Nouvo Testaman 2023
13–19 Novanm. Jak: “Se pou Nou Aplike Pawòl la, Pa Sèlman Koute“


“13–19 Novanm. Jak: ‘Se pou Nou Aplike Pawòl la, Pa Sèlman Koute’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“13–19 Novanm. Jak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
jèn k ap netwaye yon miray

13–19 Novanm

Jak

“Se pou Nou Aplike Pawòl la, Pa Sèlman Koute”

Pandan w ap li Epit Jak la, pote atansyon ak fraz ki parèt evidan pou ou. Kijan ou santi w ap “aplike” pawòl sa yo? (Jak 1:22).

Ekri enpresyon Ou yo

Pafwa jis yon vèsè nan ekriti yo ka chanje mond lan. Jak 1:5 sanble l bay yon konsèy senp—si w bezwen bon konprann, mande Bondye. Men, lè Joseph Smith, ki te gen 14 zan, te li vèsè sa a, “sanble sa te antre avèk anpil fòs nan chak kwen kè [li]” (Joseph Smith—Istwa 1:12). Konsa, Joseph te suiv egzòtasyon Jak la epi l te chèche bon konprann nan men Bondye atravè lapriyè. Epi Bondye ki bay liberalman an,te bay Joseph youn nan vizit selès ki pi remakab nan istwa imèn nan—Premye Vizyon an. Vizyon sa a te chanje kous lavi Joseph epi l te mennen nan Retablisman Legliz Jezikri a sou tè a. Nou tout gen benediksyon jodi a paske Joseph Smith te li epi aplike Jak 1:5.

Kisa w pral jwenn pandan w ap etidye Epit Jakla? Petèt yon vèsè oubyen de pral chanje oumenm oubyen yon moun ou renmen. Ou gen dwa jwenn gidans pandan w ap chèche akonpli misyon w nan lavi a. Ou gen dwa jwenn ankourajman pou w pale jantiman oubyen pou w pi pasyan. Ou gendwa santi w enspire pou w fè aksyon ou yo aliyen pi byen avèk lafwa ou. Kèlkeswa sa k enspire ou, kite pawòl sa yo “antre … nan tout kwen kè [w].” Epi apresa lè nou “resevwa pawòl la … avèk dousè,” jan Jak te ekri a, se pou nou aplike pawòl la, pa sèlman koute (gade Jak 1:21–22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Kiyès Jak te ye?

Yo jeneralman kwè ke moun ki te ekri Epit Jak yo sete yon pitit gason Mari, manman Jezikri, epi konsa, li sete demi frè Sovè a. Yo mansyone Jak nan Matye 13:55; Mak 6:3; Travay 12:17; 15:13; 21:18; ak Galat 1:19; 2:9. Nan ekriti sa yo, nou ka wè ke aparaman, Jak sete yon dirijan Legliz la nan Jerizalèm epi yo te aple l kòm Apot (gade Galat 1:19).

Jak 1:2–4; 5:7–11

Pèsevere avèk pasyans mennen nan pèfeksyon.

Lè w fin li Jak 1:2–4; 5:7–11, kisa w t ap di mesaj prensipal Jak konsènan pasyans la te ye? Li gendwa ede pou medite sou sa fanmi Èldè Jeremy R. Jaggi te aprann konsènan pasyans apati vèsè sa yo (gade “Kite Pasyanss Akonpli Travay Pafè li a, epi Konsidere tout kòm Lajwa!,” Lyawona, Nov. 2020, 99–101). Kisa ki se “travay pafè” pasyans lan? (Jak 1:4). Kijan w ka montre Senyè a ke w dispoze pou w gen pasyans?

Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26; 4:17

Lafwa mande aksyon.

Kijan w ka fè konnen si w gen lafwa nan Jezikri? Kijan zèv ou demontre lafwa w nan Bondye? Panse sou kesyon sa yo pandan w ap etidye ansèyman Jak yo sou lafwa a. Li ta ka enteresan pou w ta li konsènan Abraram ak Rahab tou, de egzanp Jak te mansyone (gade Jenèz 22:1–12; Jozye 2). Kijan yo te montre ke yo te gen lafwa nan Bondye?

Si w li Jak 1:3–8, 21–25; 2:14–26; 4:17 sa ka ede w panse sou fason w ta ka pi byen mete pawòl la an pratik. Ekri tout enpresyon w resevwa yo, epi planifye pou w mete yo an pratik.

Gade tou Alma 34:27–29; 3 Nefi 27:21.

Imaj
Abraram k ap priye deyò tant li a

“Abrar te kwè nan Bondye, epi li te benefisye de a kòm yon moun jis” (Jak 2:23). Abraram nan Plèn Mamre a,, pa Grant Romney Clawson

Jak 1:263:1–18

Pawòl m pwononse gen pouvwa pou blese oubyen beni lòt moun.

Pami pil imaj Jak itilize nan tout epit li a, n ap jwenn kèk nan langaj ki pi ekspresif yo nan konsèy li konsènan langaj la. Panse pou w fè yon lis sou tout fason Jak dekri lang oubyen bouch. Kisa chak konparezon oubyen chak imaj sa yo sigjere konsènan pawòl w ap pwononse? Panse a yon bagay ou ka fè pou beni yon moun avèk pawòl ou (gade Doktrin ak Alyans 108:7).

Jak 2:1–9

Antanke disip Jezikri, m dwe renmen tout moun, kèlkeswa sikonstans yo.

Jak te avèti Sen yo spesifikman kont favorize moun rich ak meprize moun pòv, men avètisman l lan ka aplike a tout entolerans oswa prejije nou ka genyen anvè lòt moun tou. Pandan w ap etidye Jak 2:1–9la nan lapriyè, sonde kè ou epi koute enspirasyon Sentespri a ap ba ou yo. Li gendwa ede pou ranplase fraz yo nan vèsè sa yo, tankou “yon moun pòv nan yon abiman degradan” (vèsè 2), avèk lòt pawòl oswa fraz ki dekri yon moun ou te tante jije enjisteman. Èske w santi w bezwen pote chanjman nan fason w trete oubyen panse sou lòt moun?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jak 1:5Apre ou li Jak 1:5, fanmi ou ta ka rezimgade e resi Premye Vizyon (gade Joseph Smith—Istwa 1:8–20) oubyen videyo “Mande Bondye: Premye Vizyon Joseph Smith la” nan (ChurchofJesusChrist.org). Envite manm fanmi yo pou yo pataje temwayaj yo konsènan Pwofèt Joseph Smith ak eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè yo.

Jak 1:26–27.Anvizaje gade videyo “Vrè Krisyanis” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Apresa, li definisyon Jak bay sou “relijyon pur” la nan Jak 1:26–27, epi diskite sou fason fanmi w ka rann pratik relijyon yo pi pur.

Jak 3.Jak 3 a enkli anpil imaj ki ta ka enspire leson sou objè leson memorab yo pou ede fanmi w sonje pou yo pale jantiman. Pa egzanp, ou ta ka bati yon dife ansanm epi pale konsènan fason yon ti mo ki pa janti ka lakòz yon gwo pwoblèm (gade vèsè 5–6). Oubyen ou ka sèvi yon bagay ki si oubyen ki anmè nan yon veso ki abityèlman itilize pou manje ki dous—tankou ji sitwon nan yon bokal siwo myèl. Sa ka mennen nan yon diskisyon sou itilize mo dous ak edifyan vèsè 9–14).

Jak 4:5–8.Poukisa nou ta dwe “apwoche kot Bondye” (Jak 4:8) lè n ap fè fas ak tantasyon?

Jak 5:14–16.Prezidan Dallin H. Oaks te anseye ke “paran yo ta dwe ankouraje plis benediksyon prètriz nan fanmi an” (“Pouvwa yo nan Prètriz la,” Lyawona, Me 2018, 67). Petèt li Jak 5:14–16 ak pataje eksperyans yo konsènan resevwa yon benediksyon prètriz ta ka ankouraje manm fanmi yo pou mande yon benediksyon lè yo malad oswa bezwen fòs espirityèl.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere “Ai-je fait du bien?,” Cantiques, no. 194.

Amelyore Etid Pèsonèl

Aplike sa nou aprann yo. Pandan w ap etidye, koute enspirasyon Lespri a ba ou konsènan fason w ka aplike sa w ap aprann yo nan lavi ou. Pran angajman pou w suiv enspirasyon sa yo epi viv levanjil la pi totalman. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,35.)

Imaj
Joseph Smith ap Li Labib

Avètisman Jak pou “mande Bondye” (Jak 1:5) te ennspire Joseph Smith pou chèche sajès nan Bondye. Foto pa Christina Smith.