Ansyen Testaman 2022
22 Me. Kijan M Ka Montre Bondye Rekonesans Mwen? Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34


“22 Me. Kijan M Ka Montre Bondye Rekonesans Mwen? Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2021)

“22 Me. Kijan M Ka Montre Bondye Rekonesans Mwen?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jènjan k ap mache sou on plaj

22 Me.

Kijan M Ka Montre Bondye Rekonesans Mwen?

Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi an oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2,11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, ak ki envitasyon ak tach ki te fèt? Kisa nou fè pou n reponn a envitasyon ak tach sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou ka fè oubyen di pou nou lonje lamen bay moun ki ka santi yo poukont yo oubyen distan de Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Nan ki fason nou ka ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki ide nou youn ka pataje avèk lòt pou ede nou fòtifye fanmi nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare w Espirityèlman

Bondye ap veye sou nou tout tan e L ap beni nou. Men avèk tout distraksyon ak tantasyon n ap fè fas yo, li fasil pou nou bliye Li. Sa te pase Izrayelit yo plizyè fwa, enkli pandan tan difisil yo kote yo t ap ere nan dezè a. Men Senyè a te gen pitye pou yo epi Li te mennen yo nan tè pwomiz la—yon kote ki gen gwo konfò ak anpil tantasyon, kote yo te ka tante pou yo te bliye L ankò. Enstriksyon Senyè a nan Detewonòm 6 yo te fèt pou te ede Izrayelit yo toujou sonje L ak pawòl Li yo (gade vèsè 6-9).

Nan ki fason nou kenbe Senyè a ak pawòl Li yo nan kè nou—“pou nou pa bliye Senyè a”? (Detewonòm 6:12). Nan ki fason lè nou sonje Senyè a sa ap fè nou santi rekonesans nan tout sikonstans nan lavi nou? Pandan w ap prepare w pou ansenye a, konsidere repase Detewonòm 12:6-9,12 ak Lik 17:11-19. Ou ta ka repase mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la tou “Rekonesans nan Nenpòt Sikonstans” (Liahona, Me 2014, 70–77).

Imaj
yon jènfi ki ap etidye

Sonje Senyè a ka ede nou santi rekonesans nan tout sikonstans lavi a.

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou sonje Senyè a, ou ta ka envite jèn yo pou yo pataje eksperyans kote yo te bliye yon bagay enpòtan. Sa k te pase lè sa a? Kisa k pase lè nou bliye gwo bagay Senyè a fè pou nou? Envite klas oubyen kowòm ou an pou yo repase Detewonòm 6:4-9, 20-25. Kisa vèsè sa yo anseye sou enpòtans pou n gen pawòl Bondye a nan lavi nou? Chwazi youn oubyen plis nan aktivite sa yo pou ede moun w ap ansenye yo aprann kijan pou yo santi yo pi rekonesans pou bonte Bondye ak eksprime rekonesans yo pou Li.

  • Li Lik 17:11-19 ansanm ka ede jèn yo reflechi sou rezon k fè l enpòtan pou nou montre Bondye gratitid nou. Panse pou w poze kesyon ki ap ede yo konekte istwa sa a avèk lavi yo. Pa egzanp, ki rezon posib ki te fè nèf nan dis lepre yo pa t di Sovè a mèsi. Poukisa pafwa nou pa eksprime rekonesans a Bondye? Mande moun w ap ansenye yo pou yo reflechi sou moman kote yo te santi yo rekonesan, menm lè sa te difisil. Ki efè èksprime rekonesans fè sou nou? Poukisa l enpòtan pou nou eksprime remèsiman nou bay Bondye? (Gade referans ekriti nan “Resous pou Sipò” a pou kèk repons.) Kisa nou ka fè pou nou montre rekonesans pou Bondye?

  • Gen plizyè kantik adorasyon ak rekonesans, tankou “Seigneur, Mon Dieu” ak “Compte Les Bienfaits” (Cantiques, nos. 86, 241). Ou ta ka mande jèn yo pou yo li pawòl kantik sa yo epi chèche pou ki bagay yo santi yo rekonesan. Envite yo pou yo pataje bagay yo te aprann yo epi eksplike poukisa yo rekonesan pou yo. Nou ta kapab chante kèk ladan yo ansanm.

  • Mesaj Prezidan Dieter F. Ucthdorf la “Rekonesan nan Nenpòt Sikonstans” ede nou konprann kijan pou nou pi rekonesan. Yon fason pou ede jèn yo aprann de mesaj sa a se pou nou divize yo an ti gwoup piti epi bay chak gwoup yon seksyon mesaj la. Mande yo pou yo pataje yon fraz ke yo santi ki rezime sa Prezidan Uchtdorf te ansenye a. Envite yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann konsènan rekonesans. Yo ta ka gade videyo “Prezidan Russell M. Nelson sou pouvwa gerizon rekonesans” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou ka fè pou nou vin pi “rekonesan nan nenpòt sikonstans” kèlkeswa sa yo ye a? Ki egzanp nou te wè de moun ki te rekonesan malgre sikonstans difisil yo te ye?

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo resevwa yo jodia? Si yo vle, yo ka pataje ide yo. Envite yo reflechi sou jan relasyon yo ak Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap fòtifye lè yo aji sou enpresyon yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te konnen moun ki t ap suiv Li yo ak kiyès yo t ap vin ye. Konesans sa a te enfliyanse jan L te ansenye yo. Kijan w ka aprann sou enterè, bezwen, ak pwoblèm moun w ap ansenye yo pou ou ka ansenye yo pi byen?