Vini, Suiv Mwen 2024
Apendis D: Pou Klas Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi yo—Ajanda Reyinyon


“Apendis D: Pou Klas Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi yo—Ajanda Reyinyon” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“Apendis D,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

Apendis D

Pou Klas Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi yo—Ajanda Reyinyon

Dat reyinyon:

Dirije (yon manm prezidans klas la oswa prezidans kowòm nan):

Ouvèti

Kantik (opsyonèl):

Priyè:

Repete Tèm Jènfi yo oubyen Tèm Kolèj Prètriz Aawon an.

Fè konsèy ansanm

Dirije pa moun k ap dirije reyinyon an, klas la oswa kowòm nan pase 5 a 10 minit ap fè konsèy ansanm sou responsablite yo nan travay sali ak egzaltasyon an. Sa se yon opòtinite pou prezidans klas la oswa prezidans kowòm nan fè suivi sou bagay yo diskite nan reyinyon prezidans lan oswa nan reyinyon konsèy pawas jèn nan.

Moun k ap dirije a kapab itilize youn oswa plizyè nan kesyon sa yo:

Viv Levanjil la

  • Ki eksperyans resan ki ranfòse temwayaj nou konsènan Jezikri ak levanjil Li a?

  • Kisa nou ka fè pou nou rete pi pwòch Sovè a? Kijan n ap eseye vin pi sanble avèk Li?

  • Kijan nou santi gidans Lespri a nan lavi nou?

Pran swen moun ki nan nesesite

  • Kiyès nou santi nou gide pou nou ede oswa sèvi? Ki tach nou resevwa nan men episkopa a pou nou ede yon moun ki nan bezwen?

  • Kijan nou youn ka sipòte lòt nan bagay n ap travèse yo?

  • Èske gen moun ki fèk vin abite nan pawas nou an oubyen ki fèk antre nan Legliz la? Kijan nou ka ede yo santi yo byenveni?

Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la

  • Kisa nou ka fè pou nou ede lòt moun santi lanmou Bondye pou yo?

  • Ki aktivite ki gen pou fèt ke nou kapab envite zanmi nou yo vin asiste?

  • Ki plan pou pataje levanjil la ki te diskite nan reyinyon konsèy pawas pou jèn yo? Kijan klas nou an oubyen kowòm nou an kapab enplike?

Ini fanmi yo pou letènite

  • Ki meyè fason nou kapab konekte avèk manm fanmii nou, enkli granparan ak kouzen?

  • Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun jwenn non zansèt pa yo?

  • Kijan nou ka patisipe plis nan travay tanp—endividyèlman epi kòm yon klas oswa yon kowòm?

Aprann ansanm.

Yon dirijan adilt oswa yon manm nan kowòm nan oswa klas la ka dirije enstriksyon pou lekti Vini, Suiv mwen an pou semèn sa a. Li itilize ide pou etid yo bay nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Leglizla. Ide pou etid la avèk senbòl sa a annakò avèk seminè epi li espesyalman aplikab pou jèn yo. Sepandan, nou gen dwa itilize nenpòt nan ide etid yo. Pòsyon sa a nan reyinyon jeneral la pran anviwon 35 a 40 minit.

Fèmti

Moun k ap dirije reyinyon an:

  • Rann temwayaj konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Pale sou fason klas la oswa kowòm nan pral suiv sa yo aprann yo—kòm gwoup oswa endividyèlman.

Priyè: