Vini, Suiv Mwen 2024
23–29 Desanm: “L Ap Vini nan Mond lan pou L Rachte Pèp Li a.” Nwèl


“23–29 Desanm: ‘L Ap Vini nan Mond lan pou L Rachte Pèp Li a.’ Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Liv Mòmon 2024 (2023)

“23–29 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024 (2023)

Imaj
Joseph, Mari, ak tibebe Jezi nan yon etab

Men Mouton Bondye a, pa Walter Rane

23–29 Desanm: “L Ap Vini nan Mond lan pou L Rachte Pèp Li a.”

Nwèl

Soti nan Nefi rive nan Mowoni, chak pwofèt nan Liv Mòmon an te konsakre yo a bi sakre ki rezime title pageliv: “pou konvenk [tout moun] ke Jezi se Kris la.” Yon pwofèt te wè l pandan l te yon espri premòtèl, epi yon lòt te wè ministè Li nan mòtalite a nan yon vizyon. Youn te kanpe sou yon mi pou pwoklame siy nesans Li ak siy lanmò Li, epi yon lòt te mete l ajenou devan kò resisite L la, li te touche blesi ki te nan men L, nan pye L ak bò kòt Li yo. Yo tout te konnen verite esansyèl sa a: “Pa gen okenn lòt chemen ni mwayen pou lèzòm sove, eksepte nan san ekspyatwa Jezikri ki … gen pou l vini pou rachte mond lan” (Elaman 5:9).

Konsa, pandan sezon Nwèl sa a, pandan ke kwayan toupatou nan mond lan ap selebre bonte ak lanmou Bondye nan voye Pitit Gason L lan, medite sou kijan Liv Mòmon an ranfòse lafwa w nan Kris la. Pandan w ap reflechi sou nesans Li a, medite sou rezon ki fè Li te vini an ak kijan vini L lan chanje lavi w. Lè sa a, w ap ka fè eksperyans vrè lajwa Nwèl la—kado Jezikri ba ou a.

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Jezikri te fèt pou l te vin Sovè mwen.

Tradisyonèlman, yo li resi sou nesans Sovè a nan Nouvo Testaman an pou Nwèl, men ou ka jwenn kèk pwofesi emouvan sou evenman sakre sa a nan Liv Mòmon an tou. Paregzanp, pwofesi sou nesans ak ministè Sovè a nan 1 Nefi 11:13–36; Mozya 3:5–10; ak Elaman 14:1–13. Ki enpresyon w genyen sou Jezikri pandan w ap li mesaj sa yo ak kontanple siyifikasyon posib siy nesans Li yo? Kijan temwayaj pwofèt sa yo fòtifye temwayaj ou konsènan Kris la ak misyon Li?

Men kèk lòt sijesyon pou ede w konsantre sou Jezikri nan epòk Nwèl la:

  • Èske w te konnen ke w w kapab gade mesaj ki soti nan ansyen devosyon Nwèl yo nan Bibliyotèk Levanjil la? Chèche yo nan koleksyon “Christmas Videos (Videyo Nwèl)” la. Anvizaje pataje mesaj sa yo ak mizik pou simaye lajwa Nwèl la.

  • Oumenm ak fanmi w ta ka kontan koute kèk seleksyon nan koleksyon “Christmas Music (Mizik Nwèl)” la nan koleksyon Biblyotèk Levanjil la.

  • Konsidere pou w ta planifye aktivite ke oumenm oubyen fanmi w kapab fè nan jou Nwèl ki pral rive yo, pou nsanti Lespri Kris la, tankou sèvi yon moun oubyen chante kantik Nwèl ansanm. Gade nan LighttheWorld.org pou w jwenn kèk ide.

Gade tou Matye 1:18–25; 2; Lik 2; 3 Nefi 1:4–22; “Au loin, dans l étable,” Cantiques, no. 126.

Jezikri se Redanmtè mond lan.

Rezon prensipal ki fè nou selebre nesans Jezikri se akoz sakrifis ekspyasyon L la. Akozde sakrifis sa a, Li kapab sove nou anba peche ak lanmò, rekonfòte nou nan afliksyon nou yo, epi ede nou “pèfeksyone nou nan Li” (Mowoni 10:32). Kisa w aprann nan Liv Mòmon an ane sa a sou pouvwa Sovè a pou rachte w? Èske gen yon istwa oubyen yon ansèyman ki atire atansyon ou? Konsidere kisa egzanp sa yo anseye w sou misyon redanmtè Sovè a: 2 Nefi 2:6; Alma 7:7–13; 11:40; ak Elaman 5:9; 14:16–17. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka montre L rekonesans ou?

Imaj
senbòl seminè
Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri.

“Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri” plis pase senpleman yon soutit pou Liv Mòmon an; li se yon deklarasyon sou bi diven li. Medite sou sa w aprann nan ekriti sa yo sou misyon Liv Mòmon an pou temwaye konsènan Kris la: 1 Nefi 6:4; 19:18; ak 2 Nefi 25:23, 26; 33:4, 10.

Anvizaje ekri nan yon jounal kijan etidye Liv Mòmon an ane sa a fè w vin pi pre Kris la. Sigjesyon sa yo kapab ede:

  • “Yon bagay m te aprann oswa santi konsènan Sovè a ane sa a se te …”

  • “Aprann sou Sovè a nan Liv Mòmon an chanje fason mwen …”

  • “Moun [oubyen istwa] m pi renmen nan Liv Mòmon an te anseye m ke Sovè a …”

Petèt gen yon moun ki ta beni si l ta konnen kijan ou santi w konsènan Liv Mòmon an. Kijan w ka pataje eksperyans ou ak temwayaj ou? Ou ka santi w enspire pou w bay yon kopi kòm yon kado Nwèl. App Liv Mòmon an li senp pou pataje.

Evèk Gérald Caussé te site plizyè verite nan Liv Mòmon an konsènan Jezikri (gade nan “Yon Temwen vivan sou Kris Vivan an,” Lyawona, Me 2020, 39–40). Ou ta ka gade nan lis li a epi medite sou fason chak verite sa yo chanje—oswa te kapab chanje—lavi w.

Gade tou nan Sijè Levanjil yo: “Liv Mòmon” an, Bibliyotèk Levanjil la.

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo .

Ide pou Anseye Timoun yo

Paske Dimanch sa a se senkyèm Dimanch nan mwa a, nou ankouraje enstriktè Primè yo pou yo itilize aktivite aprantisaj yo nan “Apendis B: Prepare Timoun yo pou tout yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”

Jezikri se kado Papa nou ki nan Syèl la.

  • Pou ede pitit ou yo konsantre sou kado Pè Selès la te ban nou lè L te voye Pitit Gason L lan, ou ta kapab vlope yon foto Jezikri tankou yon kado Nwèl. Oumenm ak pitit ou yo ta ka pale konsènan kado Nwèl prefere nou konn resevwa oubyen nou espere ke n ap resevwa. Apre sa, yo ta kapab retire bagay ki vlope foto Kris la epi diskite sou kijan L se yon kado presye pou nou. Yon chante tankou “Il envoya son Fils Aimé” a (Chants pour les enfants, 20) te kapab ajoute nan konvèsasyon sa a. Ede pitit ou yo jwenn fraz nan kantik la ki dekri benediksyon nou genyen gras a nesans Jezi a.

Jezikri te fèt pou L te vin Sovè mwen.

  • Pitit ou yo ka pran plezi pataje avèk ou sa yo konnen sou nesans Jezi a. Nan Liv Ilistrasyon Levanjil la gen plizyè foto ki ta ka ede yo rakonte istwa a (gade nos.28, 29, 30,31). Ou kapab gade foto ki dekri lavi Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la tou. Poukisa Papa nou ki nan Syèl la te voye Jezikri?

    Imaj
    zanj
  • Pitit ou yo ka pran plezi nan desine pwòp foto pa yo konsènan nesans Jezi ak ministè Li. Petèt yo ta kapab desine sa yo dekri nan 1 Nefi 11:13–23; Mozya 3:5–10; Elaman 14:1–13; ak 3 Nefi 1:4–22yo. Apre sa, yo ta ka pataje avèk ou sa foto yo anseye sou Jezikri.

  • Pou mete aksan ke Bib la ak Liv Mòmon anseye sou nesans Jezi, ou ta ka fè lis evenman yo dekri nan Lik 2:4–14; Matye 2:1–2; 3 Nefi 1:15, 19–21yo. Apresa, pitit ou yo ta ka etidye ekriti sa yo pou yo detèmine ki evenman ki te pase nan Betleyèm, an Amerik, oubyen nan toulède. Poukisa nou rekonesan dèske nou gen Liv Mòmon an kòm yon dezyèm temwayaj sou nesans Jezikri a?

Timoun renmen istwa. Istwa se youn nan pi bon fason pou ede timoun yo aprann ak sonje verite yo. Pandan w ap rakonte istwa nesans Jezi a, panse pou w pataje istwa ki soti nan pwòp lavi pa w ki te ede fòtifye lafwa ou nan Sovè a.

Liv Mòmon an temwaye konsènan Jezikri.

  • Pandan w ap konkli etid liv Mòmon ane sa a, sa ta ka yon bon moman pou nou ta pataje istwa oswa pasaj nou pi renmen yo nan liv sakre sa a youn ak lòt. Gade kèk nan foto ki nan Vini, Suiv Mwen oswa Istwa Liv Mòmon yo ta kapab ede pitit ou yo sonje sa yo te aprann ane sa a. Ede yo wè sa istwa sa yo anseye nou sou Jezikri.

  • Epitou, ou ka bay pitit ou yon foto Jezi, oswa kite yo desine pwòp foto pa yo sou li. Envite yo pou yo leve foto yo a anlè chak fwa yo tande non Kris la pandan w ap li 2 Nefi 25:23, 26. Temwaye ke Liv Mòmon an te ekri pou ede nou “kwè nan Kris la” (2 Nefi 25:23).

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Imaj
yon zanj ki ap montre Nefi Lavyèj Mari nan yon vizyon

Vizyon Nefi sou Lavyèj Mari, tablo Judith A. Mehr