Doktrin ak Alyans 2021
13 Jen. Kijan M Ka Reziste Anba Pònografi? Doktrin ak Alyans 63


“13 Jen. Kijan M Ka Reziste Anba Pònografi? Doktrin ak Alyans 63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021 (2020)

“13 Jen. Kijan M Ka Reziste Anba Pònografi?” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2021

Imaj
yon jènfi ki kenbe yon telefòn

13 Jen

Kijan M Ka Reziste Anba Pònografi?

Doktrin ak Alyans 63

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa manm klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete Tèm Kowòm Prètriz Aawon an oubyen Tèm Jènfi yo ansanm. Apre sa, dirije yon diskisyon sou bagay tankou sa w pral wè la a yo, epi planifye fason pou aplike sa w diskite yo (ou ka deside nan yon reyinyon prezidans sou ki sijè pou n diskite:)

  • Kowòm nou an oswa klas nou an. Ki aktivite nou te genyen resamman? Èske yo te reyisi? Kisa ki te pase byen, epi kijan nou ka amelyore yo?

  • Devwa nou yo oswa responsablite nou yo. Kiyès ki bezwen sèvis nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Lavi nou. Sou ki objektif n ap travay endividyèlman? Ki eksperyans nou ka pataje? Ki benediksyon nou te resevwa?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oswa klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt diran reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oswa yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Manm kowòm nan oswa klas la kapab te etidye Doktrin ak Alyans 63 semèn sa a epi li avètisman Senyè a konsènan danje konvwatiz—yon avètisman Li te bay plizyè fwa (gade nan Doktrin ak Alyans 63:13–16; Matye 5:27–28; 3 Nefi 12:27–30). Pandan ke avètisman sa yo aplike a moun nan tout epòk, yo aplike nan yon fason ki pi ijan a epòk pa nou an, kote pònografi se yo fleyo ki gaye toupatou. Ki danje ak presyon anrapò avèk pònografi manm kowòm ou an oswa klas ou a ta kapab afwonte? Ki prensip levanjil ak mezi prevantiv ki kapab ede yo pou yo gen panse ak aksyon ki pwòp?

Pandan w ap prepare w pou anseye, anvizaje revize “Divètisman ak Medya” ak “Pite Seksyèl” nan Pou Fòs Jèn yo ([2011], 11–13, 35–37) ak Que la vertu orne sans cesse tes pensées (livrè, 2006).

Imaj
jènjan nan yon klas

Manm kowòm nan oswa klas la kapab òganize yo pou youn fòtifye lòt nan reziste anba pònografi.

Aprann ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou pònografi, ou ta kapab envite manm kowòm nan oswa klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 63:13–16 epi pou yo diskite sou ide nan vèsè sa yo ki kapab ede yo konprann poukisa pònografi danjere konsa. Pou ede manm kowòm nan oswa klas la konprann kijan pou yo reziste anba pònografi, itilize youn ou plizyè nan aktivite sa yo. Nan fen diskisyon an, ou kapab santi w pouse pou diskite kijan evèk la kapab ede moun ki enplike nan pònograpfi yo (gade nan Pou Fòs Jèn yo, 12, 37).

  • Manm kowòm nan oswa klas la kapab gen kesyon sou reziste anba pònografi. Pou ede yo jwenn repons, ou ta kapab ekri kesyon sa yo sou tablo a: Kisa pònografi ye? Poukisa li enpòtan? Kijan nou ka kanpe lwen tantasyon pònografi? Pou ede manm kowòm nan oswa klas la jwenn repons pou de premye kesyon yo, mande yo pou yo revize “Pònografi” nan Ankre nan Lafwa (paj 117–18) ak “Divètisman ak Medya” ak “Pite Seksyèl” nan Pou Fòs Jèn yo (paj 11–13, 35–37). Pou ede yo jwenn repons pou twazyèm kesyon an, mande yo pou yo repase Jenèz 39:1–12; Women 12:21; 2 Timote 2:22; Alma 39:3–9; Mowoni 10:30; Doktrin ak Alyans 27:15–18; 121:45–46. Envite yo pataje repons yo jwenn yo.

  • Pou ede manm kowòm nan oswa klas la dekouvri fason pou yo reziste anba pònografi, ou ta kapab fè yo revize mesaj Èldè Jeffrey R. Holland “Plus de place à l’ennemi de mon âme” nan (Liahona, Me 2010, 44–46) ak mesaj Sè Linda S. Reeves la “Pwoteksyon anba pònografi—yon fwaye santre sou Kris la” (Lyawona, Me 2014, 15–17). Yo ta kapab imajine ke yo ap pale avèk pitit gason oswa pitit fi y ap genyen nan lefiti a sou rezon ki fè pònografi destriktè konsa ak kijan pou yo evite li. Ki enfòmasyon nan mesaj konferans yo t ap revize a yo t ap pataje? Envite yo pou yo fòme gwoup de moun pou yo ka pataje repons yo jwenn yo. Mande yo tou pou yo ekri sa yo pral fè pou evite pònografi.

  • Envite moun w ap anseye yo pou yo li 1 Korentyen 10:13 ak Alma 13:28. Mande yo pou yo di ki rapò yo panse ki genyen ant ekriti sa yo e pwoblèm nou genyen avèk reziste anba pònografi jodi a. Ou ta kapab mande yo tou pou yo imajine ke yo gen yon zanmi ki te lite avèk pònografi e ki vle repanti. Kisa yo jwenn ki ta kapab ede zanmi yo a nan ekriti ki nan “Resous pou Sipò” yo ak nan paj 1–4 ti liv ki rele Que la vertu orne sans cesse tes pensées a. Kisa ki ta kapab ede zanmi yo a konprann ke evèk la kapab ede l? (gade nan Pou Fòs Jèn yo, 12, 37).

Aji avèk lafwa.

Ankouraje manm kowòm nan oswa manm klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a. Ki rapò ki genyen ant leson jodi a ak bi pèsonèl yo te fikse yo? Si yo vle, manm kowòm nan oswa klas la ta kapab pataje ide yo.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Lè w anseye jan Sovè a te konn anseye a, manm kowòm nan oswa klas la ap kite plas nan kè yo pou ti grenn levanjil la kapab plante ladan l, pou l gwosi, epi pou l grandi. Kisa w ka fè pou ede yo itilize ekriti yo pou yo konprann pouvwa ak bote viv yon lavi ki gen vèti.