Nouvo Testaman 2023
29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; 13; Jan 13: “Pou Nou Ka Sonje”


“29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; Jan 13: ‘Pou Nou Ka Sonje,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“29 Me–4 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Dènye Soupe a

Pou Nou Ka Sonje Mwen, pa Walter Rane

27 Me–Jen. 4

Matye 26; Mak 14; Jan 13

“Nan Memwa”

Pandan wap li konsènan evenman yo ki dekri nan Matye 26; Mak 14; ak Jan 13, pote atansyon a tout enpresyon ou resevwa, espesyalman enpresyon ki apwofondi lafwa w nan Jezikri ak anganjman w pou li yo.

Ekri Enpresyon w yo

Jou avan li te mouri a, Jezi te bay disip li yo yon bagay ki pou ede yo sonje l. Li “te pran pen an epi beni l, epi kase l, epi bay disip li yo, epi l te di, Pran, manje; sa se kò mwen. Epi li te pran kèp la, epi bay remèsiman, epi bay yo li, ak pandan l di, Bwè ladan nou tout; paske sa se san mwen” (Matye 26:26–28).

Sa te pase apeprè 2000 ane pase, nan yon kote pifò nan nou pap janm wè, nan yon lang kèk nan nou ka konprann. Men kounyeya, chak Dimanch nan pwòp lye reyinyon nou yo, detantè prètriz yo, ki otorize pou aji nan non Jezikri, fè sa li te fè yon fwa a. Yo pran pen ak dlo, yo beni l, epi yo bay nou chak disip li yo li. Se yon aksyon senp—èske gen yon bagay ki pi senp, pi fondamantal, pase manje pen ak bwè dlo? Men pen ak dlo sa a yo sakre pou nou paske yo ede nou sonje li. Yo se fason nou pou pou nou di, “Mwen p ap janm bliye li”—pa jis, “Mwen p ap janm bliye sa m li konsènan ansèyman l yo ak lavi li.” Olyesa, nou di, “Mwen p ap janm bliye sa l fè pou mwen.” “Mwen p ap janm bliye kijan li te pote m sekou lè m te rele mande èd.” Epi “mwen p ap janm bliye angajman l pou mwen ak angajman m pou li—alyans nou fè yo.”

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 26:6–13; Mak 14:3–9

“L ap vini … pou li tou benyen m pou lantèman ”

Avèk yon aksyon adorasyon enb, fi a ki dekri nan vèsè sa yo te montre ke li konnen kiyès Jezi ye ak kisa li te gen pou li akonpli (gade Matye 26:12). Poukisa ou panse aksyon li yo te siyifikatif anpil pou Sovè a? (gade vèsè 13). Kisa ki enpresyone w osijè fi a ak lafwa li? Medite sou fason w ka suiv egzanp li.

(Gade tou Jan 12:1–8.

Matye 26:20–22; Mak 14:17–19

“Senyè, èske se mwen?”

Kisa w aprann osijè disip yo nan kesyon yo te poze Senyè a nan vèsè sa yo? Poukisa w panse yo te mande sa? Konsidere kijan w ta ka mande Senyè a , “Èske se mwen?”

Gade tout Dieter F. Uchtdorf, “Senyè, Eske se Mwen?,” Lyawona, Nov. 2014, 56–59.

Matye 26:26–29; Mak 14:22–25

Sentsèn nan se yon opòtinite pou nou sonje Sovè a.

Lè Sovè a te prezante disip li yo sentsèn nan, ki panse ak santiman ou imajine yo dwe te genyen? Reflechi sou sa pandan w ap li konsènan eksperyans yo a nan Matye 26:26–29 ak Mak 14:22–25. Poukisa w panse Jezi te chwazi fason sa a pou nou sonje li? Ou gen dwa medite sou eksperyans ou konn fè pandan sentsèn nan tou. Èske gen yon bagay ou ta ka fè pou rann eksperyans ou a pi sakre ak pi siyifikatif?

Apre w fin li ak medite sou vèsè sa yo, ou gendwa ekri kèk bagay ou santi w enspire pou w sonje konsènan Sovè a. Ou ta ka revize bagay sa yo pwochèn fwa w pran sentsèn. Ou ta ka repase yo nan lòt okazyon tou, kòm yon fason pou “toujou sonje li” (Mowoni 4:3).

Gade tou Lik 22:7–39; 3 Nefi 18:1–13; Doktrin ak Alyans 20:76–79; Sijè Levanjil yo, “Sentsèn,” topics.ChurchofJesusChrist.org; “Toujou Sonje Li” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Jan 13:1–17

Sovè a se egzanp nou nan sèvi lòt moun avèk imilite.

Nan epòk Jezi a, lave pye yon lòt moun sete travay sèvitè yo, non dirijan yo. Men Jezi te vle disip li yo panse diferaman konsènan kisa sa vledi pou dirije ak sèvi. Ki mesaj ou jwenn nan pawòl ak aksyon Sovè a yo nan Jan 13:1–17? Nan kilti ou, lave pye lòt moun gendw ase pa yon fason òdinè pou sèvi. Men konsidere kisa ou ka fè pou suiv egzanp Sovè a sou sèvis ak imilite.

Sa ta ka enteresan tou pou remake bagay Jezi te konnen ak santi pandan moman sakre sa a avèk Apot li yo (gade vèsè 1 ak 3). Kisa bagay sa yo ede w konprann konsènan Sovè a?

(Gade tou Lik 22:24–27.

Jan 13:34–35

Lanmou m pou lòt moun se yon siy ke m se yon vrè disip Jezikri.

Avansa, Jezi te bay yon kòmandman pou “renmen pwochen w tankou oumenm” (Matye 22:39). Kounyea li te bay yon “yon nouvo kòmandman.” Kisa w panse sa vle di pou renmen lòt moun jan Jezi renmen ou? (gade Jan 13:34).

Ou gendwa medite sou kijan lòt moun konnen ke w se yon disip Jezikri. Kijan w ka asire w ke lanmou se yon karakteristik ki defini w kòm yon Kretyen?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 26:26–29; Mak 14:22–25.Ki eksperyans fanmi w fè chak semèn pandan sentsèn nan? Yon lekti sou premye sentsèn nan ta ka enspire yon diskisyon konsènan enpòtans sentsèn nan ak fason pou amelyore eksperyans ou. Panse pou w afiche foto Distribisyon Sentsèn nan (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 108) epi pataje ide sou sa w ka fè anvan, pandan, ak apre sentsèn nan.

Imaj
fi k ap pran sentsèn

Sentsèn nan ede nou sonje Jezikri.

Matye 26:30.Anvizaje pou chante yon kantik, jan Jezi ak disip li yo te fè—petèt yon kantik sentsèn. Kijan chante yon kantik gendwa sete yon benediksyon pou Jezi ak Apot li yo nan epòk sa a? Kijan kantik yo se yon benediksyon pou nou?

Jan 13:1–17.Ou gendwa vle montre fanmi w foto a nan fen prezantasyon sa a pandan w ap li vèsè sa yo. Ki verite Sovè a te anseye pa aksyon li yo? Ki detay nan foto a ki ede w konprann verite sa yo? Petèt manm fanmi yo ta ka pataje kijan viv selon prensip sa yo te pote bonè pou yo (gade Jan 13:17).

Jan 13:34-35.Apre w fin li vèsè sa yo, nou gendwa pale ansanm sou fason lòt moun konnen ke nou se disip Jezikri. Kijan Senyè a vle pou moun konnen moun k ap suiv li yo? Ou gendwa mande manm fanmi w pou yo pale konsènan moun ke lanmou yo pou lòt moun montre ke yo se vrè disip Jezikri. Nou gendwa diskite sou fason nou ta ka montre plis lanmou antanke yon fanmi tou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Aimez vos frères,” Chants pour les enfants, 136.

Amelyore Etid Pèsonèl Nou

Medite. Ekriti yo gen siyifikasyon espirityèl ke nou gendwa rate si nou li yo avèk ensousyans, jan nou ta li lòt materyèl lekti. Pa prese fini yon chapit. Pran tan pou w reflechi pwofondeman sou sa w ap li a.

Imaj
Kris la k ap lave pye disip yo

Pi gran nan Wayòm nan, pa J. Kirk Richards