

Jenèz 38; 39:7–20

Avèk èd Senyè a, m ka kouri pou tantasyon.

Lè w tante, egzanp Jozèf la ka ba w ankourajman ak fòs. Pandan w ap li konsènan eksperyans li yo nan Jenèz 39, remake kisa Jozèf te fè pou l te reziste devan tantasyon. Paregzanp:

  • Li “te refize” avans madan Potifa yo (vèsè 8).

  • li te rekonèt ke fè peche t ap ofanse Bondye ak lòt moun (vèsè 8–9).

  • Li “pa t tonbe anba” tantasyon an, menm lè sa te kontinye “jou apre jou” (vèsè 10).

  • Li “te kite wòb li … epi l te kouri, epi l te sòti” (vèsè 12).

Avèk egzanp Jozèf la nan lespri ou, panse pou w fè yon plan pou w evite ak reziste anba tantasyon. Paregzanp, ou ta ka panse a yon tantasyon w rankontre, ekri sitiyasyon pou w evite, epi fè yon plan pou konte sou Pè Selès la lè tantasyon an vini (gade nan 2 Nefi 4:18, 27–33).

Tantasyon:

Sitiyasyon pou n evite:

Plan pou n reyaji:

Istwa Jozèf l lè l te rankontre tantasyon an presede yon resi toutafè diferan sou gran frè l la, Jida, ke nou jwenn nan Jenèz 38. Lè w pran yo ansanm, kisa chapit 37, 38, ak 39 yo anseye w konsènan chastete?

Gade tou nan 1 Korentyen 10:13; 1 Nefi 15:23–24; 3 Nefi 18:17–18.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 37.Si w sete yonn nan frè Jozèf yo, kisa w ta ka fè pou w pa t kite jalouzi afebli relasyon ou avèk li? Kijan sa ta ka ede nou pou nou “pale pèzibman” youn avèk lòt? (vèsè 4).

Jenèz 39.Video “Dife Pirifikatè” ak “Apre Siklòn” yo (ChurchofJesusChrist.org) rakonte eksperyans moun ki te jwenn fòs paske yo te tounen jwenn Senyè a pandan eprèv yo. Petèt, ou ta ka gade yonn ladan yo epi pale sou sa Jozèf ta ka di si l ta gen pou l fè yon video sou eksperyans li yo. Ou ta ka chante ansanm “M ap Eseye Vin Tankou Jezi” (Chants pour les enfants, 78–79) epi chèche konsèy fanmi ou ta ka pataje avèk Jozèf pandan l t ap travèse eprèv yo.

Jenèz 39:7–12.Lè w li vèsè sa yo, sa ta ka ba w opòtinite pou w diskite sou lwa chastete a avèk fanmi ou. Men kèk resous ki ta ka ede avèk diskisyon sa a: Jakòb 2:28; Alma 39:3–9; “Pirite Sekyèl” (nan Pou Fòs Jèn yo [2011], 35–37); “Entimite Sekyèl Sakre epi Bèl” (nan Èd Pou Paran Yo [2019], AddressingPornography.ChurchofJesusChrist.org).

Jenèz 41:15–57.Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason Senyè a te beni pèp Ejip la atravè Jozèf? Kisa nou ka aprann sou preparasyon pou ijans nan lefiti? Diskite sa w ka fè pou nou pi byen prepare kòm yon fanmi. Pou ide, gade nan Sijè Levanjil Yo, “Preparasyon pou Urjans,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo Sijere: “Jesus est notre ami,” Chants pour les enfants, 37.

Amelyore etid pèsonèl nou

Konpare ekriti yo avèk lavi ou. Pandan w ap li, konsidere fason istwa ak ansèyman nan ekriti yo aplike nan lavi ou. Paregzanp, kòman fidelite Jozèf an Ejip la ta ka enspire ou pou w rete fidèl a Senyè a andepi advèsite?

Imaj
Frè Jozèf yo k ap pote manto l la

Ilistrasyon frè Jozèf yo k ap pote manto l la, tablo Sam Lawlor