Vini, Suiv Mwen
29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon sèvitè ak yon temwen’


“29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28: ‘Yon sèvitè ak yon temwen’“Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“29 Jiyè–4 Out. Travay 22–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Pòl nan prizon

29 Jiyè–4 Out

Travay 22-28

“Yon sèvitè ak yon temwen“

Enpresyon Sentespri a bay yo toujou pezib e pafwa pasaje. Si w ekri enpresyon w resevwa yo, sa ap pèmèt ou reflechi sou yo an pwofondè. Pandan w ap li Travay 22–28 la, ekri sa w panse ak sa w santi epi pran tan pou w medite sou yo.

Ekri enpresyon ou

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Lè nou nan travay Senyè a, nou gen dwa pou n jwenn èd li” (“To Learn, to Do, to Be,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 62). Men, sa pa vle di nou gen dwa a yon wout ki fasil ak yon pakèt siksè san rete. Pou nou gen prèv sou sa, nou mèt jis gade sou Apot Pòl. Travay Sovè a te ba li sete pou l te “pote non l devan Janti yo, ak wa yo, ak pitit Izrayèl yo” (Travay 9:15). Nan chapit 22–28 nan liv Travay la, nou wè Pòl k ap ranpli misyon sa a pandan ke l t ap rankontre anpil opozisyon—chenn, prizon, abi fizik, nofraj, e menm atak yon sèpan. Men nou wè tou ke Jezi “te kanpe bò kote l, epi l te di l, Pran kouraj, Pòl” (Travay 23:11). Eksperyans Pòl la se yon rapèl enspiran ke lè sèvitè Senyè a aksepte apèl li pou yo “ale … anseye tout nasyon yo,” l ap ranpli pwomès sa a l fè yo a: “Gade, m ap avèk nou, jiska lafen mond lan” (Matye 28:19–20).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Travay 22:1–21; 26:1–29

Disip Jezikri yo dwe rann temwayaj yo bravman.

Lè Pòl te delivre temwayaj puisan l yo ki ekri nan Travay 22 ak 26 yo, li te prizonye anba men sòlda Women yo. Moun li t ap adrese yo te gen pouvwa pou yo te kondane l pou l te mouri. Men, li te chwazi pou l te bravman rann temwayaj li ak “vizyon selès” li te fè a (Travay 26:19). Kisa k enspire w nan pawòl li yo? Reflechi sou okazyon ou genyen pou w rann temwayaj ou yo. Paregzanp, ki dènye fwa w te di manm fanmi ou oubyen lòt moun kijan w te akeri temwayaj ou konsènan levanjil la?

Travay 22:1–21; 26:9–20

Poukisa gen diferans ant twa resi sou vizyon Pòl la konsènan Jezikri a?

Liv Travay la gen twa resi sou vizyon mirakile Pòl te fè sou wout Damas la (gade Travay 9:3–20; 22:1–21; 26:9–20). Chak nan resi sa yo lejèman diferan avèk lòt yo, epi genyen ki bay plis detay pase lòt. Etandone resi sa yo te rakonte devan asanble diferan pou kèk rezon diferan, li rezonab pou n panse ke Pòl te chwazi pou l te mete aksan sou kèk pati diferan nan eksperyans li a pou chak asanble yo.

Menmjan tou, Joseph Smith te ekri plizyè resi sou Premye Vizyon an (gade “Resi Premye Vizyon an,” Sijè Levanjil yo, topics.lds.org). Pil resi diferan sa yo te bay devan diferant asanble pou objektif diferan epi yo bay dè detay ki pa t ap disponib si sete yon sèl resi a k te egziste.

Travay 23:10–11; 27:13–25, 40–44

Senyè a bò kote moun k ap eseye sèvi l yo.

Jan ministè Pòl la montre klèman an, pwoblèm lavi nou yo se pa yon siy ki vledi Bondye pa apwouve travay n ap fè yo. Anfèt, se pafwa nan moman pwoblèm yo nou pi plis santi sipò li. Sa ta ka enteresan pou w repase tout sa w te li sou ministè Pòl yo epi fè yon lis sou kèk nan bagay li te andire yo (gade, paregzanp, Travay 14:19–20; 16:19–27; 21:31–34; 23:10–11; 27:13–25, 40–44). Kijan Senyè a te kanpe bò kote li, e kisa sa anseye w sou pwòp efò pa w nan sèvis Senyè a?

Travay 24:24–27; 26:1–3, 24–2927

M ka chwazi pou m aksepte oubyen rejte pawòl sèvitè Bonde yo di yo.

Pandan tout ministè li, Pòl te rann temwayaj puisan konsènan Jezikri ak levanjil li a. Anpil moun te aksepte temwayaj li, men se pa t tout moun ki te aksepte l. Pandan w ap li Travay 24:24–27 ak Travay 26:1–3, 24–29 la, ekri mo ak fraz ki montre kijan dirijan women yo nan Jide yo te reyaji devan ansèyman Pòl yo:

Felix

Festus

Wa Aggripa

Pandan l te sou bato pou yo te mennen l al Wòm pou Seza t al jije li, Pòl te pwofetize ke bato a ak pasaje l yo ”t ap an peril epi yo ta pral sibi anpil domaj (Travay 27:10). Li chapit 27 la pou w ka wè kijan konpayon vwayaj Pòl yo te reyaji devan avètisman l yo. Èske w jwenn yon leson pou tèt pa ou nan eksperyans pa w?

Èske w konn reyaji tankou youn nan moun sa yo lè w tande ansèyman dirijan Legliz yo. Ki konsekans posib ki genyen lè n reyaji nan fason sa yo? Kisa w aprann nan resi sa yo sou koute konsèy Senyè a bay palentèmedyè sèvitè l yo?

Gade 2 Nefi 33:1–2; Joseph Smith—Istwa 1:24–25; D. Todd Christofferson, “Vwa avètisman an,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 108–11 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Travay 24:16

Anvan konvèsyon l lan, Pòl te gen yon pase plen ofans kont Bondye. Men, paske li te dispoze pou l te repanti, li te vin kapab di: “M kondui tèt mwen yon fason pou m gen yon konsyans ki klè, san ofans kont Bondye, ak kont lèzòm.” (gade DA 135:4) tou. Kijan nou ka debarase konsyans nou anba ofans kont Bondye ak kont lòt moun?

Travay 26:16–18

Nan vèsè sa yo, kisa Senyè a te aple Pòl pou l te fè? Ki opòtinite nou genyen pou n fè menm bagay yo?

Travay 28:1–9

Èske gen moun nan fanmi w ki renmen koulèv? Ou gen dwa mande moun sa a oubyen yon lòt manm nan fanmi an pou rakonte istwa ki nan Travay 28:1–9 yo. Timoun yo gen dwa ta renmen fè desen sou istwa sa yo oubyen jwe wòl yo. Ki leson nou aprann nan istwa sa yo? Youn nan leson yo sèke Senyè a ranpli pwomès li fè sèvitè l yo. Paregzanp, ou gen dwa konpare pwomès li fè nan Mak 16:18 yo avèk akonplisman yo nan sa Pòl te viv yo. Ou gen dwa chèche yon diskou nan dènye konferans jeneral la ki pale de yon pwomès youn nan sèvitè Senyè a te fè—petèt youn ki enpòtan pou fanmi ou—epi afiche l lakay ou. Kijan nou ka montre lafwa nou ke pwomès sa a ap akonpli?

Imaj
koulèv

Bondye te pwoteje Pòl anba pwazon yon koulèv ki te mòde li.

Travay 28:22–24

Menmjan ak Legliz la nan epòk Pòl la (ke yo rele yon “sèk” nan vèsè 22) a, Legliz jodia souvan “rankontre opozisyon.” Lè moun yo te pale kont Sovè a ak Legliz li a, kijan Pòl te reyaji? Kisa nou ka aprann nan eksperyans li yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou prensip k ap pote benefis pou fanmi ou. Pandan w ap etidye ekriti yo, mande tèt ou: “Kisa m jwenn la a ki ap patikilyèman enpòtan pou fanmi m?” (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 17.)

Imaj
Pòl devan Wa Agripa

Vanyan nan temwayaj Jezikri a, pa Daniel A. Lewis. Pòl devan Wa Agripa.