Nouvo Testaman 2023
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Pou Kimoun Manyèl sa a ye?

Manyèl sa a destine pou chak moun ak fanmi nan Legliz la. Yo te prepare l pou ede w aprann levanjil la—kit ou poukont ou oubyen ansanm avèk fanmi ou. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman nan lepase, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w te deja pran bon abitid pou etidye levanjil la, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.

Imaj
mari ak madanm k ap etidye ekriti yo

Kijan M Ta dwe Itilize Manyèl sa a?

Itilize manyèl sa a nan nenpòt fason k ap itil pou ou. Ou gendwa petèt itilize l kòm yon gid oubyen èd pou etid ekriti pèsonèl ak familyal ou. Ou gendwa itilize l pou sware familyal tou. Plan leson yo souliyen prensip enpòtan w ap jwenn nan Nouvo Testaman an, ki sigjere ide ak aktivite pou moun yo ak fanmi yo, epi ki gen espas ki prepare pou w note enpresyon ou.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pa la pou ranplase ni antre an konpetisyon avèk lòt bon bagay ou deja ap fè pou w aprann levanjil la. Suiv direksyon Lespri a pou detèmine kijan pou apwoche pwòp etid ou sou pawòl Bondye a.

Kijan Rapò ki Genyen Ant Resous sa a Avèk Sa k ap Pase nan Legliz la?

Plan leson yo bay yo nan resous sa a òganize selon yon orè lekti chak semèn. Resous Vini, Suiv Mwen an pou Primè, pou Lekòldidimanch, ak pou Kowòm Prètriz Aawon ak klas Jènfi yo suiv mwen orè a. Pou sipòte efò ou yo pou aprann ak viv levanjil la nan fwaye a, enstriktè w yo nan legliz la pral ba ou opòtinite pou w pataje eksperyans ou yo, panse, ak kesyon konsènan pasaj ekriti yo ke w ap etidye nan fwaye a.

Paske Lekòl Didimanch anseye sèlman defwa pa mwa, enstriktè Lekòldidimanch yo gendwa chwazi pou yo sote oswa konbine plan leson yo pou yo ka rete ajou avèk orè ebdomadè a. Sa ka nesesè tou (pou Lekòldidimanch ak Primè) nan semèn kote reyinyon regilye legliz yo pa p fèt akoz konferans pieu oswa lòt rezon. Pandan semèn sa yo, yo envite nou pou nou kontinye etidye Nouvo Testaman an lakay nou.

Èske m Oblije Suiv Orè pou Etid la?

Orè a pral ede w li Nouvo Testaman an rive nan fen ane a. Anplis, suiv menm orè avèk lòt moun ka mennen nan eksperyans siyifikatif nan fwaye a, nan Legliz la, ak tout lòt kote. Men, ou pa dwe santi w mare ak orè a oubyen oblije li chak vèsè; orè a se sèlman yon gid pou ede ou mezire pwogresyon ou. Bagay ki enpòtan an sèke w ap aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou.